|
================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:1 ---- written 450-425 B.C.---- 1Ch 21:1 Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:1 Then Satan stood up against Israel and moved David to number Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:2---- 1Ch 21:2 Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:2 So David said to Joab and to the princes of the people, "Go, number Israel from Beersheba even to Dan, and bring me word that I may know their number."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:3---- 1Ch 21:3 Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:3 Joab said, "May the Lord add to His people a hundred times as many as they are! But, my lord the king, are they not all my lord's servants? Why does my lord seek this thing? Why should he be a cause of guilt to Israel?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:4---- 1Ch 21:4 Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:4 Nevertheless, the king's word prevailed against Joab. Therefore, Joab departed and went throughout all Israel, and came to Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:5---- 1Ch 21:5 Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil nan peyi Jida a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:5 Joab gave the number of the census of all the people to David. And all Israel were 1,100,000 men who drew the sword; and Judah was 470,000 men who drew the sword.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:6---- 1Ch 21:6 Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:6 But he did not number Levi and Benjamin among them, for the king's command was abhorrent to Joab.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:7---- 1Ch 21:7 Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:7 God was displeased with this thing, so He struck Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:8---- 1Ch 21:8 Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:8 David said to God, "I have sinned greatly, in that I have done this thing. But now, please take away the iniquity of Your servant, for I have done very foolishly."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:9---- 1Ch 21:9 Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:9 The Lord spoke to Gad, David's seer, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:10---- 1Ch 21:10 -Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:10 "Go and speak to David, saying, 'Thus says the Lord, "I offer you three things; choose for yourself one of them, which I will do to you."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:11---- 1Ch 21:11 Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Kisa ou vle?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:11 So Gad came to David and said to him, "Thus says the Lord, 'Take for yourself(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:12---- 1Ch 21:12 Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:12 either three years of famine, or three months to be swept away before your foes, while the sword of your enemies overtakes you, or else three days of the sword of the Lord, even pestilence in the land, and the angel of the Lord destroying throughout all the territory of Israel.' Now, therefore, consider what answer I shall return to Him who sent me."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:13---- 1Ch 21:13 David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:13 David said to Gad, "I am in great distress; please let me fall into the hand of the Lord, for His mercies are very great. But do not let me fall into the hand of man."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:14---- 1Ch 21:14 Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil moun nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:14 So the Lord sent a pestilence on Israel; 70,000 men of Israel fell.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:15---- 1Ch 21:15 Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:15 And God sent an angel to Jerusalem to destroy it; but as he was about to destroy it, the Lord saw and was sorry over the calamity, and said to the destroying angel, "It is enough; now relax your hand." And the angel of the Lord was standing by the threshing floor of Ornan the Jebusite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:16---- 1Ch 21:16 David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:16 Then David lifted up his eyes and saw the angel of the Lord standing between earth and heaven, with his drawn sword in his hand stretched out over Jerusalem. Then David and the elders, covered with sackcloth, fell on their faces.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:17---- 1Ch 21:17 David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:17 David said to God, "Is it not I who commanded to count the people? Indeed, I am the one who has sinned and done very wickedly, but these sheep, what have they done? O Lord my God, please let Your hand be against me and my father's household, but not against Your people that they should be plagued."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:18---- 1Ch 21:18 Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:18 Then the angel of the Lord commanded Gad to say to David, that David should go up and build an altar to the Lord on the threshing floor of Ornan the Jebusite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:19---- 1Ch 21:19 David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:19 So David went up at the word of Gad, which he spoke in the name of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:20---- 1Ch 21:20 Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:20 Now Ornan turned back and saw the angel, and his four sons who were with him hid themselves. And Ornan was threshing wheat.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:21---- 1Ch 21:21 Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:21 As David came to Ornan, Ornan looked and saw David, and went out from the threshing floor and prostrated himself before David with his face to the ground.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:22---- 1Ch 21:22 David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:22 Then David said to Ornan, "Give me the site of this threshing floor, that I may build on it an altar to the Lord; for the full price you shall give it to me, that the plague may be restrained from the people."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:23---- 1Ch 21:23 Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:23 Ornan said to David, "Take it for yourself; and let my lord the king do what is good in his sight. See, I will give the oxen for burnt offerings and the threshing sledges for wood and the wheat for the grain offering; I will give it all."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:24---- 1Ch 21:24 Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:24 But King David said to Ornan, "No, but I will surely buy it for the full price; for I will not take what is yours for the Lord, or offer a burnt offering which costs me nothing."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:25---- 1Ch 21:25 Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:25 So David gave Ornan 600 shekels of gold by weight for the site.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:26---- 1Ch 21:26 Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:26 Then David built an altar to the Lord there and offered burnt offerings and peace offerings. And he called to the Lord and He answered him with fire from heaven on the altar of burnt offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:27---- 1Ch 21:27 Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:27 The Lord commanded the angel, and he put his sword back in its sheath.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:28---- 1Ch 21:28 Lè David wè Seyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:28 At that time, when David saw that the Lord had answered him on the threshing floor of Ornan the Jebusite, he offered sacrifice there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:29---- 1Ch 21:29 Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:29 For the tabernacle of the Lord, which Moses had made in the wilderness, and the altar of burnt offering were in the high place at Gibeon at that time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 21:30---- 1Ch 21:30 Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 21:30 But David could not go before it to inquire of God, for he was terrified by the sword of the angel of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 22:1 ---- written 450-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0359_13_1_Chronicles_21_ht-en.html 0355_13_1_Chronicles_17_ht-en.html 0356_13_1_Chronicles_18_ht-en.html 0357_13_1_Chronicles_19_ht-en.html 0358_13_1_Chronicles_20_ht-en.html 0360_13_1_Chronicles_22_ht-en.html 0361_13_1_Chronicles_23_ht-en.html 0362_13_1_Chronicles_24_ht-en.html 0363_13_1_Chronicles_25_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|