Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Ki 6:33 While he was still talking with them, behold, the messenger came down to him and he said, "Behold, this evil is from the Lord; why should I wait for the Lord any longer?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:1 ---- written 550 B.C.----
2Ki 7:1 Elize reponn li: --Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:1 Then Elisha said, "Listen to the word of the Lord; thus says the Lord, 'Tomorrow about this time a measure of fine flour will be sold for a shekel, and two measures of barley for a shekel, in the gate of Samaria.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:2----
2Ki 7:2 Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': --Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: --Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:2 The royal officer on whose hand the king was leaning answered the man of God and said, "Behold, if the Lord should make windows in heaven, could this thing be?" Then he said, "Behold, you will see it with your own eyes, but you will not eat of it."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:3----
2Ki 7:3 Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: --Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:3 Now there were four leprous men at the entrance of the gate; and they said to one another, "Why do we sit here until we die?(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:4----
2Ki 7:4 Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:4 If we say, 'We will enter the city,' then the famine is in the city and we will die there; and if we sit here, we die also. Now therefore come, and let us go over to the camp of the Arameans. If they spare us, we will live; and if they kill us, we will but die."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:5----
2Ki 7:5 Se konsa, solèy te fèk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pesonn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:5 They arose at twilight to go to the camp of the Arameans; when they came to the outskirts of the camp of the Arameans, behold, there was no one there.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:6----
2Ki 7:6 Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:6 For the Lord had caused the army of the Arameans to hear a sound of chariots and a sound of horses, even the sound of a great army, so that they said to one another, "Behold, the king of Israel has hired against us the kings of the Hittites and the kings of the Egyptians, to come upon us."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:7----
2Ki 7:7 Se konsa, solèy te fèk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l' te ye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:7 Therefore they arose and fled in the twilight, and left their tents and their horses and their donkeys, even the camp just as it was, and fled for their life.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:8----
2Ki 7:8 Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo soti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:8 When these lepers came to the outskirts of the camp, they entered one tent and ate and drank, and carried from there silver and gold and clothes, and went and hid them; and they returned and entered another tent and carried from there also, and went and hid them.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:9----
2Ki 7:9 Men lè sa a, yonn di lòt konsa: --Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:9 Then they said to one another, "We are not doing right. This day is a day of good news, but we are keeping silent; if we wait until morning light, punishment will overtake us. Now therefore come, let us go and tell the king's household."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:10----
2Ki 7:10 Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: --Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:10 So they came and called to the gatekeepers of the city, and they told them, saying, "We came to the camp of the Arameans, and behold, there was no one there, nor the voice of man, only the horses tied and the donkeys tied, and the tents just as they were."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:11----
2Ki 7:11 Faksyonnè ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la bay nouvèl la byen fò. Konsa, nouvèl la gaye jouk li rive anndan palè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:11 The gatekeepers called and told it within the king's household.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:12----
2Ki 7:12 Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: --Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:12 Then the king arose in the night and said to his servants, "I will now tell you what the Arameans have done to us. They know that we are hungry; therefore they have gone from the camp to hide themselves in the field, saying, 'When they come out of the city, we will capture them alive and get into the city.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:13----
2Ki 7:13 Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: --Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:13 One of his servants said, "Please, let some men take five of the horses which remain, which are left in the city. Behold, they will be in any case like all the multitude of Israel who are left in it; behold, they will be in any case like all the multitude of Israel who have already perished, so let us send and see."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:14----
2Ki 7:14 Se konsa yo chwazi kèk moun, wa a voye yo ak de cha lagè pou y' al wè sa ki rive nan kan lame peyi Siri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:14 They took therefore two chariots with horses, and the king sent after the army of the Arameans, saying, "Go and see."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:15----
2Ki 7:15 Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:15 They went after them to the Jordan, and behold, all the way was full of clothes and equipment which the Arameans had thrown away in their haste. Then the messengers returned and told the king.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:16----
2Ki 7:16 Menm lè a, pèp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyè a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:16 So the people went out and plundered the camp of the Arameans. Then a measure of fine flour was sold for a shekel and two measures of barley for a shekel, according to the word of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:17----
2Ki 7:17 Men, wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l' anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lè wa a te vin wè l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:17 Now the king appointed the royal officer on whose hand he leaned to have charge of the gate; but the people trampled on him at the gate, and he died just as the man of God had said, who spoke when the king came down to him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:18----
2Ki 7:18 Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:18 It happened just as the man of God had spoken to the king, saying, "Two measures of barley for a shekel and a measure of fine flour for a shekel, will be sold tomorrow about this time at the gate of Samaria."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:19----
2Ki 7:19 Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:19 Then the royal officer answered the man of God and said, "Now behold, if the Lord should make windows in heaven, could such a thing be?" And he said, "Behold, you will see it with your own eyes, but you will not eat of it."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 7:20----
2Ki 7:20 Se sa menm ki rive l'. Li mouri pilonnen anba pye pèp la lè y'ap pase nan pòtay lavil la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 7:20 And so it happened to him, for the people trampled on him at the gate and he died.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 8:1 ---- written 550 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0320_12_2_Kings_07_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0316_12_2_Kings_03_ht-en.html
0317_12_2_Kings_04_ht-en.html
0318_12_2_Kings_05_ht-en.html
0319_12_2_Kings_06_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0321_12_2_Kings_08_ht-en.html
0322_12_2_Kings_09_ht-en.html
0323_12_2_Kings_10_ht-en.html
0324_12_2_Kings_11_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."