|
================================================================================ ---- Jeremiah 6:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- Jer 6:1 Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:1 "Flee for safety, O sons of Benjamin, From the midst of Jerusalem! Now blow a trumpet in Tekoa And raise a signal over Beth-haccerem; For evil looks down from the north, And a great destruction.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:2---- Jer 6:2 Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:2 "The comely and dainty one, the daughter of Zion, I will cut off.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:3---- Jer 6:3 Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:3 "Shepherds and their flocks will come to her, They will pitch their tents around her, They will pasture each in his place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:4---- Jer 6:4 Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l' gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gen tan ap kouche. Konmanse fènwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:4 "Prepare war against her; Arise, and let us attack at noon. Woe to us, for the day declines, For the shadows of the evening lengthen!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:5---- Jer 6:5 Leve non! Ann al atake l' gwo lannwit. Nou pral detwi tout gwo bèl kay li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:5 "Arise, and let us attack by night And destroy her palaces!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:6---- Jer 6:6 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: -Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:6 For thus says the Lord of hosts, "Cut down her trees And cast up a siege against Jerusalem. This is the city to be punished, In whose midst there is only oppression.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:7---- Jer 6:7 Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:7 "As a well keeps its waters fresh, So she keeps fresh her wickedness. Violence and destruction are heard in her; Sickness and wounds are ever before Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:8---- Jer 6:8 Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:8 "Be warned, O Jerusalem, Or I shall be alienated from you, And make you a desolation, A land not inhabited."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:9---- Jer 6:9 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:9 Thus says the Lord of hosts, "They will thoroughly glean as the vine the remnant of Israel; Pass your hand again like a grape gatherer Over the branches."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:10---- Jer 6:10 Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:10 To whom shall I speak and give warning That they may hear? Behold, their ears are closed And they cannot listen. Behold, the word of the Lord has become a reproach to them; They have no delight in it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:11---- Jer 6:11 Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:11 But I am full of the wrath of the Lord; I am weary with holding it in. "Pour it out on the children in the street And on the gathering of young men together; For both husband and wife shall be taken, The aged and the very old.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:12---- Jer 6:12 Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:12 "Their houses shall be turned over to others, Their fields and their wives together; For I will stretch out My hand Against the inhabitants of the land," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:13---- Jer 6:13 Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:13 "For from the least of them even to the greatest of them, Everyone is greedy for gain, And from the prophet even to the priest Everyone deals falsely.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:14---- Jer 6:14 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:14 "They have healed the brokenness of My people superficially, Saying, 'Peace, peace, 'But there is no peace.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:15---- Jer 6:15 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:15 "Were they ashamed because of the abomination they have done? They were not even ashamed at all; They did not even know how to blush. Therefore they shall fall among those who fall; At the time that I punish them, They shall be cast down," says the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:16---- Jer 6:16 Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:16 Thus says the Lord, "Stand by the ways and see and ask for the ancient paths, Where the good way is, and walk in it; And you will find rest for your souls. But they said, 'We will not walk in it.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:17---- Jer 6:17 Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:17 "And I set watchmen over you, saying, 'Listen to the sound of the trumpet!'But they said, 'We will not listen.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:18---- Jer 6:18 Se poutèt sa, Seyè a di ankò: -Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute! Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:18 "Therefore hear, O nations, And know, O congregation, what is among them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:19---- Jer 6:19 Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:19 "Hear, O earth: behold, I am bringing disaster on this people, The fruit of their plans, Because they have not listened to My words, And as for My law, they have rejected it also.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:20---- Jer 6:20 Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:20 "For what purpose does frankincense come to Me from Sheba And the sweet cane from a distant land? Your burnt offerings are not acceptable And your sacrifices are not pleasing to Me."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:21---- Jer 6:21 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinaj yo pral mouri tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:21 Therefore, thus says the Lord, "Behold, I am laying stumbling blocks before this people. And they will stumble against them, Fathers and sons together; Neighbor and friend will perish."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:22---- Jer 6:22 Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:22 Thus says the Lord, "Behold, a people is coming from the north land, And a great nation will be aroused from the remote parts of the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:23---- Jer 6:23 Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:23 "They seize bow and spear; They are cruel and have no mercy; Their voice roars like the sea, And they ride on horses, Arrayed as a man for the battle Against you, O daughter of Zion!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:24---- Jer 6:24 Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:24 We have heard the report of it; Our hands are limp. Anguish has seized us, Pain as of a woman in childbirth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:25---- Jer 6:25 Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:25 Do not go out into the field And do not walk on the road, For the enemy has a sword, Terror is on every side.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:26---- Jer 6:26 Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:26 O daughter of my people, put on sackcloth And roll in ashes; Mourn as for an only son, A lamentation most bitter. For suddenly the destroyer Will come upon us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:27---- Jer 6:27 Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:27 "I have made you an assayer and a tester among My people, That you may know and assay their way."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:28---- Jer 6:28 Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:28 All of them are stubbornly rebellious, Going about as a talebearer. They are bronze and iron; They, all of them, are corrupt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:29---- Jer 6:29 Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:29 The bellows blow fiercely, The lead is consumed by the fire; In vain the refining goes on, But the wicked are not separated.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 6:30---- Jer 6:30 Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 6:30 They call them rejected silver, Because the Lord has rejected them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 7:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0751_24_Jeremiah_06_ht-en.html 0747_24_Jeremiah_02_ht-en.html 0748_24_Jeremiah_03_ht-en.html 0749_24_Jeremiah_04_ht-en.html 0750_24_Jeremiah_05_ht-en.html 0752_24_Jeremiah_07_ht-en.html 0753_24_Jeremiah_08_ht-en.html 0754_24_Jeremiah_09_ht-en.html 0755_24_Jeremiah_10_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|