|
================================================================================ ---- Leviticus 16:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- Lev 16:1 Seyè a pale ak Moyiz apre lanmò de pitit gason Arawon yo ki te mouri lè yo te ofri yon dife ki pa t' bon bay Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:1 Now the Lord spoke to Moses after the death of the two sons of Aaron, when they had approached the presence of the Lord and died.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:2---- Lev 16:2 Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:2 The Lord said to Moses:" Tell your brother Aaron that he shall not enter at any time into the holy place inside the veil, before the mercy seat which is on the ark, or he will die; for I will appear in the cloud over the mercy seat.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:3---- Lev 16:3 Lè l'ap antre nan kote ki apa nèt pou Bondye a, li gen pou l' pote yon jenn ti towo ak yon belye. Ti towo a va sèvi pou mande Bondye padon, epi y'a boule belye a nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:3 Aaron shall enter the holy place with this: with a bull for a sin offering and a ram for a burnt offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:4---- Lev 16:4 Men ki jan pou Arawon abiye lè l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis pou Bondye. L'a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l' ak mouchwa tèt twal fen blan an nan tèt li. L'a lave kò l' nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:4 He shall put on the holy linen tunic, and the linen undergarments shall be next to his body, and he shall be girded with the linen sash and attired with the linen turban (these are holy garments). Then he shall bathe his body in water and put them on.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:5---- Lev 16:5 Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l' nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:5 He shall take from the congregation of the sons of Israel two male goats for a sin offering and one ram for a burnt offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:6---- Lev 16:6 Arawon va ofri ti towo bèf la pou yo touye l' pou wete peche l' yo ak peche fanmi l' yo. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon an pou li ak pou fanmi l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:6 Then Aaron shall offer the bull for the sin offering which is for himself, that he may make atonement for himself and for his household.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:7---- Lev 16:7 Apre sa, l'a pran de bouk kabrit yo, l'a mennen yo devan pòt Tant Randevou a. L'a prezante yo devan lotèl Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:7 He shall take the two goats and present them before the Lord at the doorway of the tent of meeting.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:8---- Lev 16:8 Apre sa, l'a tire osò ak de ti wòch, yonn make: Pou Seyè a, lòt la: Pou Azazèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:8 Aaron shall cast lots for the two goats, one lot for the Lord and the other lot for the scapegoat.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:9---- Lev 16:9 Arawon va touye bouk kabrit ki soti pou Seyè a, l'a ofri l' pou wete peche.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:9 Then Aaron shall offer the goat on which the lot for the Lord fell, and make it a sin offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:10---- Lev 16:10 Men, l'a pran bouk kabrit ki soti pou Azazèl la, y'a prezante l' tou vivan devan Seyè a. Apre sa, lè y'a fin fè sèvis sou li pou wete peche pou pèp la, y'a lage l' nan dezè a pou l al jwenn Azazèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:10 But the goat on which the lot for the scapegoat fell shall be presented alive before the Lord, to make atonement upon it, to send it into the wilderness as the scapegoat.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:11---- Lev 16:11 Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:11 "Then Aaron shall offer the bull of the sin offering which is for himself and make atonement for himself and for his household, and he shall slaughter the bull of the sin offering which is for himself.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:12---- Lev 16:12 Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:12 He shall take a firepan full of coals of fire from upon the altar before the Lord and two handfuls of finely ground sweet incense, and bring it inside the veil.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:13---- Lev 16:13 Rive la, devan lotèl Seyè a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p'ap ka wè l', li p'ap mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:13 He shall put the incense on the fire before the Lord, that the cloud of incense may cover the mercy seat that is on the ark of the testimony, otherwise he will die.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:14---- Lev 16:14 L'a tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l'a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:14 Moreover, he shall take some of the blood of the bull and sprinkle it with his finger on the mercy seat on the east side; also in front of the mercy seat he shall sprinkle some of the blood with his finger seven times.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:15---- Lev 16:15 Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:15 "Then he shall slaughter the goat of the sin offering which is for the people, and bring its blood inside the veil and do with its blood as he did with the blood of the bull, and sprinkle it on the mercy seat and in front of the mercy seat.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:16---- Lev 16:16 Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:16 He shall make atonement for the holy place, because of the impurities of the sons of Israel and because of their transgressions in regard to all their sins; and thus he shall do for the tent of meeting which abides with them in the midst of their impurities.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:17---- Lev 16:17 Depi Arawon antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou l' fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi l' ak pou tout moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:17 When he goes in to make atonement in the holy place, no one shall be in the tent of meeting until he comes out, that he may make atonement for himself and for his household and for all the assembly of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:18---- Lev 16:18 Lèfini, l'a soti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:18 Then he shall go out to the altar that is before the Lord and make atonement for it, and shall take some of the blood of the bull and of the blood of the goat and put it on the horns of the altar on all sides.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:19---- Lev 16:19 Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:19 With his finger he shall sprinkle some of the blood on it seven times and cleanse it, and from the impurities of the sons of Israel consecrate it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:20---- Lev 16:20 Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:20 "When he finishes atoning for the holy place and the tent of meeting and the altar, he shall offer the live goat.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:21---- Lev 16:21 L'a mete tou de men l' yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l' nan dezè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:21 Then Aaron shall lay both of his hands on the head of the live goat, and confess over it all the iniquities of the sons of Israel and all their transgressions in regard to all their sins; and he shall lay them on the head of the goat and send it away into the wilderness by the hand of a man who stands in readiness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:22---- Lev 16:22 Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:22 The goat shall bear on itself all their iniquities to a solitary land; and he shall release the goat in the wilderness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:23---- Lev 16:23 Apre sa, Arawon va antre ankò nan Tant Randevou a. L'a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a kite yo la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:23 "Then Aaron shall come into the tent of meeting and take off the linen garments which he put on when he went into the holy place, and shall leave them there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:24---- Lev 16:24 L'a pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l'a mete lòt rad sou li. Apre sa, l'a soti, l'a ofri bèt pou yo boule nèt yo pou peche pa l' yo ak pou tout peche pèp la. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:24 He shall bathe his body with water in a holy place and put on his clothes, and come forth and offer his burnt offering and the burnt offering of the people and make atonement for himself and for the people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:25---- Lev 16:25 L'a pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:25 Then he shall offer up in smoke the fat of the sin offering on the altar.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:26---- Lev 16:26 Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:26 The one who released the goat as the scapegoat shall wash his clothes and bathe his body with water; then afterward he shall come into the camp.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:27---- Lev 16:27 Y'a pran towo bèf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y'a pote yo ale andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou fè sèvis pou mande padon pou peche.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:27 But the bull of the sin offering and the goat of the sin offering, whose blood was brought in to make atonement in the holy place, shall be taken outside the camp, and they shall burn their hides, their flesh, and their refuse in the fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:28---- Lev 16:28 Moun ki te al boule yo a va gen pou l' lave rad li tou, pou l' benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:28 Then the one who burns them shall wash his clothes and bathe his body with water, then afterward he shall come into the camp.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:29---- Lev 16:29 Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:29 "This shall be a permanent statute for you: in the seventh month, on the tenth day of the month, you shall humble your souls and not do any work, whether the native, or the alien who sojourns among you;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:30---- Lev 16:30 Paske, jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:30 for it is on this day that atonement shall be made for you to cleanse you; you will be clean from all your sins before the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:31---- Lev 16:31 Jou sa a va yon jou espesyal pou nou fè jèn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lòd mwen ban nou, se pou nou toujou fè sèvis sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:31 It is to be a sabbath of solemn rest for you, that you may humble your souls; it is a permanent statute.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:32---- Lev 16:32 Se va reskonsablite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Seyè a nan plas papa l' la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:32 So the priest who is anointed and ordained to serve as priest in his father's place shall make atonement: he shall thus put on the linen garments, the holy garments,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:33---- Lev 16:33 L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:33 and make atonement for the holy sanctuary, and he shall make atonement for the tent of meeting and for the altar. He shall also make atonement for the priests and for all the people of the assembly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 16:34---- Lev 16:34 Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la. Yo te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 16:34 Now you shall have this as a permanent statute, to make atonement for the sons of Israel for all their sins once every year." And just as the Lord had commanded Moses, so he did.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 17:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0106_03_Leviticus_16_ht-en.html 0102_03_Leviticus_12_ht-en.html 0103_03_Leviticus_13_ht-en.html 0104_03_Leviticus_14_ht-en.html 0105_03_Leviticus_15_ht-en.html 0107_03_Leviticus_17_ht-en.html 0108_03_Leviticus_18_ht-en.html 0109_03_Leviticus_19_ht-en.html 0110_03_Leviticus_20_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|