|
================================================================================ ---- Isaiah 30:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 30:1 Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:1 "Woe to the rebellious children," declares the Lord, "Who execute a plan, but not Mine, And make an alliance, but not of My Spirit, In order to add sin to sin;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:2---- Isa 30:2 Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:2 Who proceed down to Egypt Without consulting Me, To take refuge in the safety of Pharaoh And to seek shelter in the shadow of Egypt!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:3---- Isa 30:3 Men, farawon an p'ap ka fè anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:3 "Therefore the safety of Pharaoh will be your shame And the shelter in the shadow of Egypt, your humiliation.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:4---- Isa 30:4 Malgre delege yo gen tan rive lavil Zoan ak lavil Anès,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:4 "For their princes are at Zoan And their ambassadors arrive at Hanes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:5---- Isa 30:5 pèp Jida a pral règrèt yo te janm mete konfyans yo nan yon pèp ki pa ka fè anyen pou yo, yon nasyon ki pa ka ni ede yo ni pote yo sekou, yon nasyon k'ap fè yo wont, yon nasyon k'ap ba yo desepsyon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:5 "Everyone will be ashamed because of a people who cannot profit them, Who are not for help or profit, but for shame and also for reproach."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:6---- Isa 30:6 Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:6 The oracle concerning the beasts of the Negev. Through a land of distress and anguish, From where come lioness and lion, viper and flying serpent, They carry their riches on the backs of young donkeys And their treasures on camels' humps, To a people who cannot profit them;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:7---- Isa 30:7 Paske konkou Lejip ap ba yo a p'ap sèvi yo anyen, paske li pa vo anyen, se poutèt sa mwen bay peyi a yon ti non. Mwen rele l': Dragon dan kase a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:7 Even Egypt, whose help is vain and empty. Therefore, I have called her "Rahab who has been exterminated."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:8---- Isa 30:8 Seyè a di m': -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l' nan yon woulo liv, pou sa ka toujou sèvi m' temwen kont yo pou tout tan tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:8 Now go, write it on a tablet before them And inscribe it on a scroll, That it may serve in the time to come As a witness forever.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:9---- Isa 30:9 Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:9 For this is a rebellious people, false sons, Sons who refuse to listen To the instruction of the Lord;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:10---- Isa 30:10 Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:10 Who say to the seers, "You must not see visions"; And to the prophets, "You must not prophesy to us what is right, Speak to us pleasant words, Prophesy illusions.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:11---- Isa 30:11 Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:11 "Get out of the way, turn aside from the path, Let us hear no more about the Holy One of Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:12---- Isa 30:12 Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:12 Therefore thus says the Holy One of Israel, "Since you have rejected this word And have put your trust in oppression and guile, and have relied on them,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:13---- Isa 30:13 Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:13 Therefore this iniquity will be to you Like a breach about to fall, A bulge in a high wall, Whose collapse comes suddenly in an instant,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:14---- Isa 30:14 N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:14 Whose collapse is like the smashing of a potter's jar, So ruthlessly shattered That a sherd will not be found among its pieces To take fire from a hearth Or to scoop water from a cistern."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:15---- Isa 30:15 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, lèfini ret trankil, n'a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout fòs nou. Men, nou pa t' vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:15 For thus the Lord God, the Holy One of Israel, has said, "In repentance and rest you will be saved, In quietness and trust is your strength." But you were not willing,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:16---- Isa 30:16 Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:16 And you said, "No, for we will flee on horses," Therefore you shall flee! "And we will ride on swift horses," Therefore those who pursue you shall be swift.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:17---- Isa 30:17 Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:17 One thousand will flee at the threat of one man; You will flee at the threat of five, Until you are left as a flag on a mountain top And as a signal on a hill.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:18---- Isa 30:18 Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:18 Therefore the Lord longs to be gracious to you, And therefore He waits on high to have compassion on you. For the Lord is a God of justice; How blessed are all those who long for Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:19---- Isa 30:19 Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:19 O people in Zion, inhabitant in Jerusalem, you will weep no longer. He will surely be gracious to you at the sound of your cry; when He hears it, He will answer you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:20---- Isa 30:20 Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap wè l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:20 Although the Lord has given you bread of privation and water of oppression, He, your Teacher will no longer hide Himself, but your eyes will behold your Teacher.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:21---- Isa 30:21 Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:21 Your ears will hear a word behind you, "This is the way, walk in it," whenever you turn to the right or to the left.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:22---- Isa 30:22 N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:22 And you will defile your graven images overlaid with silver, and your molten images plated with gold. You will scatter them as an impure thing, and say to them, "Be gone!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:23---- Isa 30:23 Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:23 Then He will give you rain for the seed which you will sow in the ground, and bread from the yield of the ground, and it will be rich and plenteous; on that day your livestock will graze in a roomy pasture.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:24---- Isa 30:24 Towo bèf ak bourik k'ap sèvi pou travay tè nou va jwenn bon manje pou yo manje, bon zèb sale y'a vannen epi y'a ranmase ak fouch mete nan depo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:24 Also the oxen and the donkeys which work the ground will eat salted fodder, which has been winnowed with shovel and fork.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:25---- Isa 30:25 Jou y'a kraze fò lènmi nou yo, jou y'a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:25 On every lofty mountain and on every high hill there will be streams running with water on the day of the great slaughter, when the towers fall.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:26---- Isa 30:26 Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:26 The light of the moon will be as the light of the sun, and the light of the sun will be seven times brighter, like the light of seven days, on the day the Lord binds up the fracture of His people and heals the bruise He has inflicted.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:27---- Isa 30:27 Pouvwa Bondye a pral vin soti byen lwen. Dife ak lafimen ap fè wè jan li move. L'ap fè kòlè, pawòl li yo tankou boukan dife nan raje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:27 Behold, the name of the Lord comes from a remote place; Burning is His anger and dense is His smoke; His lips are filled with indignation And His tongue is like a consuming fire;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:28---- Isa 30:28 Li fè van soufle, ou ta di yon ravin k'ap desann, dlo li rive rabo. L'ap boulvèse nasyon yo jouk li detwi yo, l'ap detounen tout move lide yo te gen nan tèt yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:28 His breath is like an overflowing torrent, Which reaches to the neck, To shake the nations back and forth in a sieve, And to put in the jaws of the peoples the bridle which leads to ruin.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:29---- Isa 30:29 Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l' lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Seyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:29 You will have songs as in the night when you keep the festival, And gladness of heart as when one marches to the sound of the flute, To go to the mountain of the Lord, to the Rock of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:30---- Isa 30:30 Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:30 And the Lord will cause His voice of authority to be heard, And the descending of His arm to be seen in fierce anger, And in the flame of a consuming fire In cloudburst, downpour and hailstones.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:31---- Isa 30:31 Moun peyi Lasiri yo pral tranble lè y'a tande vwa Seyè a k'ap ba yo baton.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:31 For at the voice of the Lord Assyria will be terrified, When He strikes with the rod.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:32---- Isa 30:32 Chak fwa Seyè a va ba yo yon kout baton pou l' pini yo, y'a tande son tanbou ak son gita k'ap jwe nan peyi Izrayèl. Se Seyè a menm ki pral goumen ak moun Lasiri yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:32 And every blow of the rod of punishment, Which the Lord will lay on him, Will be with the music of tambourines and lyres; And in battles, brandishing weapons, He will fight them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 30:33---- Isa 30:33 Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 30:33 For Topheth has long been ready, Indeed, it has been prepared for the king. He has made it deep and large, A pyre of fire with plenty of wood; The breath of the Lord, like a torrent of brimstone, sets it afire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 31:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0709_23_Isaiah_30_ht-en.html 0705_23_Isaiah_26_ht-en.html 0706_23_Isaiah_27_ht-en.html 0707_23_Isaiah_28_ht-en.html 0708_23_Isaiah_29_ht-en.html 0710_23_Isaiah_31_ht-en.html 0711_23_Isaiah_32_ht-en.html 0712_23_Isaiah_33_ht-en.html 0713_23_Isaiah_34_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|