|
================================================================================ ---- Ezra 4:1 ---- written 465-444 B.C.---- Ezr 4:1 Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen soti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:1 Now when the enemies of Judah and Benjamin heard that the people of the exile were building a temple to the Lord God of Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:2---- Ezr 4:2 Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:2 they approached Zerubbabel and the heads of fathers' households, and said to them, "Let us build with you, for we, like you, seek your God; and we have been sacrificing to Him since the days of Esarhaddon king of Assyria, who brought us up here."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:3---- Ezr 4:3 Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: -Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon tanp pou Seyè a, Bondye nou an. N'a bati l' nou menm, pou kont nou ak men nou, jan Siris, wa peyi Pès la, te ban nou lòd fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:3 But Zerubbabel and Jeshua and the rest of the heads of fathers' households of Israel said to them, "You have nothing in common with us in building a house to our God; but we ourselves will together build to the Lord God of Israel, as King Cyrus, the king of Persia has commanded us."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:4---- Ezr 4:4 Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:4 Then the people of the land discouraged the people of Judah, and frightened them from building,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:5---- Ezr 4:5 Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:5 and hired counselors against them to frustrate their counsel all the days of Cyrus king of Persia, even until the reign of Darius king of Persia.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:6---- Ezr 4:6 Konsa tou, lè wa Zèsès te fenk pran pouvwa a, yo ekri yon lèt akizasyon voye bay wa a kont moun k'ap viv nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:6 Now in the reign of Ahasuerus, in the beginning of his reign, they wrote an accusation against the inhabitants of Judah and Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:7---- Ezr 4:7 Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:7 And in the days of Artaxerxes, Bishlam, Mithredath, Tabeel and the rest of his colleagues wrote to Artaxerxes king of Persia; and the text of the letter was written in Aramaic and translated from Aramaic.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:8---- Ezr 4:8 (Dokiman arameyen an konmanse isit la). Se konsa Reyoum, gouvènè a, ak Chimchayi, ki te sekretè pwovens la, ekri yon lèt bay wa Atagzèsès sou keksyon lavil Jerizalèm lan. Men ki jan lèt te pati:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:8 Rehum the commander and Shimshai the scribe wrote a letter against Jerusalem to King Artaxerxes, as follows--(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:9---- Ezr 4:9 Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:9 then wrote Rehum the commander and Shimshai the scribe and the rest of their colleagues, the judges and the lesser governors, the officials, the secretaries, the men of Erech, the Babylonians, the men of Susa, that is, the Elamites,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:10---- Ezr 4:10 avèk chèf tout lòt pèp k'ap viv koulye a nan lavil peyi Samari yo ak nan rès pwovens ki bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l' la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye koulye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:10 and the rest of the nations which the great and honorable Osnappar deported and settled in the city of Samaria, and in the rest of the region beyond the River. Now(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:11---- Ezr 4:11 Men kopi lèt yo te voye bay wa a. -Pou wa Atagzèsès. Se nou menm sèvitè ou yo, moun pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, k'ap voye di ou bonjou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:11 this is the copy of the letter which they sent to him:" To King Artaxerxes: Your servants, the men in the region beyond the River, and now(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:12---- Ezr 4:12 Nou vle fè wa a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd li yo, yo vini lavil Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay ki mal. Y'ap travay pou rebati gwo miray ranpa lavil la, yo gen tan fini ak fondasyon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:12 let it be known to the king that the Jews who came up from you have come to us at Jerusalem; they are rebuilding the rebellious and evil city and are finishing the walls and repairing the foundations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:13---- Ezr 4:13 Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:13 Now let it be known to the king, that if that city is rebuilt and the walls are finished, they will not pay tribute, custom or toll, and it will damage the revenue of the kings.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:14---- Ezr 4:14 Men, paske nou respekte kontra nou gen avè ou la, monwa, nou pa ka rete konsa ap gade moun yo ap kraze enterè wa a. Se poutèt sa nou voye fè wa a konn sa,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:14 Now because we are in the service of the palace, and it is not fitting for us to see the king's dishonor, therefore we have sent and informed the king,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:15---- Ezr 4:15 pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:15 so that a search may be made in the record books of your fathers. And you will discover in the record books and learn that that city is a rebellious city and damaging to kings and provinces, and that they have incited revolt within it in past days; therefore that city was laid waste.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:16---- Ezr 4:16 Nou fè wa a konnen si yo rebati lavil sa a, si yo refè miray ranpa li yo, talè konsa wa a p'ap gen yon teritwa pou li ankò nan pwovens bò solèy kouche larivyè Lefrat la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:16 We inform the king that if that city is rebuilt and the walls finished, as a result you will have no possession in the province beyond the River."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:17---- Ezr 4:17 Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:17 Then the king sent an answer to Rehum the commander, to Shimshai the scribe, and to the rest of their colleagues who live in Samaria and in the rest of the provinces beyond the River: "Peace. And now(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:18---- Ezr 4:18 Lèt nou te voye ban mwen an rive jwenn mwen. Yo tradwi l' mo pa mo pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:18 the document which you sent to us has been translated and read before me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:19---- Ezr 4:19 Mwen pase lòd pou yo fè rechèch nan achiv yo, epi yo jwenn lavil sa a, depi tout tan, te toujou derefize soumèt devan otorite wa yo. Se tout tan gen moun la k'ap revòlte, k'ap pran lèzam kont wa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:19 A decree has been issued by me, and a search has been made and it has been discovered that that city has risen up against the kings in past days, that rebellion and revolt have been perpetrated in it,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:20---- Ezr 4:20 Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:20 that mighty kings have ruled over Jerusalem, governing all the provinces beyond the River, and that tribute, custom and toll were paid to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:21---- Ezr 4:21 Se poutèt sa, nou mèt bay lòd pou yo rete travay mesye yo ap fè a: Pesonn p'ap gen dwa rebati lavil sa a toutotan mwen pa bay lòd pou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:21 So, now issue a decree to make these men stop work, that this city may not be rebuilt until a decree is issued by me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:22---- Ezr 4:22 Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:22 Beware of being negligent in carrying out this matter; why should damage increase to the detriment of the kings?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:23---- Ezr 4:23 Fini yo fini li lèt wa Atagzèsès la bay Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak lòt kòlèg yo nan gouvènman an, mesye yo leve, yo kouri lavil Jerizalèm al jwenn jwif yo, avèk zam nan men yo, yo fòse yo sispann travay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:23 Then as soon as the copy of King Artaxerxes' document was read before Rehum and Shimshai the scribe and their colleagues, they went in haste to Jerusalem to the Jews and stopped them by force of arms.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 4:24---- Ezr 4:24 Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Ezr 4:24 Then work on the house of God in Jerusalem ceased, and it was stopped until the second year of the reign of Darius king of Persia.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezra 5:1 ---- written 465-444 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0407_15_Ezra_04_ht-en.html 0403_14_2_Chronicles_36_ht-en.html 0404_15_Ezra_01_ht-en.html 0405_15_Ezra_02_ht-en.html 0406_15_Ezra_03_ht-en.html 0408_15_Ezra_05_ht-en.html 0409_15_Ezra_06_ht-en.html 0410_15_Ezra_07_ht-en.html 0411_15_Ezra_08_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|