Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Ch 8:18 And Huram by his servants sent him ships and servants who knew the sea; and they went with Solomon's servants to Ophir, and took from there four hundred and fifty talents of gold and brought them to King Solomon.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:1 ---- written 450-425 B.C.----
2Ch 9:1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l' ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:1 Now when the queen of Sheba heard of the fame of Solomon, she came to Jerusalem to test Solomon with difficult questions. She had a very large retinue, with camels carrying spices and a large amount of gold and precious stones; and when she came to Solomon, she spoke with him about all that was on her heart.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:2----
2Ch 9:2 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil pou li reponn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:2 Solomon answered all her questions; nothing was hidden from Solomon which he did not explain to her.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:3----
2Ch 9:3 Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:3 When the queen of Sheba had seen the wisdom of Solomon, the house which he had built,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:4----
2Ch 9:4 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:4 the food at his table, the seating of his servants, the attendance of his ministers and their attire, his cupbearers and their attire, and his stairway by which he went up to the house of the Lord, she was breathless.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:5----
2Ch 9:5 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:5 Then she said to the king, "It was a true report which I heard in my own land about your words and your wisdom.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:6----
2Ch 9:6 Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:6 Nevertheless I did not believe their reports until I came and my eyes had seen it. And behold, the half of the greatness of your wisdom was not told me. You surpass the report that I heard.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:7----
2Ch 9:7 Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k'ap travay avè ou yo! Yo toujou la devan ou ap tande bèl pawòl k'ap soti nan bouch ou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:7 How blessed are your men, how blessed are these your servants who stand before you continually and hear your wisdom.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:8----
2Ch 9:8 Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:8 Blessed be the Lord your God who delighted in you, setting you on His throne as king for the Lord your God; because your God loved Israel establishing them forever, therefore He made you king over them, to do justice and righteousness."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:9----
2Ch 9:9 Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:9 Then she gave the king one hundred and twenty talents of gold and a very great amount of spices and precious stones; there had never been spice like that which the queen of Sheba gave to King Solomon.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:10----
2Ch 9:10 Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè soti nan menm peyi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:10 The servants of Huram and the servants of Solomon who brought gold from Ophir, also brought algum trees and precious stones.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:11----
2Ch 9:11 Salomon sèvi ak bwa koray yo pou fè planche nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Yo pa t' janm wè bagay konsa nan peyi Jida a anvan sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:11 From the algum trees the king made steps for the house of the Lord and for the king's palace, and lyres and harps for the singers; and none like that was seen before in the land of Judah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:12----
2Ch 9:12 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:12 King Solomon gave to the queen of Sheba all her desire which she requested besides a return for what she had brought to the king. Then she turned and went to her own land with her servants.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:13----
2Ch 9:13 Chak lanne, wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:13 Now the weight of gold which came to Solomon in one year was 666 talents of gold,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:14----
2Ch 9:14 san konte lajan li te resevwa nan men moun k'ap fè trafik yo ak moun k'ap fè kòmès yo. Tout wa peyi Arabi yo ak gouvènè pèp Izrayèl yo te pote lò ak ajan bay Salomon tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:14 besides that which the traders and merchants brought; and all the kings of Arabia and the governors of the country brought gold and silver to Solomon.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:15----
2Ch 9:15 Salomon te fè fè desan gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze douz liv.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:15 King Solomon made 200 large shields of beaten gold, using 600 shekels of beaten gold on each large shield.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:16----
2Ch 9:16 Li fè fè twasan ti plak pwotèj, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze sis liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan salon Rakbwa Peyi Liban an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:16 He made 300 shields of beaten gold, using three hundred shekels of gold on each shield, and the king put them in the house of the forest of Lebanon.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:17----
2Ch 9:17 Li fè fè tou yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:17 Moreover, the king made a great throne of ivory and overlaid it with pure gold.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:18----
2Ch 9:18 Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Devan fotèy la te gen yon ti ban an lò pou wa a lonje pye l'. Fotèy la te gen de manch. Sou kote manch yo, sou chak bò te gen pòtre yon lyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:18 There were six steps to the throne and a footstool in gold attached to the throne, and arms on each side of the seat, and two lions standing beside the arms.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:19----
2Ch 9:19 Te gen douz lyon sou mach eskalye yo, de sou chak mach nan de pwent yo. Pat gen ankenn lòt peyi ki te gen yon fotèy pou wa parèy ak sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:19 Twelve lions were standing there on the six steps on the one side and on the other; nothing like it was made for any other kingdom.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:20----
2Ch 9:20 Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa Peyi Liban an te fèt an bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske sou rèy Salomon, ajan pa t' vo anyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:20 All King Solomon's drinking vessels were of gold, and all the vessels of the house of the forest of Lebanon were of pure gold; silver was not considered valuable in the days of Solomon.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:21----
2Ch 9:21 Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:21 For the king had ships which went to Tarshish with the servants of Huram; once every three years the ships of Tarshish came bringing gold and silver, ivory and apes and peacocks.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:22----
2Ch 9:22 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:22 So King Solomon became greater than all the kings of the earth in riches and wisdom.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:23----
2Ch 9:23 Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:23 And all the kings of the earth were seeking the presence of Solomon, to hear his wisdom which God had put in his heart.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:24----
2Ch 9:24 Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:24 They brought every man his gift, articles of silver and gold, garments, weapons, spices, horses and mules, so much year by year.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:25----
2Ch 9:25 Salomon te gen katmil chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon nan lavil kote li te gen cha li yo, rès yo li mete yo lavil Jerizalèm bò kote l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:25 Now Solomon had 4,000 stalls for horses and chariots and 12,000 horsemen, and he stationed them in the chariot cities and with the king in Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:26----
2Ch 9:26 Salomon te sèl chèf sou tout wa ki t'ap gouvènen depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fwontyè peyi Lejip.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:26 He was the ruler over all the kings from the Euphrates River even to the land of the Philistines, and as far as the border of Egypt.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:27----
2Ch 9:27 Pandan tout rèy li, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa nan plenn peyi Jida yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:27 The king made silver as common as stones in Jerusalem, and he made cedars as plentiful as sycamore trees that are in the lowland.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:28----
2Ch 9:28 Se nan peyi Lejip ak nan tout lòt peyi Salomon te fè chache chwal li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:28 And they were bringing horses for Solomon from Egypt and from all countries.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:29----
2Ch 9:29 Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:29 Now the rest of the acts of Solomon, from first to last, are they not written in the records of Nathan the prophet, and in the prophecy of Ahijah the Shilonite, and in the visions of Iddo the seer concerning Jeroboam the son of Nebat?(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:30----
2Ch 9:30 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:30 Solomon reigned forty years in Jerusalem over all Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 9:31----
2Ch 9:31 Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 9:31 And Solomon slept with his fathers and was buried in the city of his father David; and his son Rehoboam reigned in his place.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 10:1 ---- written 450-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0376_14_2_Chronicles_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0372_14_2_Chronicles_05_ht-en.html
0373_14_2_Chronicles_06_ht-en.html
0374_14_2_Chronicles_07_ht-en.html
0375_14_2_Chronicles_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0377_14_2_Chronicles_10_ht-en.html
0378_14_2_Chronicles_11_ht-en.html
0379_14_2_Chronicles_12_ht-en.html
0380_14_2_Chronicles_13_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."