|
================================================================================ ---- Deuteronomy 13:1---- Deu 13:1 Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:1 "If a prophet or a dreamer of dreams arises among you and gives you a sign or a wonder,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:2---- Deu 13:2 si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:2 and the sign or the wonder comes true, concerning which he spoke to you, saying, 'Let us go after other gods (whom you have not known) and let us serve them,'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:3---- Deu 13:3 nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:3 you shall not listen to the words of that prophet or that dreamer of dreams; for the Lord your God is testing you to find out if you love the Lord your God with all your heart and with all your soul.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:4---- Deu 13:4 Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:4 You shall follow the Lord your God and fear Him; and you shall keep His commandments, listen to His voice, serve Him, and cling to Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:5---- Deu 13:5 Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:5 But that prophet or that dreamer of dreams shall be put to death, because he has counseled rebellion against the Lord your God who brought you from the land of Egypt and redeemed you from the house of slavery, to seduce you from the way in which the Lord your God commanded you to walk. So you shall purge the evil from among you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:6---- Deu 13:6 Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:6 "If your brother, your mother's son, or your son or daughter, or the wife you cherish, or your friend who is as your own soul, entice you secretly, saying, 'Let us go and serve other gods' (whom neither you nor your fathers have known,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:7---- Deu 13:7 yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:7 of the gods of the peoples who are around you, near you or far from you, from one end of the earth to the other end),(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:8---- Deu 13:8 pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:8 you shall not yield to him or listen to him; and your eye shall not pity him, nor shall you spare or conceal him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:9---- Deu 13:9 Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:9 But you shall surely kill him; your hand shall be first against him to put him to death, and afterwards the hand of all the people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:10---- Deu 13:10 N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:10 So you shall stone him to death because he has sought to seduce you from the Lord your God who brought you out from the land of Egypt, out of the house of slavery.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:11---- Deu 13:11 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:11 Then all Israel will hear and be afraid, and will never again do such a wicked thing among you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:12---- Deu 13:12 Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:12 "If you hear in one of your cities, which the Lord your God is giving you to live in, anyone saying that(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:13---- Deu 13:13 gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:13 some worthless men have gone out from among you and have seduced the inhabitants of their city, saying, 'Let us go and serve other gods' (whom you have not known),(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:14---- Deu 13:14 se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:14 then you shall investigate and search out and inquire thoroughly. If it is true and the matter established that this abomination has been done among you,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:15---- Deu 13:15 se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:15 you shall surely strike the inhabitants of that city with the edge of the sword, utterly destroying it and all that is in it and its cattle with the edge of the sword.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:16---- Deu 13:16 N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:16 Then you shall gather all its booty into the middle of its open square and burn the city and all its booty with fire as a whole burnt offering to the Lord your God; and it shall be a ruin forever. It shall never be rebuilt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:17---- Deu 13:17 Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:17 Nothing from that which is put under the ban shall cling to your hand, in order that the Lord may turn from His burning anger and show mercy to you, and have compassion on you and make you increase, just as He has sworn to your fathers,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 13:18---- Deu 13:18 Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 13:18 if you will listen to the voice of the Lord your God, keeping all His commandments which I am commanding you today, and doing what is right in the sight of the Lord your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 14:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0166_05_Deuteronomy_13_ht-en.html 0162_05_Deuteronomy_09_ht-en.html 0163_05_Deuteronomy_10_ht-en.html 0164_05_Deuteronomy_11_ht-en.html 0165_05_Deuteronomy_12_ht-en.html 0167_05_Deuteronomy_14_ht-en.html 0168_05_Deuteronomy_15_ht-en.html 0169_05_Deuteronomy_16_ht-en.html 0170_05_Deuteronomy_17_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|