Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Ki 22:20 "Therefore, behold, I will gather you to your fathers, and you will be gathered to your grave in peace, and your eyes will not see all the evil which I will bring on this place."'" So they brought back word to the king.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:1 ---- written 550 B.C.----
2Ki 23:1 Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a pou yo reyini ansanm avè l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:1 Then the king sent, and they gathered to him all the elders of Judah and of Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:2----
2Ki 23:2 Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:2 The king went up to the house of the Lord and all the men of Judah and all the inhabitants of Jerusalem with him, and the priests and the prophets and all the people, both small and great; and he read in their hearing all the words of the book of the covenant which was found in the house of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:3----
2Ki 23:3 Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:3 The king stood by the pillar and made a covenant before the Lord, to walk after the Lord, and to keep His commandments and His testimonies and His statutes with all his heart and all his soul, to carry out the words of this covenant that were written in this book. And all the people entered into the covenant.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:4----
2Ki 23:4 Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:4 Then the king commanded Hilkiah the high priest and the priests of the second order and the doorkeepers, to bring out of the temple of the Lord all the vessels that were made for Baal, for Asherah, and for all the host of heaven; and he burned them outside Jerusalem in the fields of the Kidron, and carried their ashes to Bethel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:5----
2Ki 23:5 Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:5 He did away with the idolatrous priests whom the kings of Judah had appointed to burn incense in the high places in the cities of Judah and in the surrounding area of Jerusalem, also those who burned incense to Baal, to the sun and to the moon and to the constellations and to all the host of heaven.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:6----
2Ki 23:6 Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:6 He brought out the Asherah from the house of the Lord outside Jerusalem to the brook Kidron, and burned it at the brook Kidron, and ground it to dust, and threw its dust on the graves of the common people.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:7----
2Ki 23:7 Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:7 He also broke down the houses of the male cult prostitutes which were in the house of the Lord, where the women were weaving hangings for the Asherah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:8----
2Ki 23:8 Lèfini, li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pa t' ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:8 Then he brought all the priests from the cities of Judah, and defiled the high places where the priests had burned incense, from Geba to Beersheba; and he broke down the high places of the gates which were at the entrance of the gate of Joshua the governor of the city, which were on one’s left at the city gate.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:9----
2Ki 23:9 Tansèlman, prèt ki te sèvi nan tanp zidòl sa yo pa t' gen dwa sèvi nan Tanp lan ankò, men yo te gen dwa manje pen san ledven ansanm ak lòt prèt parèy yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:9 Nevertheless the priests of the high places did not go up to the altar of the Lord in Jerusalem, but they ate unleavened bread among their brothers.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:10----
2Ki 23:10 Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Enon an, konsa pesonn pa t' ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:10 He also defiled Topheth, which is in the valley of the son of Hinnom, that no man might make his son or his daughter pass through the fire for Molech.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:11----
2Ki 23:11 Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:11 He did away with the horses which the kings of Judah had given to the sun, at the entrance of the house of the Lord, by the chamber of Nathan-melech the official, which was in the precincts; and he burned the chariots of the sun with fire.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:12----
2Ki 23:12 Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:12 The altars which were on the roof, the upper chamber of Ahaz, which the kings of Judah had made, and the altars which Manasseh had made in the two courts of the house of the Lord, the king broke down; and he smashed them there and threw their dust into the brook Kidron.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:13----
2Ki 23:13 Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:13 The high places which were before Jerusalem, which were on the right of the mount of destruction which Solomon the king of Israel had built for Ashtoreth the abomination of the Sidonians, and for Chemosh the abomination of Moab, and for Milcom the abomination of the sons of Ammon, the king defiled.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:14----
2Ki 23:14 Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:14 He broke in pieces the sacred pillars and cut down the Asherim and filled their places with human bones.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:15----
2Ki 23:15 Jozyas demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. Li boule estati Achera a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:15 Furthermore, the altar that was at Bethel and the high place which Jeroboam the son of Nebat, who made Israel sin, had made, even that altar and the high place he broke down. Then he demolished its stones, ground them to dust, and burned the Asherah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:16----
2Ki 23:16 Lèfini, Jozyas voye je l' sou ti mòn lan, li wè yon bann tonm. Li fè detere zosman yo pou boule yo sou lotèl la. Se konsa li gate lotèl la, jan Seyè a te fè pwofèt la di l' la lè Jewoboram te kanpe bò lotèl la pandan fèt la. Apre sa, Jozyas voye je l' gade ankò, li wè tonm pwofèt ki te fè konnen bagay sa yo gen pou rive a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:16 Now when Josiah turned, he saw the graves that were there on the mountain, and he sent and took the bones from the graves and burned them on the altar and defiled it according to the word of the Lord which the man of God proclaimed, who proclaimed these things.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:17----
2Ki 23:17 Li mande: --Ki gwo tonm mwen wè laba a: Moun Betèl yo reponn: --Se tonm pwofèt ki te soti peyi Jida vin fè nou konnen sa monwa t'ap vin fè lotèl Betèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:17 Then he said, "What is this monument that I see?" And the men of the city told him, "It is the grave of the man of God who came from Judah and proclaimed these things which you have done against the altar of Bethel."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:18----
2Ki 23:18 Jozyas di: --Bon. Kite l' jan li ye a! Piga pesonn manyen zosman li yo. Se konsa yo respekte zosman li yo ansanm ak zosman pwofèt ki te soti lavil Samari a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:18 He said, "Let him alone; let no one disturb his bones." So they left his bones undisturbed with the bones of the prophet who came from Samaria.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:19----
2Ki 23:19 Nan tout lavil peyi Izrayèl yo, wa Jozyas demoli tout kay zidòl wa peyi Izrayèl yo te fè bati epi ki te lakòz Seyè a te fache anpil. Li fè yo tou sa li te fè tanp zidòl lavil Betèl yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:19 Josiah also removed all the houses of the high places which were in the cities of Samaria, which the kings of Israel had made provoking the Lord; and he did to them just as he had done in Bethel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:20----
2Ki 23:20 Li mete men sou tout prèt zidòl li te jwenn la yo, li touye yo sou lotèl yo. Lèfini, li boule zosman moun sou yo. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:20 All the priests of the high places who were there he slaughtered on the altars and burned human bones on them; then he returned to Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:21----
2Ki 23:21 Wa Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Seyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:21 Then the king commanded all the people saying, "Celebrate the Passover to the Lord your God as it is written in this book of the covenant."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:22----
2Ki 23:22 Yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa depi lè jij chèf yo t'ap gouvènen peyi a, ni pandan reny tout wa peyi Izrayèl yo ak tout wa peyi Jida yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:22 Surely such a Passover had not been celebrated from the days of the judges who judged Israel, nor in all the days of the kings of Israel and of the kings of Judah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:23----
2Ki 23:23 Se sèlman sou reny wa Jozyas yo fete fèt Delivrans lan konsa lavil Jerizalèm pou Seyè a. Lè sa a, wa a t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen peyi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:23 But in the eighteenth year of King Josiah, this Passover was observed to the Lord in Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:24----
2Ki 23:24 Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:24 Moreover, Josiah removed the mediums and the spiritists and the teraphim and the idols and all the abominations that were seen in the land of Judah and in Jerusalem, that he might confirm the words of the law which were written in the book that Hilkiah the priest found in the house of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:25----
2Ki 23:25 Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:25 Before him there was no king like him who turned to the Lord with all his heart and with all his soul and with all his might, according to all the law of Moses; nor did any like him arise after him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:26----
2Ki 23:26 Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:26 However, the Lord did not turn from the fierceness of His great wrath with which His anger burned against Judah, because of all the provocations with which Manasseh had provoked Him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:27----
2Ki 23:27 Se poutèt sa, Seyè a di: --Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:27 The Lord said, "I will remove Judah also from My sight, as I have removed Israel. And I will cast off Jerusalem, this city which I have chosen, and the temple of which I said, 'My name shall be there.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:28----
2Ki 23:28 Tout rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:28 Now the rest of the acts of Josiah and all that he did, are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah?(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:29----
2Ki 23:29 Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas soti al kontre l' pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l', li touye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:29 In his days Pharaoh Neco king of Egypt went up to the king of Assyria to the river Euphrates. And King Josiah went to meet him, and when Pharaoh Neco saw him he killed him at Megiddo.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:30----
2Ki 23:30 Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l' sou yon cha soti Megido, yo mennen l' lavil Jerizalèm kote yo antere l' nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l' apa devan Bondye pou l' sèvi wa nan plas papa l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:30 His servants drove his body in a chariot from Megiddo, and brought him to Jerusalem and buried him in his own tomb. Then the people of the land took Jehoahaz the son of Josiah and anointed him and made him king in place of his father.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:31----
2Ki 23:31 Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:31 Jehoahaz was twenty-three years old when he became king, and he reigned three months in Jerusalem; and his mother’s name was Hamutal the daughter of Jeremiah of Libnah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:32----
2Ki 23:32 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:32 He did evil in the sight of the Lord, according to all that his fathers had done.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:33----
2Ki 23:33 Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan liv ajan ak swasannkenz liv lò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:33 Pharaoh Neco imprisoned him at Riblah in the land of Hamath, that he might not reign in Jerusalem; and he imposed on the land a fine of one hundred talents of silver and a talent of gold.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:34----
2Ki 23:34 Apre sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l' wa nan plas papa l'. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:34 Pharaoh Neco made Eliakim the son of Josiah king in the place of Josiah his father, and changed his name to Jehoiakim. But he took Jehoahaz away and brought him to Egypt, and he died there.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:35----
2Ki 23:35 Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l' te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:35 So Jehoiakim gave the silver and gold to Pharaoh, but he taxed the land in order to give the money at the command of Pharaoh. He exacted the silver and gold from the people of the land, each according to his valuation, to give it to Pharaoh Neco.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:36----
2Ki 23:36 Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan onzan. Manman l' te rele Zebida. Se te pitit fi Pedaja, moun lavil Wouma.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:36 Jehoiakim was twenty-five years old when he became king, and he reigned eleven years in Jerusalem; and his mother's name was Zebidah the daughter of Pedaiah of Rumah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 23:37----
2Ki 23:37 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ki 23:37 He did evil in the sight of the Lord, according to all that his fathers had done.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Kings 24:1 ---- written 550 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0336_12_2_Kings_23_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0332_12_2_Kings_19_ht-en.html
0333_12_2_Kings_20_ht-en.html
0334_12_2_Kings_21_ht-en.html
0335_12_2_Kings_22_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0337_12_2_Kings_24_ht-en.html
0338_12_2_Kings_25_ht-en.html
0339_13_1_Chronicles_01_ht-en.html
0340_13_1_Chronicles_02_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."