Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


1Ch 27:34 Jehoiada the son of Benaiah, and Abiathar succeeded Ahithophel; and Joab was the commander of the king's army.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:1 ---- written 450-425 B.C.----
1Ch 28:1 David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:1 Now David assembled at Jerusalem all the officials of Israel, the princes of the tribes, and the commanders of the divisions that served the king, and the commanders of thousands, and the commanders of hundreds, and the overseers of all the property and livestock belonging to the king and his sons, with the officials and the mighty men, even all the valiant men.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:2----
1Ch 28:2 David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:2 Then King David rose to his feet and said, "Listen to me, my brethren and my people; I had intended to build a permanent home for the ark of the covenant of the Lord and for the footstool of our God. So I had made preparations to build it.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:3----
1Ch 28:3 Men, Bondye te fè m' konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:3 But God said to me, 'You shall not build a house for My name because you are a man of war and have shed blood.'(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:4----
1Ch 28:4 Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:4 Yet, the Lord, the God of Israel, chose me from all the house of my father to be king over Israel forever. For He has chosen Judah to be a leader; and in the house of Judah, my father's house, and among the sons of my father He took pleasure in me to make me king over all Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:5----
1Ch 28:5 Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:5 Of all my sons (for the Lord has given me many sons), He has chosen my son Solomon to sit on the throne of the kingdom of the Lord over Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:6----
1Ch 28:6 Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:6 He said to me, 'Your son Solomon is the one who shall build My house and My courts; for I have chosen him to be a son to Me, and I will be a father to him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:7----
1Ch 28:7 M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:7 I will establish his kingdom forever if he resolutely performs My commandments and My ordinances, as is done now.'(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:8----
1Ch 28:8 Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:8 So now, in the sight of all Israel, the assembly of the Lord, and in the hearing of our God, observe and seek after all the commandments of the Lord your God so that you may possess the good land and bequeath it to your sons after you forever.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:9----
1Ch 28:9 Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:9 "As for you, my son Solomon, know the God of your father, and serve Him with a whole heart and a willing mind; for the Lord searches all hearts, and understands every intent of the thoughts. If you seek Him, He will let you find Him; but if you forsake Him, He will reject you forever.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:10----
1Ch 28:10 Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:10 Consider now, for the Lord has chosen you to build a house for the sanctuary; be courageous and act."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:11----
1Ch 28:11 Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:11 Then David gave to his son Solomon the plan of the porch of the temple, its buildings, its storehouses, its upper rooms, its inner rooms and the room for the mercy seat;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:12----
1Ch 28:12 Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:12 and the plan of all that he had in mind, for the courts of the house of the Lord, and for all the surrounding rooms, for the storehouses of the house of God and for the storehouses of the dedicated things;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:13----
1Ch 28:13 David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:13 also for the divisions of the priests and the Levites and for all the work of the service of the house of the Lord and for all the utensils of service in the house of the Lord;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:14----
1Ch 28:14 Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:14 for the golden utensils, the weight of gold for all utensils for every kind of service; for the silver utensils, the weight of silver for all utensils for every kind of service;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:15----
1Ch 28:15 pou chak lanp, pou chak gwo lanp sèt branch an ajan osinon an lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:15 and the weight of gold for the golden lampstands and their golden lamps, with the weight of each lampstand and its lamps; and the weight of silver for the silver lampstands, with the weight of each lampstand and its lamps according to the use of each lampstand;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:16----
1Ch 28:16 pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:16 and the gold by weight for the tables of showbread, for each table; and silver for the silver tables;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:17----
1Ch 28:17 Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak modèl lòt veso an ajan osinon an lò dapre pèz yo chak.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:17 and the forks, the basins, and the pitchers of pure gold; and for the golden bowls with the weight for each bowl; and for the silver bowls with the weight for each bowl;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:18----
1Ch 28:18 Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:18 and for the altar of incense refined gold by weight; and gold for the model of the chariot, even the cherubim that spread out their wings and covered the ark of the covenant of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:19----
1Ch 28:19 David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:19 "All this," said David, "the Lord made me understand in writing by His hand upon me, all the details of this pattern."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:20----
1Ch 28:20 Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:20 Then David said to his son Solomon, "Be strong and courageous, and act; do not fear nor be dismayed, for the Lord God, my God, is with you. He will not fail you nor forsake you until all the work for the service of the house of the Lord is finished.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 28:21----
1Ch 28:21 Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ch 28:21 Now behold, there are the divisions of the priests and the Levites for all the service of the house of God, and every willing man of any skill will be with you in all the work for all kinds of service. The officials also and all the people will be entirely at your command."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Chronicles 29:1 ---- written 450-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0366_13_1_Chronicles_28_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0362_13_1_Chronicles_24_ht-en.html
0363_13_1_Chronicles_25_ht-en.html
0364_13_1_Chronicles_26_ht-en.html
0365_13_1_Chronicles_27_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0367_13_1_Chronicles_29_ht-en.html
0368_14_2_Chronicles_01_ht-en.html
0369_14_2_Chronicles_02_ht-en.html
0370_14_2_Chronicles_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."