|
================================================================================ ---- Deuteronomy 7:1---- Deu 7:1 Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:1 "When the Lord your God brings you into the land where you are entering to possess it, and clears away many nations before you, the Hittites and the Girgashites and the Amorites and the Canaanites and the Perizzites and the Hivites and the Jebusites, seven nations greater and stronger than you,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:2---- Deu 7:2 Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:2 and when the Lord your God delivers them before you and you defeat them, then you shall utterly destroy them. You shall make no covenant with them and show no favor to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:3---- Deu 7:3 Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:3 Furthermore, you shall not intermarry with them; you shall not give your daughters to their sons, nor shall you take their daughters for your sons.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:4---- Deu 7:4 Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:4 For they will turn your sons away from following Me to serve other gods; then the anger of the Lord will be kindled against you and He will quickly destroy you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:5---- Deu 7:5 Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:5 But thus you shall do to them: you shall tear down their altars, and smash their sacred pillars, and hew down their Asherim, and burn their graven images with fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:6---- Deu 7:6 N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:6 For you are a holy people to the Lord your God; the Lord your God has chosen you to be a people for His own possession out of all the peoples who are on the face of the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:7---- Deu 7:7 Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:7 "The Lord did not set His love on you nor choose you because you were more in number than any of the peoples, for you were the fewest of all peoples,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:8---- Deu 7:8 Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:8 but because the Lord loved you and kept the oath which He swore to your forefathers, the Lord brought you out by a mighty hand and redeemed you from the house of slavery, from the hand of Pharaoh king of Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:9---- Deu 7:9 Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:9 Know therefore that the Lord your God, He is God, the faithful God, who keeps His covenant and His lovingkindness to a thousandth generation with those who love Him and keep His commandments;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:10---- Deu 7:10 Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:10 but repays those who hate Him to their faces, to destroy them; He will not delay with him who hates Him, He will repay him to his face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:11---- Deu 7:11 Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:11 Therefore, you shall keep the commandment and the statutes and the judgments which I am commanding you today, to do them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:12---- Deu 7:12 Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:12 "Then it shall come about, because you listen to these judgments and keep and do them, that the Lord your God will keep with you His covenant and His lovingkindness which He swore to your forefathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:13---- Deu 7:13 L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:13 He will love you and bless you and multiply you; He will also bless the fruit of your womb and the fruit of your ground, your grain and your new wine and your oil, the increase of your herd and the young of your flock, in the land which He swore to your forefathers to give you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:14---- Deu 7:14 Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:14 You shall be blessed above all peoples; there will be no male or female barren among you or among your cattle.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:15---- Deu 7:15 Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:15 The Lord will remove from you all sickness; and He will not put on you any of the harmful diseases of Egypt which you have known, but He will lay them on all who hate you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:16---- Deu 7:16 Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:16 You shall consume all the peoples whom the Lord your God will deliver to you; your eye shall not pity them, nor shall you serve their gods, for that would be a snare to you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:17---- Deu 7:17 Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:17 "If you should say in your heart, 'These nations are greater than I; how can I dispossess them?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:18---- Deu 7:18 Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:18 you shall not be afraid of them; you shall well remember what the Lord your God did to Pharaoh and to all Egypt:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:19---- Deu 7:19 Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:19 the great trials which your eyes saw and the signs and the wonders and the mighty hand and the outstretched arm by which the Lord your God brought you out. So shall the Lord your God do to all the peoples of whom you are afraid.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:20---- Deu 7:20 Sa ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:20 Moreover, the Lord your God will send the hornet against them, until those who are left and hide themselves from you perish.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:21---- Deu 7:21 Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:21 You shall not dread them, for the Lord your God is in your midst, a great and awesome God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:22---- Deu 7:22 Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:22 The Lord your God will clear away these nations before you little by little; you will not be able to put an end to them quickly, for the wild beasts would grow too numerous for you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:23---- Deu 7:23 Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:23 But the Lord your God will deliver them before you, and will throw them into great confusion until they are destroyed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:24---- Deu 7:24 Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:24 He will deliver their kings into your hand so that you will make their name perish from under heaven; no man will be able to stand before you until you have destroyed them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:25---- Deu 7:25 N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:25 The graven images of their gods you are to burn with fire; you shall not covet the silver or the gold that is on them, nor take it for yourselves, or you will be snared by it, for it is an abomination to the Lord your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 7:26---- Deu 7:26 Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 7:26 You shall not bring an abomination into your house, and like it come under the ban; you shall utterly detest it and you shall utterly abhor it, for it is something banned.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 8:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0160_05_Deuteronomy_07_ht-en.html 0156_05_Deuteronomy_03_ht-en.html 0157_05_Deuteronomy_04_ht-en.html 0158_05_Deuteronomy_05_ht-en.html 0159_05_Deuteronomy_06_ht-en.html 0161_05_Deuteronomy_08_ht-en.html 0162_05_Deuteronomy_09_ht-en.html 0163_05_Deuteronomy_10_ht-en.html 0164_05_Deuteronomy_11_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|