|
================================================================================ ---- Ezekiel 40:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 40:1 Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen. Li pran m', li mennen m' ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:1 In the twenty-fifth year of our exile, at the beginning of the year, on the tenth of the month, in the fourteenth year after the city was taken, on that same day the hand of the Lord was upon me and He brought me there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:2---- Eze 40:2 Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m' nan peyi Izrayèl la. Li mete m' kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m' sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:2 In the visions of God He brought me into the land of Israel and set me on a very high mountain, and on it to the south there was a structure like a city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:3---- Eze 40:3 Li fè m' pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l' yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:3 So He brought me there; and behold, there was a man whose appearance was like the appearance of bronze, with a line of flax and a measuring rod in his hand; and he was standing in the gateway.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:4---- Eze 40:4 Nonm lan di m' konsa: -Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:4 The man said to me, "Son of man, see with your eyes, hear with your ears, and give attention to all that I am going to show you; for you have been brought here in order to show it to you. Declare to the house of Israel all that you see."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:5---- Eze 40:5 Sa m' te wè a se te tanp lan. Te gen yon gwo miray ki te fè wonn li nèt. Nonm lan te gen nan men l' yon règ pou mezire ki te gen dis pye longè. Li mezire miray la. Miray la te gen dis pye wotè, dis pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:5 And behold, there was a wall on the outside of the temple all around, and in the man's hand was a measuring rod of six cubits, each of which was a cubit and a handbreadth. So he measured the thickness of the wall, one rod; and the height, one rod.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:6---- Eze 40:6 Apre sa, li ale nan pòtay ki bay sou solèy leve a. Li moute mach eskalye yo. Lè li rive anwo, li mezire papòt pòtay la. Li jwenn dis pye fondè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:6 Then he went to the gate which faced east, went up its steps and measured the threshold of the gate, one rod in width; and the other threshold was one rod in width.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:7---- Eze 40:7 Apre pòtay la, te gen yon gwo koridò avèk sis chanm pou gad yo, twa chak bò. Chak chanm yo te kare kare, dis pye lajè, dis pye longè. Miray ki te separe chanm yo te gen wit pye lajè. Apre chanm yo, koridò a lonje sou dis pye ankò, li te mennen nan yon gwo pyès ki te bay sou Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:7 The guardroom was one rod long and one rod wide; and there were five cubits between the guardrooms. And the threshold of the gate by the porch of the gate facing inward was one rod.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:8---- Eze 40:8 Li mezire gwo pyès chanm sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:8 Then he measured the porch of the gate facing inward, one rod.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:9---- Eze 40:9 Li jwenn li te gen katòz pye longè. Chanm sa a te nan bout koridò a ki te pi pre Tanp lan. Miray la te gen kat pye lajè nan bout sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:9 He measured the porch of the gate, eight cubits; and its side pillars, two cubits. And the porch of the gate was faced inward.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:10---- Eze 40:10 Te gen twa chanm gad chak bò koridò ki bay sou solèy leve a. Tout chanm yo te menm fòs. Miray ki te separe pyès yo yo yonn ak lòt te gen menm lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:10 The guardrooms of the gate toward the east numbered three on each side; the three of them had the same measurement. The side pillars also had the same measurement on each side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:11---- Eze 40:11 Apre sa, nonm lan mezire longè koridò a anba pòtay la. Li jwenn sèz pye. Li mezire lajè koridò a, li jwenn vennde pye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:11 And he measured the width of the gateway, ten cubits, and the length of the gate, thirteen cubits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:12---- Eze 40:12 Devan chak chanm gad yo, te gen yon ti mi tou ba ki te gen vin pous wotè, vin pous lajè. Chanm yo menm te kare kare anndan, dis pye longè, dis pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:12 There was a barrier wall one cubit wide in front of the guardrooms on each side; and the guardrooms were six cubits square on each side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:13---- Eze 40:13 Lèfini, li mezire distans ant miray dèyè yon chanm ale nan miray dèyè chanm ki anfas li lòt bò koridò a, li jwenn karannde pye. Pòt chanm yo te bay fas pou fas.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:13 He measured the gate from the roof of the one guardroom to the roof of the other, a width of twenty-five cubits from one door to the door opposite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:14---- Eze 40:14 Gwo chanm ki te nan bout koridò a te louvri sou yon lakou. Li mezire lajè chanm lan, li jwenn trannkat pye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:14 He made the side pillars sixty cubits high; the gate extended round about to the side pillar of the courtyard.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:15---- Eze 40:15 Li mezire longè koridò a, depi miray pòtay la sou deyò rive nan bout dènye gwo chanm lan, li jwenn katrevenkat pye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:15 From the front of the entrance gate to the front of the inner porch of the gate was fifty cubits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:16---- Eze 40:16 Te gen fennèt ak griyaj nan mi ki bay sou deyò chak chanm yo, ak nan mi ki separe chanm yo. Yo te fè pòtre pye palmis sou fasad miray separasyon yo ki bay sou koridò a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:16 There were shuttered windows looking toward the guardrooms, and toward their side pillars within the gate all around, and likewise for the porches. And there were windows all around inside; and on each side pillar were palm tree ornaments.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:17---- Eze 40:17 Nonm lan fè m' pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:17 Then he brought me into the outer court, and behold, there were chambers and a pavement made for the court all around; thirty chambers faced the pavement.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:18---- Eze 40:18 Gwo lakou a te pi ba pase ti lakou anndan an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:18 The pavement (that is, the lower pavement) was by the side of the gates, corresponding to the length of the gates.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:19---- Eze 40:19 Te gen yon pòtay yon ti jan pi wo ki bay sou lakou anndan an. Nonm lan mezire depi sou pòtay deyò a rive nan pòtay anndan an. Li jwenn sanswasantwit pye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:19 Then he measured the width from the front of the lower gate to the front of the exterior of the inner court, a hundred cubits on the east and on the north.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:20---- Eze 40:20 Lèfini, nonm lan al mezire pòtay kote ou pase antre nan gwo lakou a lè ou soti sou bò nò. Li pran longè l' ak lajè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:20 As for the gate of the outer court which faced the north, he measured its length and its width.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:21---- Eze 40:21 Twa chanm gad yo ki sou chak bò koridò a, miray ki separe yo a, ak dènye gwo chanm ki bay sou anndan an, yo tout te gen menm mezi ak sa li te jwenn pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Koridò mitan an te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:21 It had three guardrooms on each side; and its side pillars and its porches had the same measurement as the first gate. Its length was fifty cubits and the width twenty-five cubits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:22---- Eze 40:22 Dènye gwo chanm lan, fennèt yo, ak pòtre pye palmis te tankou sa li jwenn pou pòtay bò solèy leve a. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay nò a. Gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:22 Its windows and its porches and its palm tree ornaments had the same measurements as the gate which faced toward the east; and it was reached by seven steps, and its porch was in front of them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:23---- Eze 40:23 Lòt bò gwo lakou a, devan koridò nò a, te gen yon lòt pòtay ki bay sou ti lakou anndan an, menm jan ak sou bò solèy leve a. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:23 The inner court had a gate opposite the gate on the north as well as the gate on the east; and he measured a hundred cubits from gate to gate.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:24---- Eze 40:24 Apre sa, nonm lan mennen m' sou bò sid la. La tou, mwen wè yon lòt pòtay pou antre nan gwo lakou a. Li mezire l', li te tankou lòt pòtay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:24 Then he led me toward the south, and behold, there was a gate toward the south; and he measured its side pillars and its porches according to those same measurements.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:25---- Eze 40:25 Te gen fennèt nan chanm gad yo, tankou lòt yo. Koridò pasaj la te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:25 The gate and its porches had windows all around like those other windows; the length was fifty cubits and the width twenty-five cubits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:26---- Eze 40:26 Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay la sou deyò. Dènye gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Te gen pòtre pye palmis sou fasad miray ki bay sou koridò a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:26 There were seven steps going up to it, and its porches were in front of them; and it had palm tree ornaments on its side pillars, one on each side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:27---- Eze 40:27 Sou bò sid la tou, te gen yon lòt pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:27 The inner court had a gate toward the south; and he measured from gate to gate toward the south, a hundred cubits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:28---- Eze 40:28 Nonm lan fè m' pase nan pòtay sid la pou m' antre nan ti lakou anndan an. Li mezire koridò a, li te menm fòs ak koridò gwo miray deyò yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:28 Then he brought me to the inner court by the south gate; and he measured the south gate according to those same measurements.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:29---- Eze 40:29 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:29 Its guardrooms also, its side pillars and its porches were according to those same measurements. And the gate and its porches had windows all around; it was fifty cubits long and twenty-five cubits wide.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:30---- Eze 40:30 Chanm gad yo, gwo chanm lan, ak miray li yo te tankou pou lòt koridò yo. Te gen fennèt nan chanm ki bay sou koridò yo tou. Longè koridò a te katrevenkat pye, lajè l' te karannde pye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:30 There were porches all around, twenty-five cubits long and five cubits wide.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:31---- Eze 40:31 Men, gwo chanm lan te nan bout ki bay sou gwo lakou a. Pòtre pye palmis yo te sou tout fasad miray la sou anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:31 Its porches were toward the outer court; and palm tree ornaments were on its side pillars, and its stairway had eight steps.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:32---- Eze 40:32 Apre sa, nonm lan fè m' pase nan pòtay bò solèy leve a pou antre nan ti lakou anndan an. Li mezire pòtay la, li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:32 He brought me into the inner court toward the east. And he measured the gate according to those same measurements.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:33---- Eze 40:33 Chanm gad yo, gwo chanm lan, miray anndan li yo, yo tout te tankou pou lòt pòtay yo. Te gen fennèt toutotou koridò a ak nan gwo chanm lan tou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:33 Its guardrooms also, its side pillars and its porches were according to those same measurements. And the gate and its porches had windows all around; it was fifty cubits long and twenty-five cubits wide.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:34---- Eze 40:34 Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray la anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:34 Its porches were toward the outer court; and palm tree ornaments were on its side pillars, on each side, and its stairway had eight steps.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:35---- Eze 40:35 Lèfini, nonm lan mennen m' bò pòtay nò a. Li mezire l', li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:35 Then he brought me to the north gate; and he measured it according to those same measurements,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:36---- Eze 40:36 Tankou tout lòt yo, li te gen chanm pou gad yo, miray ak pòtre, yon gwo chanm ak fennèt toupatou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:36 with its guardrooms, its side pillars and its porches. And the gate had windows all around; the length was fifty cubits and the width twenty-five cubits.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:37---- Eze 40:37 Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:37 Its side pillars were toward the outer court; and palm tree ornaments were on its side pillars on each side, and its stairway had eight steps.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:38---- Eze 40:38 Nan gwo lakou deyò a te gen yon chanm bò pòtay nò ki mennen nan ti lakou anndan an. Chanm sa a te louvri sou gwo chanm lan ki bay sou gwo lakou a. Se la yo te lave vyann bèt yo te fin touye anvan y' al boule yo nèt sou lotèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:38 A chamber with its doorway was by the side pillars at the gates; there they rinse the burnt offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:39---- Eze 40:39 Nan gwo chanm sa a, te gen kat tab, de sou chak bò pyès la. Se sou tab sa yo yo te touye bèt yo te ofri pou touye pou Bondye, kit pou yo boule l' nèt, kit pou wete peche yon moun fè, kit pou peye pou sa yon moun fè ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:39 In the porch of the gate were two tables on each side, on which to slaughter the burnt offering, the sin offering and the guilt offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:40---- Eze 40:40 Sou deyò pyès la tou te gen lòt tab, de chak bò pòtay Nò a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:40 On the outer side, as one went up to the gateway toward the north, were two tables; and on the other side of the porch of the gate were two tables.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:41---- Eze 40:41 Antou sa te fè wit tab kote pou yo touye bèt yo ofri bay Bondye, kat anndan gwo chanm lan, kat nan gwo lakou deyò a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:41 Four tables were on each side next to the gate; or, eight tables on which they slaughter sacrifices.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:42---- Eze 40:42 Kat tab ki nan chanm sou kote pòtay la, kote yo pare bèt yo ofri pou boule nèt yo, te fèt an gwo moso wòch taye. Yo te gen vin pous wotè. Anwo tab yo te kare kare, trant pous chak bò. Tout zouti ki sèvi pou touye bèt yo ofri bay Bondye kit pou boule nèt, kit pou lòt sèvis, se sou tab sa yo yo te mete yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:42 For the burnt offering there were four tables of hewn stone, a cubit and a half long, a cubit and a half wide and one cubit high, on which they lay the instruments with which they slaughter the burnt offering and the sacrifice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:43---- Eze 40:43 Yo fouye yon ti kannal twa pous lajè kouri sou rebò anwo tab yo. Se anwo tab sa yo yo mete vyann pou yo ofri nan sèvis yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:43 The double hooks, one handbreadth in length, were installed in the house all around; and on the tables was the flesh of the offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:44---- Eze 40:44 Apre sa, li mennen m' antre nan ti lakou anndan an. Te gen de lòt chanm ki bay sou ti lakou anndan an, yonn bò pòtay nò a ak pòt li louvri sou sid, lòt la bò pòtay sid la ak pòt li louvri sou nò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:44 From the outside to the inner gate were chambers for the singers in the inner court, one of which was at the side of the north gate, with its front toward the south, and one at the side of the south gate facing toward the north.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:45---- Eze 40:45 Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:45 He said to me, "This is the chamber which faces toward the south, intended for the priests who keep charge of the temple;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:46---- Eze 40:46 Lòt chanm ki gen pòt li louvri sou nò a, se pou prèt k'ap sèvi sou lotèl la. Tout prèt yo se moun menm fanmi Zadòk la. Nan tout branch fanmi Levi a, se yo menm ase ki te gen dwa antre devan Seyè a pou sèvi l' nan Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:46 but the chamber which faces toward the north is for the priests who keep charge of the altar. These are the sons of Zadok, who from the sons of Levi come near to the Lord to minister to Him."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:47---- Eze 40:47 Nonm lan mezire ti lakou anndan an. Li te kare kare. Chak bò te mezire sanswasantwit pye. Kay la menm te moute sou bò solèy kouche a ak lotèl la devan li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:47 He measured the court, a perfect square, a hundred cubits long and a hundred cubits wide; and the altar was in front of the temple.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:48---- Eze 40:48 Li fè m' antre nan premye pyès Tanp lan. Li mezire papòt chanm devan an, li jwenn li te gen nèf pye pwofondè ak vennkat pye lajè. Miray bò pòtay la te gen senk pye epesè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:48 Then he brought me to the porch of the temple and measured each side pillar of the porch, five cubits on each side; and the width of the gate was three cubits on each side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 40:49---- Eze 40:49 Te gen dis macheskalye pou moute devan pòt premye pyès Tanp lan. Pyès la te mezire vin pye lajè ak trannkat pye fondè. Te gen de gwo poto won, yonn chak bò pòt la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 40:49 The length of the porch was twenty cubits and the width eleven cubits; and at the stairway by which it was ascended were columns belonging to the side pillars, one on each side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 41:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0842_26_Ezekiel_40_ht-en.html 0838_26_Ezekiel_36_ht-en.html 0839_26_Ezekiel_37_ht-en.html 0840_26_Ezekiel_38_ht-en.html 0841_26_Ezekiel_39_ht-en.html 0843_26_Ezekiel_41_ht-en.html 0844_26_Ezekiel_42_ht-en.html 0845_26_Ezekiel_43_ht-en.html 0846_26_Ezekiel_44_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|