|
================================================================================ ---- Leviticus 22:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- Lev 22:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di li:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:1 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:2---- Lev 22:2 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:2 "Tell Aaron and his sons to be careful with the holy gifts of the sons of Israel, which they dedicate to Me, so as not to profane My holy name; I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:3---- Lev 22:3 W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:3 Say to them, 'If any man among all your descendants throughout your generations approaches the holy gifts which the sons of Israel dedicate to the Lord, while he has an uncleanness, that person shall be cut off from before Me; I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:4---- Lev 22:4 Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:4 No man of the descendants of Aaron, who is a leper or who has a discharge, may eat of the holy gifts until he is clean. And if one touches anything made unclean by a corpse or if a man has a seminal emission,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:5---- Lev 22:5 Ou ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k'ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tèt pa l', prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:5 or if a man touches any teeming things by which he is made unclean, or any man by whom he is made unclean, whatever his uncleanness;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:6---- Lev 22:6 L'a rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:6 a person who touches any such shall be unclean until evening, and shall not eat of the holy gifts unless he has bathed his body in water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:7---- Lev 22:7 Apre solèy kouche, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se lè sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:7 But when the sun sets, he will be clean, and afterward he shall eat of the holy gifts, for it is his food.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:8---- Lev 22:8 Li pa gen dwa manje ni vyann bèt ki mouri mò natirèl, ni vyann bèt bèt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l' nan kondisyon pou li pa kapab fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:8 He shall not eat an animal which dies or is torn by beasts, becoming unclean by it; I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:9---- Lev 22:9 Se pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:9 They shall therefore keep My charge, so that they will not bear sin because of it and die thereby because they profane it; I am the Lord who sanctifies them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:10---- Lev 22:10 Depi yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l' lakay prèt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:10 'No layman, however, is to eat the holy gift; a sojourner with the priest or a hired man shall not eat of the holy gift.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:11---- Lev 22:11 Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l', kit li te fèt lakay li, gen dwa manje nan manje prèt la resevwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:11 But if a priest buys a slave as his property with his money, that one may eat of it, and those who are born in his house may eat of his food.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:12---- Lev 22:12 Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:12 If a priest's daughter is married to a layman, she shall not eat of the offering of the gifts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:13---- Lev 22:13 Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:13 But if a priest's daughter becomes a widow or divorced, and has no child and returns to her father's house as in her youth, she shall eat of her father's food; but no layman shall eat of it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:14---- Lev 22:14 Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmèt sa l' manje a plis ven pou san valè bagay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:14 But if a man eats a holy gift unintentionally, then he shall add to it a fifth of it and shall give the holy gift to the priest.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:15---- Lev 22:15 Prèt yo pa gen dwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:15 They shall not profane the holy gifts of the sons of Israel which they offer to the Lord,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:16---- Lev 22:16 Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:16 and so cause them to bear punishment for guilt by eating their holy gifts; for I am the Lord who sanctifies them.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:17---- Lev 22:17 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:17 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:18---- Lev 22:18 -Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:18 "Speak to Aaron and to his sons and to all the sons of Israel and say to them, 'Any man of the house of Israel or of the aliens in Israel who presents his offering, whether it is any of their votive or any of their freewill offerings, which they present to the Lord for a burnt offering"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:19---- Lev 22:19 se pou l' chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:19 for you to be accepted"it must be a male without defect from the cattle, the sheep, or the goats.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:20---- Lev 22:20 Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:20 Whatever has a defect, you shall not offer, for it will not be accepted for you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:21---- Lev 22:21 Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:21 When a man offers a sacrifice of peace offerings to the Lord to fulfill a special vow or for a freewill offering, of the herd or of the flock, it must be perfect to be accepted; there shall be no defect in it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:22---- Lev 22:22 Piga nou janm ofri bay Seyè a bèt je pete, bèt k'ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen malenng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:22 Those that are blind or fractured or maimed or having a running sore or eczema or scabs, you shall not offer to the Lord, nor make of them an offering by fire on the altar to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:23---- Lev 22:23 Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:23 In respect to an ox or a lamb which has an overgrown or stunted member, you may present it for a freewill offering, but for a vow it will not be accepted.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:24---- Lev 22:24 Pa ofri bay Seyè a yon mal bèt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gen dwa ofri bèt konsa nan peyi nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:24 Also anything with its testicles bruised or crushed or torn or cut, you shall not offer to the Lord, or sacrifice in your land,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:25---- Lev 22:25 Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n' ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p'ap asepte yo nan men nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:25 nor shall you accept any such from the hand of a foreigner for offering as the food of your God; for their corruption is in them, they have a defect, they shall not be accepted for you.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:26---- Lev 22:26 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:26 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:27---- Lev 22:27 -Lè yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l' dèyè manman l' pandan sèt jou. Depi sou wityèm jou a, nou gen dwa ofri l' pou boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:27 "When an ox or a sheep or a goat is born, it shall remain seven days with its mother, and from the eighth day on it shall be accepted as a sacrifice of an offering by fire to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:28---- Lev 22:28 Kit se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:28 But, whether it is an ox or a sheep, you shall not kill both it and its young in one day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:29---- Lev 22:29 Lè n'ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyè a asepte ofrann lan nan men nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:29 When you sacrifice a sacrifice of thanksgiving to the Lord, you shall sacrifice it so that you may be accepted.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:30---- Lev 22:30 Se pou nou manje l' menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:30 It shall be eaten on the same day, you shall leave none of it until morning; I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:31---- Lev 22:31 Se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Wi, se pou nou swiv lòd mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:31 So you shall keep My commandments, and do them; I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:32---- Lev 22:32 Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:32 "You shall not profane My holy name, but I will be sanctified among the sons of Israel; I am the Lord who sanctifies you,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 22:33---- Lev 22:33 Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Lev 22:33 who brought you out from the land of Egypt, to be your God; I am the Lord."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Leviticus 23:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0112_03_Leviticus_22_ht-en.html 0108_03_Leviticus_18_ht-en.html 0109_03_Leviticus_19_ht-en.html 0110_03_Leviticus_20_ht-en.html 0111_03_Leviticus_21_ht-en.html 0113_03_Leviticus_23_ht-en.html 0114_03_Leviticus_24_ht-en.html 0115_03_Leviticus_25_ht-en.html 0116_03_Leviticus_26_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|