|
================================================================================ ---- Isaiah 41:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 41:1 Nou menm moun zile yo, pe bouch nou! Koute sa m'ap di nou! Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou! Annou plede pou n' wè kilès ki gen rezon!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:1 "Coastlands, listen to Me in silence, And let the peoples gain new strength; Let them come forward, then let them speak; Let us come together for judgment.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:2---- Isa 41:2 Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:2 "Who has aroused one from the east Whom He calls in righteousness to His feet? He delivers up nations before him And subdues kings. He makes them like dust with his sword, As the wind-driven chaff with his bow.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:3---- Isa 41:3 L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen. Pye l' pa menm touche tè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:3 "He pursues them, passing on in safety, By a way he had not been traversing with his feet.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:4---- Isa 41:4 Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kòmansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Seyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:4 "Who has performed and accomplished it, Calling forth the generations from the beginning? 'I, the Lord, am the first, and with the last. I am He.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:5---- Isa 41:5 Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:5 The coastlands have seen and are afraid; The ends of the earth tremble; They have drawn near and have come.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:6---- Isa 41:6 Yonn ap ede lòt. Yonn ap di lòt: Pran kouraj!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:6 Each one helps his neighbor And says to his brother," Be strong!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:7---- Isa 41:7 Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la. Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l' yo ap ankouraje bòs fòjon an. Yon lòt di: Soudi a bon! Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:7 So the craftsman encourages the smelter, And he who smooths metal with the hammer encourages him who beats the anvil, Saying of the soldering," It is good"; And he fastens it with nails, So that it will not totter.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:8---- Isa 41:8 Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:8 "But you, Israel, My servant, Jacob whom I have chosen, Descendant of Abraham My friend,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:9---- Isa 41:9 Mwen pran nou nan dènye bout latè, mwen rele nou soti byen lwen. Mwen di nou: Se sèvitè m' nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:9 You whom I have taken from the ends of the earth, And called from its remotest parts And said to you, 'You are My servant, I have chosen you and not rejected you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:10---- Isa 41:10 Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:10 'Do not fear, for I am with you; Do not anxiously look about you, for I am your God. I will strengthen you, surely I will help you, Surely I will uphold you with My righteous right hand.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:11---- Isa 41:11 Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tèt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt, yo pral mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:11 "Behold, all those who are angered at you will be shamed and dishonored; Those who contend with you will be as nothing and will perish.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:12---- Isa 41:12 Moun ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo. Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:12 "You will seek those who quarrel with you, but will not find them, Those who war with you will be as nothing and non-existent.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:13---- Isa 41:13 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:13 "For I am the Lord your God, who upholds your right hand, Who says to you, 'Do not fear, I will help you.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:14---- Isa 41:14 Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:14 "Do not fear, you worm Jacob, you men of Israel; I will help you," declares the Lord,"and your Redeemer is the Holy One of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:15---- Isa 41:15 M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè, yon machin tou nèf avèk dan byen file. Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:15 "Behold, I have made you a new, sharp threshing sledge with double edges; You will thresh the mountains and pulverize them, And will make the hills like chaff.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:16---- Isa 41:16 Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:16 "You will winnow them, and the wind will carry them away, And the storm will scatter them; But you will rejoice in the Lord, You will glory in the Holy One of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:17---- Isa 41:17 Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:17 "The afflicted and needy are seeking water, but there is none, And their tongue is parched with thirst; I, the Lord, will answer them Myself, As the God of Israel I will not forsake them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:18---- Isa 41:18 M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk kote ki pa t' gen menm yon ti pyebwa. M'a fè sous dlo pete nan fon yo. M'ap fè dezè a tounen lagon dlo. Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:18 "I will open rivers on the bare heights And springs in the midst of the valleys; I will make the wilderness a pool of water And the dry land fountains of water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:19---- Isa 41:19 M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadòm ak pye sèd.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:19 "I will put the cedar in the wilderness, The acacia and the myrtle and the olive tree; I will place the juniper in the desert Together with the box tree and the cypress,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:20---- Isa 41:20 Lè moun va wè sa, y'a konnen pou yo pran tèt yo, pou yo manyè konprann se Seyè a ki fè bagay sa yo ak men l', se travay Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:20 That they may see and recognize, And consider and gain insight as well, That the hand of the Lord has done this, And the Holy One of Israel has created it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:21---- Isa 41:21 Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:21 "Present your case," the Lord says. "Bring forward your strong arguments," The King of Jacob says.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:22---- Isa 41:22 Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fè nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekonèt sa lè l'a rive vre!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:22 Let them bring forth and declare to us what is going to take place; As for the former events, declare what they were, That we may consider them and know their outcome. Or announce to us what is coming;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:23---- Isa 41:23 Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon, pou n' ka wè l', pou nou ka egzaminen l' ansanm!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:23 Declare the things that are going to come afterward, That we may know that you are gods; Indeed, do good or evil, that we may anxiously look about us and fear together.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:24---- Isa 41:24 Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:24 Behold, you are of no account, And your work amounts to nothing; He who chooses you is an abomination.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:25---- Isa 41:25 Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:25 "I have aroused one from the north, and he has come; From the rising of the sun he will call on My name; And he will come upon rulers as upon mortar, Even as the potter treads clay."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:26---- Isa 41:26 Anvan sa te rive, kilès nan nou ki te di sa pou n' te ka konnen? Ki moun ki te di davans sa tapral rive konsa, pou n' te ka di se vre? Non. Pesonn pa t' di anyen sou sa. Pyès moun pa janm tande nou di yon mo sou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:26 Who has declared this from the beginning, that we might know? Or from former times, that we may say, "He is right!"? Surely there was no one who declared, Surely there was no one who proclaimed, Surely there was no one who heard your words.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:27---- Isa 41:27 Se mwen menm premye moun ki bay moun Siyon yo nouvèl men l'ap vini! Se mwen menm ki voye yon moun al pote bon nouvèl la bay lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:27 "Formerly I said to Zion, 'Behold, here they are.' And to Jerusalem, 'I will give a messenger of good news.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:28---- Isa 41:28 Lè mwen gade nan tout bondye nou yo, mwen pa wè yonn ki te gen anyen pou l' te di. Pa t' gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m' ta mande l' anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:28 "But when I look, there is no one, And there is no counselor among them Who, if I ask, can give an answer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 41:29---- Isa 41:29 Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fè anyen menm. Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 41:29 "Behold, all of them are false; Their works are worthless, Their molten images are wind and emptiness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 42:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0720_23_Isaiah_41_ht-en.html 0716_23_Isaiah_37_ht-en.html 0717_23_Isaiah_38_ht-en.html 0718_23_Isaiah_39_ht-en.html 0719_23_Isaiah_40_ht-en.html 0721_23_Isaiah_42_ht-en.html 0722_23_Isaiah_43_ht-en.html 0723_23_Isaiah_44_ht-en.html 0724_23_Isaiah_45_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|