|
================================================================================ ---- Exodus 3:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- Exo 3:1 Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:1 Now Moses was pasturing the flock of Jethro his father-in-law, the priest of Midian; and he led the flock to the west side of the wilderness and came to Horeb, the mountain of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:2---- Exo 3:2 Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:2 The angel of the Lord appeared to him in a blazing fire from the midst of a bush; and he looked, and behold, the bush was burning with fire, yet the bush was not consumed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:3---- Exo 3:3 Lè sa a, Moyiz di nan kè l': -Kite m' pwoche pi pre pou m' wè bagay dwòl sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:3 So Moses said, "I must turn aside now and see this marvelous sight, why the bush is not burned up."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:4---- Exo 3:4 Lè Seyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l' gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l', li di: -Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: -Men mwen wi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:4 When the Lord saw that he turned aside to look, God called to him from the midst of the bush and said, "Moses, Moses!" And he said, "Here I am."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:5---- Exo 3:5 Bondye di: -Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:5 Then He said, "Do not come near here; remove your sandals from your feet, for the place on which you are standing is holy ground."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:6---- Exo 3:6 Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:6 He said also, "I am the God of your father, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob." Then Moses hid his face, for he was afraid to look at God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:7---- Exo 3:7 Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:7 The Lord said, "I have surely seen the affliction of My people who are in Egypt, and have given heed to their cry because of their taskmasters, for I am aware of their sufferings.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:8---- Exo 3:8 Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:8 So I have come down to deliver them from the power of the Egyptians, and to bring them up from that land to a good and spacious land, to a land flowing with milk and honey, to the place of the Canaanite and the Hittite and the Amorite and the Perizzite and the Hivite and the Jebusite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:9---- Exo 3:9 Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:9 Now, behold, the cry of the sons of Israel has come to Me; furthermore, I have seen the oppression with which the Egyptians are oppressing them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:10---- Exo 3:10 Koulye a, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an soti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la soti kite peyi sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:10 Therefore, come now, and I will send you to Pharaoh, so that you may bring My people, the sons of Israel, out of Egypt."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:11---- Exo 3:11 Moyiz di Bondye: -Ki moun mwen ye menm pou m' ta penmèt mwen ale bò kot farawon an pou m' fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:11 But Moses said to God, "Who am I, that I should go to Pharaoh, and that I should bring the sons of Israel out of Egypt?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:12---- Exo 3:12 Bondye di l': -M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la soti kite peyi Lejip, n'a sèvi m' sou mòn sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:12 And He said, "Certainly I will be with you, and this shall be the sign to you that it is I who have sent you: when you have brought the people out of Egypt, you shall worship God at this mountain."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:13---- Exo 3:13 Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:13 Then Moses said to God, "Behold, I am going to the sons of Israel, and I will say to them, 'The God of your fathers has sent me to you.' Now they may say to me, 'What is His name?' What shall I say to them?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:14---- Exo 3:14 Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:14 God said to Moses, "I AM WHO I AM"; and He said, "Thus you shall say to the sons of Israel, 'I AM has sent me to you.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:15---- Exo 3:15 Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:15 God, furthermore, said to Moses, "Thus you shall say to the sons of Israel, 'The Lord, the God of your fathers, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob, has sent me to you.' This is My name forever, and this is My memorial-name to all generations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:16---- Exo 3:16 Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:16 Go and gather the elders of Israel together and say to them, 'The Lord, the God of your fathers, the God of Abraham, Isaac and Jacob, has appeared to me, saying, "I am indeed concerned about you and what has been done to you in Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:17---- Exo 3:17 Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:17 So I said, I will bring you up out of the affliction of Egypt to the land of the Canaanite and the Hittite and the Amorite and the Perizzite and the Hivite and the Jebusite, to a land flowing with milk and honey."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:18---- Exo 3:18 Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:18 They will pay heed to what you say; and you with the elders of Israel will come to the king of Egypt and you will say to him, 'The Lord, the God of the Hebrews, has met with us. So now, please, let us go a three days' journey into the wilderness, that we may sacrifice to the Lord our God.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:19---- Exo 3:19 Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:19 But I know that the king of Egypt will not permit you to go, except under compulsion.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:20---- Exo 3:20 Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:20 So I will stretch out My hand and strike Egypt with all My miracles which I shall do in the midst of it; and after that he will let you go.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:21---- Exo 3:21 m'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap soti san anyen nan men nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:21 I will grant this people favor in the sight of the Egyptians; and it shall be that when you go, you will not go empty-handed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 3:22---- Exo 3:22 Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Exo 3:22 But every woman shall ask of her neighbor and the woman who lives in her house, articles of silver and articles of gold, and clothing; and you will put them on your sons and daughters. Thus you will plunder the Egyptians."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Exodus 4:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0053_02_Exodus_03_ht-en.html 0049_01_Genesis_49_ht-en.html 0050_01_Genesis_50_ht-en.html 0051_02_Exodus_01_ht-en.html 0052_02_Exodus_02_ht-en.html 0054_02_Exodus_04_ht-en.html 0055_02_Exodus_05_ht-en.html 0056_02_Exodus_06_ht-en.html 0057_02_Exodus_07_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|