|
================================================================================ ---- Jeremiah 14:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- Jer 14:1 Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l':(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:1 That which came as the word of the Lord to Jeremiah in regard to the drought:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:2---- Jer 14:2 -Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:2 "Judah mourns And her gates languish; They sit on the ground in mourning, And the cry of Jerusalem has ascended.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:3---- Jer 14:3 Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:3 "Their nobles have sent their servants for water; They have come to the cisterns and found no water. They have returned with their vessels empty; They have been put to shame and humiliated, And they cover their heads.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:4---- Jer 14:4 Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:4 "Because the ground is cracked, For there has been no rain on the land; The farmers have been put to shame, They have covered their heads.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:5---- Jer 14:5 Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:5 "For even the doe in the field has given birth only to abandon her young, Because there is no grass.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:6---- Jer 14:6 Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:6 "The wild donkeys stand on the bare heights; They pant for air like jackals, Their eyes fail For there is no vegetation.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:7---- Jer 14:7 Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:7 "Although our iniquities testify against us, O Lord, act for Your name's sake! Truly our apostasies have been many, We have sinned against You.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:8---- Jer 14:8 Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:8 "O Hope of Israel, Its Savior in time of distress, Why are You like a stranger in the land Or like a traveler who has pitched his tent for the night?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:9---- Jer 14:9 Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:9 "Why are You like a man dismayed, Like a mighty man who cannot save? Yet You are in our midst, O Lord, And we are called by Your name; Do not forsake us!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:10---- Jer 14:10 Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:10 Thus says the Lord to this people," Even so they have loved to wander; they have not kept their feet in check. Therefore the Lord does not accept them; now He will remember their iniquity and call their sins to account."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:11---- Jer 14:11 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:11 So the Lord said to me, "Do not pray for the welfare of this people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:12---- Jer 14:12 Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:12 When they fast, I am not going to listen to their cry; and when they offer burnt offering and grain offering, I am not going to accept them. Rather I am going to make an end of them by the sword, famine and pestilence."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:13---- Jer 14:13 Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:13 But," Ah, Lord God!" I said, "Look, the prophets are telling them, 'You will not see the sword nor will you have famine, but I will give you lasting peace in this place.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:14---- Jer 14:14 Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:14 Then the Lord said to me, "The prophets are prophesying falsehood in My name. I have neither sent them nor commanded them nor spoken to them; they are prophesying to you a false vision, divination, futility and the deception of their own minds.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:15---- Jer 14:15 Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:15 Therefore thus says the Lord concerning the prophets who are prophesying in My name, although it was not I who sent them - yet they keep saying, 'There will be no sword or famine in this land' - by sword and famine those prophets shall meet their end!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:16---- Jer 14:16 Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:16 The people also to whom they are prophesying will be thrown out into the streets of Jerusalem because of the famine and the sword; and there will be no one to bury them - neither them, nor their wives, nor their sons, nor their daughters - for I will pour out their own wickedness on them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:17---- Jer 14:17 Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:17 "You will say this word to them, 'Let my eyes flow down with tears night and day, And let them not cease; For the virgin daughter of my people has been crushed with a mighty blow, With a sorely infected wound.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:18---- Jer 14:18 Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:18 'If I go out to the country, Behold, those slain with the sword! Or if I enter the city, Behold, diseases of famine! For both prophet and priest Have gone roving about in the land that they do not know.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:19---- Jer 14:19 Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:19 Have You completely rejected Judah? Or have You loathed Zion? Why have You stricken us so that we are beyond healing? We waited for peace, but nothing good came; And for a time of healing, but behold, terror!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:20---- Jer 14:20 Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:20 We know our wickedness, O Lord, The iniquity of our fathers, for we have sinned against You.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:21---- Jer 14:21 Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou! Jerizalèm, se la fotèy pouvwa ou la chita. Pa avili l'. Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:21 Do not despise us, for Your own name's sake; Do not disgrace the throne of Your glory; Remember and do not annul Your covenant with us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 14:22---- Jer 14:22 Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 14:22 Are there any among the idols of the nations who give rain? Or can the heavens grant showers? Is it not You, O Lord our God? Therefore we hope in You, For You are the one who has done all these things.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 15:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0759_24_Jeremiah_14_ht-en.html 0755_24_Jeremiah_10_ht-en.html 0756_24_Jeremiah_11_ht-en.html 0757_24_Jeremiah_12_ht-en.html 0758_24_Jeremiah_13_ht-en.html 0760_24_Jeremiah_15_ht-en.html 0761_24_Jeremiah_16_ht-en.html 0762_24_Jeremiah_17_ht-en.html 0763_24_Jeremiah_18_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|