|
================================================================================ ---- Genesis 34:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- Gen 34:1 Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:1 Now Dinah the daughter of Leah, whom she had borne to Jacob, went out to visit the daughters of the land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:2---- Gen 34:2 Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:2 When Shechem the son of Hamor the Hivite, the prince of the land, saw her, he took her and lay with her by force.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:3---- Gen 34:3 Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:3 He was deeply attracted to Dinah the daughter of Jacob, and he loved the girl and spoke tenderly to her.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:4---- Gen 34:4 Sichèm di Amò, papa l': -Al mande pou fi sa a pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:4 So Shechem spoke to his father Hamor, saying, "Get me this young girl for a wife."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:5---- Gen 34:5 Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dena, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l' yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:5 Now Jacob heard that he had defiled Dinah his daughter; but his sons were with his livestock in the field, so Jacob kept silent until they came in.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:6---- Gen 34:6 Amò, papa Sichèm, ale bò kot Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:6 Then Hamor the father of Shechem went out to Jacob to speak with him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:7---- Gen 34:7 Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l' te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t' dwe fèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:7 Now the sons of Jacob came in from the field when they heard it; and the men were grieved, and they were very angry because he had done a disgraceful thing in Israel by lying with Jacob's daughter, for such a thing ought not to be done.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:8---- Gen 34:8 Amò di yo konsa: -Pitit gason m' lan, Sichèm, fin fou pou fi nou an. Tanpri, kite li marye avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:8 But Hamor spoke with them, saying, "The soul of my son Shechem longs for your daughter; please give her to him in marriage.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:9---- Gen 34:9 Ann pase kontra yonn ak lòt pou nou zanmi. n'a ban nou nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. n'a pran nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:9 Intermarry with us; give your daughters to us and take our daughters for yourselves.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:10---- Gen 34:10 Konsa n'a rete ansanm ak nou nan peyi a. n'a rete kote nou vle, n'a fè kòmès jan nou vle, n'a achte tè nou vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:10 Thus you shall live with us, and the land shall be open before you; live and trade in it and acquire property in it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:11---- Gen 34:11 Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m' favè sa a, tanpri. m'a ban nou tout sa nou vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:11 Shechem also said to her father and to her brothers, "If I find favor in your sight, then I will give whatever you say to me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:12---- Gen 34:12 Di m' kisa pou m' fè nou kado. Nou mèt mande m' nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tout sa n'a mande m'. Men, se pou nou dakò. Kite m' marye ak fi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:12 Ask me ever so much bridal payment and gift, and I will give according as you say to me; but give me the girl in marriage."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:13---- Gen 34:13 Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t'ap pare yon move kou pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:13 But Jacob's sons answered Shechem and his father Hamor with deceit, because he had defiled Dinah their sister.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:14---- Gen 34:14 Yo di yo: -Nou pa ka kite sè nou an marye ak yon nonm ki pa sikonsi. Se va yon avilisman pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:14 They said to them, "We cannot do this thing, to give our sister to one who is uncircumcised, for that would be a disgrace to us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:15---- Gen 34:15 N'ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:15 Only on this condition will we consent to you: if you will become like us, in that every male of you be circumcised,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:16---- Gen 34:16 Lè sa a atò, n'a kite sè nou an marye avè ou. Nou menm tout n'a ka marye ak pitit fi ou yo. n'a rete nan peyi a ansanm ansanm, n'a tounen yon sèl pèp.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:16 then we will give our daughters to you, and we will take your daughters for ourselves, and we will live with you and become one people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:17---- Gen 34:17 Men, si nou pa dakò ak kondisyon sa a, si nou pa vle pou yo sikonsi nou, n'ap pran sè nou an, epi nou pral fè wout nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:17 But if you will not listen to us to be circumcised, then we will take our daughter and go."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:18---- Gen 34:18 Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:18 Now their words seemed reasonable to Hamor and Shechem, Hamor's son.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:19---- Gen 34:19 Se konsa jenn gason an te prese fè sa yo te mande l' fè a, paske li te renmen pitit fi Jakòb la anpil. tout moun kay papa l' te konsidere l' anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:19 The young man did not delay to do the thing, because he was delighted with Jacob's daughter. Now he was more respected than all the household of his father.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:20---- Gen 34:20 Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:20 So Hamor and his son Shechem came to the gate of their city and spoke to the men of their city, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:21---- Gen 34:21 -Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:21 "These men are friendly with us; therefore let them live in the land and trade in it, for behold, the land is large enough for them. Let us take their daughters in marriage, and give our daughters to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:22---- Gen 34:22 Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:22 Only on this condition will the men consent to us to live with us, to become one people: that every male among us be circumcised as they are circumcised.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:23---- Gen 34:23 Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n' asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:23 Will not their livestock and their property and all their animals be ours? Only let us consent to them, and they will live with us."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:24---- Gen 34:24 tout moun ki te reyini bò pòtay lavil la te tonbe dakò ak sa Amò ak Sichèm, pitit li a, te di yo. Se konsa yo sikonsi tout gason ki te la bò pòtay lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:24 All who went out of the gate of his city listened to Hamor and to his son Shechem, and every male was circumcised, all who went out of the gate of his city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:25---- Gen 34:25 Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:25 Now it came about on the third day, when they were in pain, that two of Jacob's sons, Simeon and Levi, Dinah's brothers, each took his sword and came upon the city unawares, and killed every male.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:26---- Gen 34:26 Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, yo pran Dena, yo fè l' kite kay Sichèm lan, y al fè wout yo avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:26 They killed Hamor and his son Shechem with the edge of the sword, and took Dinah from Shechem's house, and went forth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:27---- Gen 34:27 Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:27 Jacob's sons came upon the slain and looted the city, because they had defiled their sister.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:28---- Gen 34:28 Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tout sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:28 They took their flocks and their herds and their donkeys, and that which was in the city and that which was in the field;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:29---- Gen 34:29 Yo pran tout richès ak tout sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:29 and they captured and looted all their wealth and all their little ones and their wives, even all that was in the houses.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:30---- Gen 34:30 Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:30 Then Jacob said to Simeon and Levi, "You have brought trouble on me by making me odious among the inhabitants of the land, among the Canaanites and the Perizzites; and my men being few in number, they will gather together against me and attack me and I will be destroyed, I and my household."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 34:31---- Gen 34:31 Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Gen 34:31 But they said, "Should he treat our sister as a harlot?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Genesis 35:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0034_01_Genesis_34_ht-en.html 0030_01_Genesis_30_ht-en.html 0031_01_Genesis_31_ht-en.html 0032_01_Genesis_32_ht-en.html 0033_01_Genesis_33_ht-en.html 0035_01_Genesis_35_ht-en.html 0036_01_Genesis_36_ht-en.html 0037_01_Genesis_37_ht-en.html 0038_01_Genesis_38_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|