Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Neh 12:47 So all Israel in the days of Zerubbabel and Nehemiah gave the portions due the singers and the gatekeepers as each day required, and set apart the consecrated portion for the Levites, and the Levites set apart the consecrated portion for the sons of Aaron.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:1 ---- written 445-425 B.C.----
Neh 13:1 Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:1 On that day they read aloud from the book of Moses in the hearing of the people; and there was found written in it that no Ammonite or Moabite should ever enter the assembly of God,(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:2----
Neh 13:2 Paske moun Amon ak moun Moab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. Okontrè, yo bay Balaram lajan pou l' te ka madichonnen yo. Men, Bondye fè tou, li vire madichon an, li fè l' tounen benediksyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:2 because they did not meet the sons of Israel with bread and water, but hired Balaam against them to curse them. However, our God turned the curse into a blessing.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:3----
Neh 13:3 Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:3 So when they heard the law, they excluded all foreigners from Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:4----
Neh 13:4 Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:4 Now prior to this, Eliashib the priest, who was appointed over the chambers of the house of our God, being related to Tobiah,(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:5----
Neh 13:5 Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:5 had prepared a large room for him, where formerly they put the grain offerings, the frankincense, the utensils and the tithes of grain, wine and oil prescribed for the Levites, the singers and the gatekeepers, and the contributions for the priests.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:6----
Neh 13:6 Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa t' lavil Jerizalèm paske, lè wa Atagzèsès te rive sou tranndezan depi l' t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote l'. Kèk tan apre sa, li ban m' otorizasyon ankò,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:6 But during all this time I was not in Jerusalem, for in the thirty-second year of Artaxerxes king of Babylon I had gone to the king. After some time, however, I asked leave from the king,(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:7----
Neh 13:7 epi m' tounen lavil Jerizalèm. Se lè sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fè a, lè li te pran yon chanm nan lakou tanp Bondye a pou l' te bay Tobija rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:7 and I came to Jerusalem and learned about the evil that Eliashib had done for Tobiah, by preparing a room for him in the courts of the house of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:8----
Neh 13:8 Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:8 It was very displeasing to me, so I threw all of Tobiah's household goods out of the room.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:9----
Neh 13:9 Lèfini, mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:9 Then I gave an order and they cleansed the rooms; and I returned there the utensils of the house of God with the grain offerings and the frankincense.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:10----
Neh 13:10 Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:10 I also discovered that the portions of the Levites had not been given them, so that the Levites and the singers who performed the service had gone away, each to his own field.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:11----
Neh 13:11 Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fè yo tounen nan tanp lan vin fè travay yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:11 So I reprimanded the officials and said, "Why is the house of God forsaken?" Then I gathered them together and restored them to their posts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:12----
Neh 13:12 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:12 All Judah then brought the tithe of the grain, wine and oil into the storehouses.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:13----
Neh 13:13 Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon direktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:13 In charge of the storehouses I appointed Shelemiah the priest, Zadok the scribe, and Pedaiah of the Levites, and in addition to them was Hanan the son of Zaccur, the son of Mattaniah; for they were considered reliable, and it was their task to distribute to their kinsmen.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:14----
Neh 13:14 Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nèt pou sèvi ou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:14 Remember me for this, O my God, and do not blot out my loyal deeds which I have performed for the house of my God and its services.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:15----
Neh 13:15 Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:15 In those days I saw in Judah some who were treading wine presses on the sabbath, and bringing in sacks of grain and loading them on donkeys, as well as wine, grapes, figs and all kinds of loads, and they brought them into Jerusalem on the sabbath day. So I admonished them on the day they sold food.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:16----
Neh 13:16 Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:16 Also men of Tyre were living there who imported fish and all kinds of merchandise, and sold them to the sons of Judah on the sabbath, even in Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:17----
Neh 13:17 Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:17 Then I reprimanded the nobles of Judah and said to them, "What is this evil thing you are doing, by profaning the sabbath day?(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:18----
Neh 13:18 Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:18 Did not your fathers do the same, so that our God brought on us and on this city all this trouble? Yet you are adding to the wrath on Israel by profaning the sabbath."(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:19----
Neh 13:19 Se konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m' menm ap veye bò pòtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:19 It came about that just as it grew dark at the gates of Jerusalem before the sabbath, I commanded that the doors should be shut and that they should not open them until after the sabbath. Then I stationed some of my servants at the gates so that no load would enter on the sabbath day.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:20----
Neh 13:20 Yonn ou de fwa, kèk machann k'ap fè trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavèy jou repo a, deyò lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:20 Once or twice the traders and merchants of every kind of merchandise spent the night outside Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:21----
Neh 13:21 Mwen avèti yo, mwen di yo: -Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou. Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:21 Then I warned them and said to them, "Why do you spend the night in front of the wall? If you do so again, I will use force against you." From that time on they did not come on the sabbath.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:22----
Neh 13:22 Mwen bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l' la. Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:22 And I commanded the Levites that they should purify themselves and come as gatekeepers to sanctify the sabbath day. For this also remember me, O my God, and have compassion on me according to the greatness of Your lovingkindness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:23----
Neh 13:23 Se lè sa a tou, mwen vin wè te gen anpil jwif ki te marye ak fanm ki te moun peyi Asdòd, moun peyi Amon osinon moun peyi Moab.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:23 In those days I also saw that the Jews had married women from Ashdod, Ammon and Moab.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:24----
Neh 13:24 Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdòd la ase ou ankò yon lòt kalite lang. Yo pa t' konn pale lang nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:24 As for their children, half spoke in the language of Ashdod, and none of them was able to speak the language of Judah, but the language of his own people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:25----
Neh 13:25 Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:25 So I contended with them and cursed them and struck some of them and pulled out their hair, and made them swear by God, "You shall not give your daughters to their sons, nor take of their daughters for your sons or for yourselves.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:26----
Neh 13:26 Mwen di yo: -Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pa t' gen tankou l' nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l' la te renmen l', atout se Bondye menm ki te mete l' wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l' fè sa ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:26 Did not Solomon king of Israel sin regarding these things? Yet among the many nations there was no king like him, and he was loved by his God, and God made him king over all Israel; nevertheless the foreign women caused even him to sin.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:27----
Neh 13:27 Koulye a nou ta renmen tout moun vin konnen n'ap fè menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medam ki moun lòt nasyon?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:27 Do we then hear about you that you have committed all this great evil by acting unfaithfully against our God by marrying foreign women?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:28----
Neh 13:28 Jojada te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l' yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l' deyò pou m' pa janm wè l' devan je m' ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:28 Even one of the sons of Joiada, the son of Eliashib the high priest, was a son-in-law of Sanballat the Horonite, so I drove him away from me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:29----
Neh 13:29 O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:29 Remember them, O my God, because they have defiled the priesthood and the covenant of the priesthood and the Levites.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:30----
Neh 13:30 Mwen te wete tout bagay ki pou moun lòt nasyon yo nan mitan pèp la pou yo te ka nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mwen fè regleman pou prèt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:30 Thus I purified them from everything foreign and appointed duties for the priests and the Levites, each in his task,(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 13:31----
Neh 13:31 Mwen bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 13:31 and I arranged for the supply of wood at appointed times and for the first fruits. Remember me, O my God, for good.(NASB-1995)

================================================================================


top of the page
THIS CHAPTER:    0426_16_Nehemiah_13_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0422_16_Nehemiah_09_ht-en.html
0423_16_Nehemiah_10_ht-en.html
0424_16_Nehemiah_11_ht-en.html
0425_16_Nehemiah_12_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0427_17_Esther_01_ht-en.html
0428_17_Esther_02_ht-en.html
0429_17_Esther_03_ht-en.html
0430_17_Esther_04_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."