|
================================================================================ ---- Joshua 17:1 ---- written 1400-1370 B.C.---- Jos 17:1 Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:1 Now this was the lot for the tribe of Manasseh, for he was the firstborn of Joseph. To Machir the firstborn of Manasseh, the father of Gilead, were allotted Gilead and Bashan, because he was a man of war.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:2---- Jos 17:2 Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:2 So the lot was made for the rest of the sons of Manasseh according to their families: for the sons of Abiezer and for the sons of Helek and for the sons of Asriel and for the sons of Shechem and for the sons of Hepher and for the sons of Shemida; these were the male descendants of Manasseh the son of Joseph according to their families.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:3---- Jos 17:3 Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:3 However, Zelophehad, the son of Hepher, the son of Gilead, the son of Machir, the son of Manasseh, had no sons, only daughters; and these are the names of his daughters: Mahlah and Noah, Hoglah, Milcah and Tirzah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:4---- Jos 17:4 Yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa: -Seyè a te bay Moyiz lòd pou l' te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:4 They came near before Eleazar the priest and before Joshua the son of Nun and before the leaders, saying, "The Lord commanded Moses to give us an inheritance among our brothers." So according to the command of the Lord he gave them an inheritance among their father's brothers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:5---- Jos 17:5 Konsa yo te rive bay moun Manase yo dis pòsyon tè, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lòt bò larivyè Jouden an,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:5 Thus there fell ten portions to Manasseh, besides the land of Gilead and Bashan, which is beyond the Jordan,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:6---- Jos 17:6 paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:6 because the daughters of Manasseh received an inheritance among his sons. And the land of Gilead belonged to the rest of the sons of Manasseh.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:7---- Jos 17:7 Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:7 The border of Manasseh ran from Asher to Michmethath which was east of Shechem; then the border went southward to the inhabitants of En-tappuah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:8---- Jos 17:8 Tout peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fwontyè a te pou moun Efrayim yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:8 The land of Tappuah belonged to Manasseh, but Tappuah on the border of Manasseh belonged to the sons of Ephraim.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:9---- Jos 17:9 Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bò nò ravin lan epi l' al bout nan lanmè. Tout lavil ki te sou bò sid ravin lan, atout yo te nan mitan tè moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:9 The border went down to the brook of Kanah, southward of the brook (these cities belonged to Ephraim among the cities of Manasseh), and the border of Manasseh was on the north side of the brook and it ended at the sea.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:10---- Jos 17:10 Moun Efrayim yo te anba sou bò sid, moun Manase yo te anwo sou bò nò, avèk lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pòsyon tè yo a te rive sou lizyè tè moun Asè yo sou bò nò ak lizyè tè moun Isaka yo sou bò lès.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:10 The south side belonged to Ephraim and the north side to Manasseh, and the sea was their border; and they reached to Asher on the north and to Issachar on the east.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:11---- Jos 17:11 Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:11 In Issachar and in Asher, Manasseh had Beth-shean and its towns and Ibleam and its towns, and the inhabitants of Dor and its towns, and the inhabitants of En-dor and its towns, and the inhabitants of Taanach and its towns, and the inhabitants of Megiddo and its towns, the third is Napheth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:12---- Jos 17:12 Men, moun fanmi Manase yo pa t' kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyò. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:12 But the sons of Manasseh could not take possession of these cities, because the Canaanites persisted in living in that land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:13---- Jos 17:13 Men, lè moun Izrayèl yo vin pi fò, yo pa mete yo deyò nan peyi a, yo sèlman fòse yo fè kòve pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:13 It came about when the sons of Israel became strong, they put the Canaanites to forced labor, but they did not drive them out completely.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:14---- Jos 17:14 Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:14 Then the sons of Joseph spoke to Joshua, saying, "Why have you given me only one lot and one portion for an inheritance, since I am a numerous people whom the Lord has thus far blessed?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:15---- Jos 17:15 Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:15 Joshua said to them, "If you are a numerous people, go up to the forest and clear a place for yourself there in the land of the Perizzites and of the Rephaim, since the hill country of Ephraim is too narrow for you."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:16---- Jos 17:16 Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:16 The sons of Joseph said, "The hill country is not enough for us, and all the Canaanites who live in the valley land have chariots of iron, both those who are in Beth-shean and its towns and those who are in the valley of Jezreel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:17---- Jos 17:17 Jozye di moun Jozèf yo, ki vle di moun Efrayim yo ak moun Manase yo: -Nou anpil vre. Nou gen anpil fòs. Nou pa ka rete ak yon sèl pòsyon tè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:17 Joshua spoke to the house of Joseph, to Ephraim and Manasseh, saying, "You are a numerous people and have great power; you shall not have one lot only,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 17:18---- Jos 17:18 Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jos 17:18 but the hill country shall be yours. For though it is a forest, you shall clear it, and to its farthest borders it shall be yours; for you shall drive out the Canaanites, even though they have chariots of iron and though they are strong."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Joshua 18:1 ---- written 1400-1370 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0204_06_Joshua_17_ht-en.html 0200_06_Joshua_13_ht-en.html 0201_06_Joshua_14_ht-en.html 0202_06_Joshua_15_ht-en.html 0203_06_Joshua_16_ht-en.html 0205_06_Joshua_18_ht-en.html 0206_06_Joshua_19_ht-en.html 0207_06_Joshua_20_ht-en.html 0208_06_Joshua_21_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|