Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Neh 4:23 So neither I, my brothers, my servants, nor the men of the guard who followed me, none of us removed our clothes, each took his weapon even to the water.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:1 ---- written 445-425 B.C.----
Neh 5:1 Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:1 Now there was a great outcry of the people and of their wives against their Jewish brothers.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:2----
Neh 5:2 Gen en ki t'ap di: Nou gen anpil moun nan fanmi nou, anpil pitit gason ak anpil pitit fi. Nou bezwen manje pou n' manje pou n' pa mouri grangou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:2 For there were those who said, "We, our sons and our daughters are many; therefore let us get grain that we may eat and live."(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:3----
Neh 5:3 Gen lòt ki t'ap di: Nou te gen yon sèl grangou ki t'ap bat nou, nou setoblije pran potèk sou jaden nou, sou pye rezen nou yo, sou kay nou pou n' ka jwenn manje pou n' manje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:3 There were others who said, "We are mortgaging our fields, our vineyards and our houses that we might get grain because of the famine."(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:4----
Neh 5:4 Gen lòt ankò ki t'ap di: Pou n' te ka peye taks kontribisyon pou wa a, nou te setoblije prete lajan sou jaden ak pye rezen nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:4 Also there were those who said, "We have borrowed money for the king's tax on our fields and our vineyards.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:5----
Neh 5:5 Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:5 Now our flesh is like the flesh of our brothers, our children like their children. Yet behold, we are forcing our sons and our daughters to be slaves, and some of our daughters are forced into bondage already, and we are helpless because our fields and vineyards belong to others."(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:6----
Neh 5:6 Lè mwen menm, Neemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:6 Then I was very angry when I had heard their outcry and these words.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:7----
Neh 5:7 Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:7 I consulted with myself and contended with the nobles and the rulers and said to them, "You are exacting usury, each from his brother!" Therefore, I held a great assembly against them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:8----
Neh 5:8 Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:8 I said to them, "We according to our ability have redeemed our Jewish brothers who were sold to the nations; now would you even sell your brothers that they may be sold to us?" Then they were silent and could not find a word to say.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:9----
Neh 5:9 Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:9 Again I said, "The thing which you are doing is not good; should you not walk in the fear of our God because of the reproach of the nations, our enemies?(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:10----
Neh 5:10 Moun lakay mwen yo ansanm ak moun pa m' yo tou, ak mwen menm tou, nou te prete yo lajan ak ble. Nou p'ap mande yo pou yo renmèt nou sa yo dwe nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:10 And likewise I, my brothers and my servants are lending them money and grain. Please, let us leave off this usury.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:11----
Neh 5:11 Renmèt yo jaden yo, pye rezen yo, pye oliv yo ak kay yo touswit. Kite tou sa yo dwe nou pou yo, kit se lajan, kit se ble, kit se diven, kit se lwil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:11 Please, give back to them this very day their fields, their vineyards, their olive groves and their houses, also the hundredth part of the money and of the grain, the new wine and the oil that you are exacting from them."(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:12----
Neh 5:12 Chèf yo reponn: -Wi! N'ap fè jan ou di l' la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou. Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:12 Then they said, "We will give it back and will require nothing from them; we will do exactly as you say." So I called the priests and took an oath from them that they would do according to this promise.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:13----
Neh 5:13 Apre sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, mwen vire l' tèt anba, mwen souke l', epi mwen di: -Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l' souke l' konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l' san anyen. Tout moun ki te la yo reponn: -Amèn! Se sa menm! Se sa menm! Apre sa, yo fè lwanj Seyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:13 I also shook out the front of my garment and said, "Thus may God shake out every man from his house and from his possessions who does not fulfill this promise; even thus may he be shaken out and emptied." And all the assembly said, "Amen!" And they praised the Lord. Then the people did according to this promise.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:14----
Neh 5:14 Pandan tout douzan mwen pase gouvènè nan peyi Jida a, depi jou wa Atagzèsès te nonmen m' nan pòs sa a, lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te wa, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen ni ankenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:14 Moreover, from the day that I was appointed to be their governor in the land of Judah, from the twentieth year to the thirty-second year of King Artaxerxes, for twelve years, neither I nor my kinsmen have eaten the governor's food allowance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:15----
Neh 5:15 Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:15 But the former governors who were before me laid burdens on the people and took from them bread and wine besides forty shekels of silver; even their servants domineered the people. But I did not do so because of the fear of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:16----
Neh 5:16 Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte ankenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m' yo te la tou nan travay miray la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:16 I also applied myself to the work on this wall; we did not buy any land, and all my servants were gathered there for the work.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:17----
Neh 5:17 Chak jou mwen te gen sansenkant moun ap manje sou menm tab avè m' lakay mwen: se te chèf yo ak majistra yo, san konte tout lòt moun ki te vin lakay mwen soti nan lòt peyi nan vwazinaj la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:17 Moreover, there were at my table one hundred and fifty Jews and officials, besides those who came to us from the nations that were around us.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:18----
Neh 5:18 Chak jou mwen te fè yo kwit pou mwen yon bèf, sis bon mouton byen gra ak anpil bèt volay. Se mwen menm ki te peye pou tout bagay sa yo ak lajan nan pòch mwen. Chak dis jou mwen fè yon pwovizyon diven fre. Men, malgre sa, mwen pa janm mande pou yo ban mwen sa pou yo bay gouvènè a pou manje l', paske pèp la te gen kont chay sou do li deja.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:18 Now that which was prepared for each day was one ox and six choice sheep, also birds were prepared for me; and once in ten days all sorts of wine were furnished in abundance. Yet for all this I did not demand the governor's food allowance, because the servitude was heavy on this people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 5:19----
Neh 5:19 Bondye mwen, tanpri, pa bliye anyen nan tou sa mwen fè pou pèp sa a. Make sa yon kote pou mwen!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 5:19 Remember me, O my God, for good, according to all that I have done for this people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 6:1 ---- written 445-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0418_16_Nehemiah_05_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0414_16_Nehemiah_01_ht-en.html
0415_16_Nehemiah_02_ht-en.html
0416_16_Nehemiah_03_ht-en.html
0417_16_Nehemiah_04_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0419_16_Nehemiah_06_ht-en.html
0420_16_Nehemiah_07_ht-en.html
0421_16_Nehemiah_08_ht-en.html
0422_16_Nehemiah_09_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."