|
================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:1 ---- written 450-425 B.C.---- 2Ch 19:1 Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:1 Then Jehoshaphat the king of Judah returned in safety to his house in Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:2---- 2Ch 19:2 Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:2 Jehu the son of Hanani the seer went out to meet him and said to King Jehoshaphat, "Should you help the wicked and love those who hate the Lord and so bring wrath on yourself from the Lord?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:3---- 2Ch 19:3 Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:3 But there is some good in you, for you have removed the Asheroth from the land and you have set your heart to seek God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:4---- 2Ch 19:4 Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:4 So Jehoshaphat lived in Jerusalem and went out again among the people from Beersheba to the hill country of Ephraim and brought them back to the Lord, the God of their fathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:5---- 2Ch 19:5 Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:5 He appointed judges in the land in all the fortified cities of Judah, city by city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:6---- 2Ch 19:6 Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:6 He said to the judges, "Consider what you are doing, for you do not judge for man but for the Lord who is with you when you render judgment.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:7---- 2Ch 19:7 Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:7 Now then let the fear of the Lord be upon you; be very careful what you do, for the Lord our God will have no part in unrighteousness or partiality or the taking of a bribe."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:8---- 2Ch 19:8 Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:8 In Jerusalem also Jehoshaphat appointed some of the Levites and priests, and some of the heads of the fathers' households of Israel, for the judgment of the Lord and to judge disputes among the inhabitants of Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:9---- 2Ch 19:9 Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:9 Then he charged them saying, "Thus you shall do in the fear of the Lord, faithfully and wholeheartedly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:10---- 2Ch 19:10 Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:10 Whenever any dispute comes to you from your brethren who live in their cities, between blood and blood, between law and commandment, statutes and ordinances, you shall warn them so that they may not be guilty before the Lord, and wrath may not come on you and your brethren. Thus you shall do and you will not be guilty.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 19:11---- 2Ch 19:11 Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Ch 19:11 Behold, Amariah the chief priest will be over you in all that pertains to the Lord, and Zebadiah the son of Ishmael, the ruler of the house of Judah, in all that pertains to the king. Also the Levites shall be officers before you. Act resolutely, and the Lord be with the upright."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Chronicles 20:1 ---- written 450-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0386_14_2_Chronicles_19_ht-en.html 0382_14_2_Chronicles_15_ht-en.html 0383_14_2_Chronicles_16_ht-en.html 0384_14_2_Chronicles_17_ht-en.html 0385_14_2_Chronicles_18_ht-en.html 0387_14_2_Chronicles_20_ht-en.html 0388_14_2_Chronicles_21_ht-en.html 0389_14_2_Chronicles_22_ht-en.html 0390_14_2_Chronicles_23_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|