|
================================================================================ ---- Daniel 11:1 ---- written 537 B.C. Exilic---- Dan 11:1 Mwen menm tou mwen te kanpe ak li pou ede l', pou soutni l' nan premye lanne rèy wa Dariyis la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:1 "In the first year of Darius the Mede, I arose to be an encouragement and a protection for him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:2---- Dan 11:2 Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:2 And now I will tell you the truth. Behold, three more kings are going to arise in Persia. Then a fourth will gain far more riches than all of them; as soon as he becomes strong through his riches, he will arouse the whole empire against the realm of Greece.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:3---- Dan 11:3 Lè sa a, yon wa vanyan gason va parèt. Li pral gouvènen yon gwo gwo peyi. Epi l'ap fè sa li vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:3 And a mighty king will arise, and he will rule with great authority and do as he pleases.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:4---- Dan 11:4 Men, lè l'a fin chita pouvwa li byen chita, gwo peyi l'ap gouvènen an pral separe fè kat pòsyon. Men, se p'ap pitit li yo ki pral gouvènen nan plas li. Se va kat lòt moun. Men, yo p'ap gen pouvwa li menm li te genyen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:4 But as soon as he has arisen, his kingdom will be broken up and parceled out toward the four points of the compass, though not to his own descendants, nor according to his authority which he wielded, for his sovereignty will be uprooted and given to others besides them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:5---- Dan 11:5 Wa peyi Lejip la pral vin fò anpil. Men, yonn nan jeneral lame li yo pral pi fò pase l'. Li pral gouvènen yon peyi ki pi gran pase pa l' la toujou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:5 "Then the king of the South will grow strong, along with one of his princes who will gain ascendancy over him and obtain dominion; his domain will be a great dominion indeed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:6---- Dan 11:6 Apre kèk lanne, wa peyi Lejip la pral siyen kontra ak wa peyi Siri a. Pitit fi wa peyi Lejip la pral marye ak wa peyi Siri a pou kontra a ka kenbe. Men, kontra a p'ap rete lontan, paske yo pral touye ni li, ni mari l', ni pitit li, ni moun li te mennen avè l' lè sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:6 After some years they will form an alliance, and the daughter of the king of the South will come to the king of the North to carry out a peaceful arrangement. But she will not retain her position of power, nor will he remain with his power, but she will be given up, along with those who brought her in and the one who sired her as well as he who supported her in those times.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:7---- Dan 11:7 Kèk tan apre sa, yonn nan fanmi l' yo va moute wa. Li pral atake lame wa peyi Siri a. L'ap antre nan sitadèl wa a, l'ap goumen avè l'. L'ap soti pi fò pase l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:7 But one of the descendants of her line will arise in his place, and he will come against their army and enter the fortress of the king of the North, and he will deal with them and display great strength.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:8---- Dan 11:8 L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:8 Also their gods with their metal images and their precious vessels of silver and gold he will take into captivity to Egypt, and he on his part will refrain from attacking the king of the North for some years.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:9---- Dan 11:9 Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:9 Then the latter will enter the realm of the king of the South, but will return to his own land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:10---- Dan 11:10 Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y' al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fwontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:10 "His sons will mobilize and assemble a multitude of great forces; and one of them will keep on coming and overflow and pass through, that he may again wage war up to his very fortress.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:11---- Dan 11:11 Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou li al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:11 The king of the South will be enraged and go forth and fight with the king of the North. Then the latter will raise a great multitude, but that multitude will be given into the hand of the former.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:12---- Dan 11:12 L'ap kraze gwo lame wa Siri a. Li pral gonfle lestonmak li, l'ap fè touye anpil sòlda. Men, apre sa, l'ap pèdi fòs li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:12 When the multitude is carried away, his heart will be lifted up, and he will cause tens of thousands to fall; yet he will not prevail.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:13---- Dan 11:13 Wa peyi Siri a ap tounen ankò, l'ap sanble yon lame pi gwo pase sa l' te gen anvan an. Apre kèk lanne, l'ap parèt ak yon gwo lame ak anpil zam.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:13 For the king of the North will again raise a greater multitude than the former, and after an interval of some years he will press on with a great army and much equipment.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:14---- Dan 11:14 Lè sa a, anpil pèp pral leve kont wa peyi Lejip la. Danyèl, jan ou te wè l' nan vizyon an, kèk lwijanboje nan moun peyi ou la pral leve kont wa a tou, men y'ap kraze yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:14 "Now in those times many will rise up against the king of the South; the violent ones among your people will also lift themselves up in order to fulfill the vision, but they will fall down.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:15---- Dan 11:15 Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l'. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l'. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:15 Then the king of the North will come, cast up a siege ramp and capture a well-fortified city; and the forces of the South will not stand their ground, not even their choicest troops, for there will be no strength to make a stand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:16---- Dan 11:16 Lame peyi Siri a pral fè sa li vle ak peyi Lejip. Pesonn p'ap ka kenbe tèt avè l'. L'ap rete kèk tan nan pi bèl peyi ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:16 But he who comes against him will do as he pleases, and no one will be able to withstand him; he will also stay for a time in the Beautiful Land, with destruction in his hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:17---- Dan 11:17 Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l' pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l'. Pou l' ka pran l' pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:17 He will set his face to come with the power of his whole kingdom, bringing with him a proposal of peace which he will put into effect; he will also give him the daughter of women to ruin it. But she will not take a stand for him or be on his side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:18---- Dan 11:18 Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l' sou kous li. L'ap fè l' sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:18 Then he will turn his face to the coastlands and capture many. But a commander will put a stop to his scorn against him; moreover, he will repay him for his scorn.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:19---- Dan 11:19 Wa a ap tounen nan fò ki nan peyi pa l' yo. Men, wè pa wè, y'ap kraze l', y'ap fini nèt avè l', l'ap disparèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:19 So he will turn his face toward the fortresses of his own land, but he will stumble and fall and be found no more.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:20---- Dan 11:20 Apre li, ap gen yon lòt wa k'ap voye yon chèf pou peze pèp la. L'ap egzije pèp la peye taks pou yo plen kès wa a. Anvan lontan y'ap touye wa a, men se p'ap bagay k'ap rive ni an piblik ni nan lagè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:20 "Then in his place one will arise who will send an oppressor through the Jewel of his kingdom; yet within a few days he will be shattered, though not in anger nor in battle.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:21---- Dan 11:21 Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:21 In his place a despicable person will arise, on whom the honor of kingship has not been conferred, but he will come in a time of tranquility and seize the kingdom by intrigue.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:22---- Dan 11:22 Tout moun ki konprann pou yo kenbe tèt ak li, l'ap kraze yo, l'ap disparèt yo. L'ap disparèt ata chèf kontra a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:22 The overflowing forces will be flooded away before him and shattered, and also the prince of the covenant.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:23---- Dan 11:23 L'ap siyen kontra ak lòt nasyon yo, men se pou l' ka twonpe yo pi byen. Atout peyi l' la tou piti, chak jou l'ap vin pi fò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:23 After an alliance is made with him he will practice deception, and he will go up and gain power with a small force of people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:24---- Dan 11:24 San bay ankenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l', ni pesonn nan zansèt li yo pa t' janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l' yo. L'ap fè plan pou l' atake gwo fò yo, men li p'ap gen tan fè sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:24 In a time of tranquility he will enter the richest parts of the realm, and he will accomplish what his fathers never did, nor his ancestors; he will distribute plunder, booty and possessions among them, and he will devise his schemes against strongholds, but only for a time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:25---- Dan 11:25 L'ap leve, l'ap pare yon gwo lame pou l' atake peyi Lejip. Wa Lejip la menm ap pare yon gwo lame tou ak anpil zam pou koresponn ak li. Men, l'ap pèdi batay la paske y'ap fè move konplo sou do l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:25 He will stir up his strength and courage against the king of the South with a large army; so the king of the South will mobilize an extremely large and mighty army for war; but he will not stand, for schemes will be devised against him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:26---- Dan 11:26 Zanmi ki t'ap manje sou menm tab avè l' yo ap fè yo fini avè l'. Anpil nan sòlda li yo pral mouri. Y'ap kraze lame li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:26 Those who eat his choice food will destroy him, and his army will overflow, but many will fall down slain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:27---- Dan 11:27 Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:27 As for both kings, their hearts will be intent on evil, and they will speak lies to each other at the same table; but it will not succeed, for the end is still to come at the appointed time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:28---- Dan 11:28 Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:28 Then he will return to his land with much plunder; but his heart will be set against the holy covenant, and he will take action and then return to his own land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:29---- Dan 11:29 Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:29 "At the appointed time he will return and come into the South, but this last time it will not turn out the way it did before.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:30---- Dan 11:30 Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:30 For ships of Kittim will come against him; therefore he will be disheartened and will return and become enraged at the holy covenant and take action; so he will come back and show regard for those who forsake the holy covenant.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:31---- Dan 11:31 L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:31 Forces from him will arise, desecrate the sanctuary fortress, and do away with the regular sacrifice. And they will set up the abomination of desolation.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:32---- Dan 11:32 Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:32 By smooth words he will turn to godlessness those who act wickedly toward the covenant, but the people who know their God will display strength and take action.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:33---- Dan 11:33 Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:33 Those who have insight among the people will give understanding to the many; yet they will fall by sword and by flame, by captivity and by plunder for many days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:34---- Dan 11:34 Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:34 Now when they fall they will be granted a little help, and many will join with them in hypocrisy.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:35---- Dan 11:35 Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:35 Some of those who have insight will fall, in order to refine, purge and make them pure until the end time; because it is still to come at the appointed time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:36---- Dan 11:36 Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:36 "Then the king will do as he pleases, and he will exalt and magnify himself above every god and will speak monstrous things against the God of gods; and he will prosper until the indignation is finished, for that which is decreed will be done.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:37---- Dan 11:37 Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:37 He will show no regard for the gods of his fathers or for the desire of women, nor will he show regard for any other god; for he will magnify himself above them all.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:38---- Dan 11:38 Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:38 But instead he will honor a god of fortresses, a god whom his fathers did not know; he will honor him with gold, silver, costly stones and treasures.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:39---- Dan 11:39 Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l' chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:39 He will take action against the strongest of fortresses with the help of a foreign god; he will give great honor to those who acknowledge him and will cause them to rule over the many, and will parcel out land for a price.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:40---- Dan 11:40 Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:40 "At the end time the king of the South will collide with him, and the king of the North will storm against him with chariots, with horsemen and with many ships; and he will enter countries, overflow them and pass through.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:41---- Dan 11:41 L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:41 He will also enter the Beautiful Land, and many countries will fall; but these will be rescued out of his hand: Edom, Moab and the foremost of the sons of Ammon.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:42---- Dan 11:42 Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:42 Then he will stretch out his hand against other countries, and the land of Egypt will not escape.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:43---- Dan 11:43 L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:43 But he will gain control over the hidden treasures of gold and silver and over all the precious things of Egypt; and Libyans and Ethiopians will follow at his heels.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:44---- Dan 11:44 Men, l'ap vin tande nouvèl k'ap kouri soti nan nò ak bò solèy leve. L'ap pè, l'ap kase tèt tounen. L'ap debòde, l'ap kraze brize, l'ap masakre anpil moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:44 But rumors from the East and from the North will disturb him, and he will go forth with great wrath to destroy and annihilate many.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 11:45---- Dan 11:45 L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 11:45 He will pitch the tents of his royal pavilion between the seas and the beautiful Holy Mountain; yet he will come to his end, and no one will help him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 12:1 ---- written 537 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0861_27_Daniel_11_ht-en.html 0857_27_Daniel_07_ht-en.html 0858_27_Daniel_08_ht-en.html 0859_27_Daniel_09_ht-en.html 0860_27_Daniel_10_ht-en.html 0862_27_Daniel_12_ht-en.html 0863_28_Hosea_01_ht-en.html 0864_28_Hosea_02_ht-en.html 0865_28_Hosea_03_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|