|
================================================================================ ---- Judges 6:1 ---- written 1050-1000 B.C.---- Jdg 6:1 Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:1 Then the sons of Israel did what was evil in the sight of the Lord; and the Lord gave them into the hands of Midian seven years.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:2---- Jdg 6:2 Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:2 The power of Midian prevailed against Israel. Because of Midian the sons of Israel made for themselves the dens which were in the mountains and the caves and the strongholds.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:3---- Jdg 6:3 Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:3 For it was when Israel had sown, that the Midianites would come up with the Amalekites and the sons of the east and go against them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:4---- Jdg 6:4 Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:4 So they would camp against them and destroy the produce of the earth as far as Gaza, and leave no sustenance in Israel as well as no sheep, ox, or donkey.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:5---- Jdg 6:5 Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:5 For they would come up with their livestock and their tents, they would come in like locusts for number, both they and their camels were innumerable; and they came into the land to devastate it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:6---- Jdg 6:6 Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:6 So Israel was brought very low because of Midian, and the sons of Israel cried to the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:7---- Jdg 6:7 Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Seyè a pou moun peyi Madyan yo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:7 Now it came about when the sons of Israel cried to the Lord on account of Midian,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:8---- Jdg 6:8 Seyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:8 that the Lord sent a prophet to the sons of Israel, and he said to them, "Thus says the Lord, the God of Israel, 'It was I who brought you up from Egypt and brought you out from the house of slavery.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:9---- Jdg 6:9 Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:9 I delivered you from the hands of the Egyptians and from the hands of all your oppressors, and dispossessed them before you and gave you their land,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:10---- Jdg 6:10 Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:10 and I said to you, "I am the Lord your God; you shall not fear the gods of the Amorites in whose land you live. But you have not obeyed Me."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:11---- Jdg 6:11 Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:11 Then the angel of the Lord came and sat under the oak that was in Ophrah, which belonged to Joash the Abiezrite as his son Gideon was beating out wheat in the wine press in order to save it from the Midianites.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:12---- Jdg 6:12 Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:12 The angel of the Lord appeared to him and said to him, "The Lord is with you, O valiant warrior."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:13---- Jdg 6:13 Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:13 Then Gideon said to him, "O my lord, if the Lord is with us, why then has all this happened to us? And where are all His miracles which our fathers told us about, saying, 'Did not the Lord bring us up from Egypt?' But now the Lord has abandoned us and given us into the hand of Midian."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:14---- Jdg 6:14 Lè sa a, Seyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l': -Ale non. Avèk fòs kouraj ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:14 The Lord looked at him and said, "Go in this your strength and deliver Israel from the hand of Midian. Have I not sent you?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:15---- Jdg 6:15 Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:15 He said to Him, "O Lord, how shall I deliver Israel? Behold, my family is the least in Manasseh, and I am the youngest in my father's house."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:16---- Jdg 6:16 Seyè a di l': -Ou ka fè l', paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:16 But the Lord said to him, "Surely I will be with you, and you shall defeat Midian as one man."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:17---- Jdg 6:17 Jedeyon reponn: -Si reyèlman vre ou vle fè m' favè sa a, ban m' yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m' la a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:17 So Gideon said to Him, "If now I have found favor in Your sight, then show me a sign that it is You who speak with me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:18---- Jdg 6:18 Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:18 Please do not depart from here, until I come back to You, and bring out my offering and lay it before You." And He said, "I will remain until you return."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:19---- Jdg 6:19 Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:19 Then Gideon went in and prepared a young goat and unleavened bread from an ephah of flour; he put the meat in a basket and the broth in a pot, and brought them out to him under the oak and presented them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:20---- Jdg 6:20 Zanj lan di l': -Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo. Jedeyon fè sa vre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:20 The angel of God said to him, "Take the meat and the unleavened bread and lay them on this rock, and pour out the broth." And he did so.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:21---- Jdg 6:21 Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:21 Then the angel of the Lord put out the end of the staff that was in his hand and touched the meat and the unleavened bread; and fire sprang up from the rock and consumed the meat and the unleavened bread. Then the angel of the Lord vanished from his sight.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:22---- Jdg 6:22 Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:22 When Gideon saw that he was the angel of the Lord, he said, "Alas, O Lord God! For now I have seen the angel of the Lord face to face."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:23---- Jdg 6:23 Men, Seyè a di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:23 The Lord said to him, "Peace to you, do not fear; you shall not die."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:24---- Jdg 6:24 Jedeyon bati yon lotèl pou Seyè a la menm. Epi li rele l': Seyè a bay kè poze. Jouk jòdi a lotèl la la nan ti bouk Ofra a, sou pwopryete ki pou moun Abyezè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:24 Then Gideon built an altar there to the Lord and named it The Lord is Peace. To this day it is still in Ophrah of the Abiezrites.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:25---- Jdg 6:25 Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:25 Now on the same night the Lord said to him, "Take your father's bull and a second bull seven years old, and pull down the altar of Baal which belongs to your father, and cut down the Asherah that is beside it;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:26---- Jdg 6:26 Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l' la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l' nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:26 and build an altar to the Lord your God on the top of this stronghold in an orderly manner, and take a second bull and offer a burnt offering with the wood of the Asherah which you shall cut down."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:27---- Jdg 6:27 Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fè tou sa Seyè a te di l' fè. Men, li te pè fanmi l' yo ak lòt moun yo ki rete nan lavil la. Li pa t' fè sa lajounen, l' al fè l' lannwit.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:27 Then Gideon took ten men of his servants and did as the Lord had spoken to him; and because he was too afraid of his father's household and the men of the city to do it by day, he did it by night.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:28---- Jdg 6:28 Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:28 When the men of the city arose early in the morning, behold, the altar of Baal was torn down, and the Asherah which was beside it was cut down, and the second bull was offered on the altar which had been built.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:29---- Jdg 6:29 Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:29 They said to one another, "Who did this thing?" And when they searched about and inquired, they said, "Gideon the son of Joash did this thing."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:30---- Jdg 6:30 Mesye yo al di Joas konsa: -Fè pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:30 Then the men of the city said to Joash, "Bring out your son, that he may die, for he has torn down the altar of Baal, and indeed, he has cut down the Asherah which was beside it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:31---- Jdg 6:31 Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l' yo. Li di yo: -Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l' mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:31 But Joash said to all who stood against him, "Will you contend for Baal, or will you deliver him? Whoever will plead for him shall be put to death by morning. If he is a god, let him contend for himself, because someone has torn down his altar."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:32---- Jdg 6:32 Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:32 Therefore on that day he named him Jerubbaal, that is to say, "Let Baal contend against him," because he had torn down his altar.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:33---- Jdg 6:33 Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:33 Then all the Midianites and the Amalekites and the sons of the east assembled themselves; and they crossed over and camped in the valley of Jezreel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:34---- Jdg 6:34 Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:34 So the Spirit of the Lord came upon Gideon; and he blew a trumpet, and the Abiezrites were called together to follow him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:35---- Jdg 6:35 Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:35 He sent messengers throughout Manasseh, and they also were called together to follow him; and he sent messengers to Asher, Zebulun, and Naphtali, and they came up to meet them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:36---- Jdg 6:36 Lè sa a, Jedeyon di Bondye konsa: -Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:36 Then Gideon said to God, "If You will deliver Israel through me, as You have spoken,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:37---- Jdg 6:37 men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:37 behold, I will put a fleece of wool on the threshing floor. If there is dew on the fleece only, and it is dry on all the ground, then I will know that You will deliver Israel through me, as You have spoken."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:38---- Jdg 6:38 Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòde moso lenn lan, li wete dlo ladan l' kont pou ta plen yon bòl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:38 And it was so. When he arose early the next morning and squeezed the fleece, he drained the dew from the fleece, a bowl full of water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:39---- Jdg 6:39 Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:39 Then Gideon said to God, "Do not let Your anger burn against me that I may speak once more; please let me make a test once more with the fleece, let it now be dry only on the fleece, and let there be dew on all the ground."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 6:40---- Jdg 6:40 Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 6:40 God did so that night; for it was dry only on the fleece, and dew was on all the ground.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:1 ---- written 1050-1000 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0217_07_Judges_06_ht-en.html 0213_07_Judges_02_ht-en.html 0214_07_Judges_03_ht-en.html 0215_07_Judges_04_ht-en.html 0216_07_Judges_05_ht-en.html 0218_07_Judges_07_ht-en.html 0219_07_Judges_08_ht-en.html 0220_07_Judges_09_ht-en.html 0221_07_Judges_10_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|