|
================================================================================ ---- Jeremiah 26:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- Jer 26:1 Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:1 In the beginning of the reign of Jehoiakim the son of Josiah, king of Judah, this word came from the Lord, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:2---- Jer 26:2 Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:2 "Thus says the Lord, 'Stand in the court of the Lord's house, and speak to all the cities of Judah who have come to worship in the Lord's house all the words that I have commanded you to speak to them. Do not omit a word!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:3---- Jer 26:3 Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:3 Perhaps they will listen and everyone will turn from his evil way, that I may repent of the calamity which I am planning to do to them because of the evil of their deeds.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:4---- Jer 26:4 Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:4 And you will say to them, 'Thus says the Lord, "If you will not listen to Me, to walk in My law which I have set before you,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:5---- Jer 26:5 Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m' yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:5 to listen to the words of My servants the prophets, whom I have been sending to you again and again, but you have not listened;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:6---- Jer 26:6 Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:6 then I will make this house like Shiloh, and this city I will make a curse to all the nations of the earth."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:7---- Jer 26:7 Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesaj sa a nan lakou Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:7 The priests and the prophets and all the people heard Jeremiah speaking these words in the house of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:8---- Jer 26:8 Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:8 When Jeremiah finished speaking all that the Lord had commanded him to speak to all the people, the priests and the prophets and all the people seized him, saying, "You must die!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:9---- Jer 26:9 Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l'? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:9 Why have you prophesied in the name of the Lord saying, 'This house will be like Shiloh and this city will be desolate, without inhabitant'?" And all the people gathered about Jeremiah in the house of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:10---- Jer 26:10 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y' al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:10 When the officials of Judah heard these things, they came up from the king's house to the house of the Lord and sat in the entrance of the New Gate of the Lord's house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:11---- Jer 26:11 Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: -Nonm sa a merite pou yo touye l' paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l' ak pwòp zòrèy nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:11 Then the priests and the prophets spoke to the officials and to all the people, saying, "A death sentence for this man! For he has prophesied against this city as you have heard in your hearing."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:12---- Jer 26:12 Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:12 Then Jeremiah spoke to all the officials and to all the people, saying, "The Lord sent me to prophesy against this house and against this city all the words that you have heard.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:13---- Jer 26:13 Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:13 Now therefore amend your ways and your deeds and obey the voice of the Lord your God; and the Lord will change His mind about the misfortune which He has pronounced against you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:14---- Jer 26:14 Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m', sa nou kwè nou dwe fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:14 But as for me, behold, I am in your hands; do with me as is good and right in your sight.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:15---- Jer 26:15 Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:15 Only know for certain that if you put me to death, you will bring innocent blood on yourselves, and on this city and on its inhabitants; for truly the Lord has sent me to you to speak all these words in your hearing."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:16---- Jer 26:16 Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:16 Then the officials and all the people said to the priests and to the prophets, "No death sentence for this man! For he has spoken to us in the name of the Lord our God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:17---- Jer 26:17 Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:17 Then some of the elders of the land rose up and spoke to all the assembly of the people, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:18---- Jer 26:18 -Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:18 "Micah of Moresheth prophesied in the days of Hezekiah king of Judah; and he spoke to all the people of Judah, saying, 'Thus the Lord of hosts has said, "Zion will be plowed as a field, And Jerusalem will become ruins, And the mountain of the house as the high places of a forest."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:19---- Jer 26:19 Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:19 Did Hezekiah king of Judah and all Judah put him to death? Did he not fear the Lord and entreat the favor of the Lord, and the Lord changed His mind about the misfortune which He had pronounced against them? But we are committing a great evil against ourselves."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:20---- Jer 26:20 Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:20 Indeed, there was also a man who prophesied in the name of the Lord, Uriah the son of Shemaiah from Kiriath-jearim; and he prophesied against this city and against this land words similar to all those of Jeremiah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:21---- Jer 26:21 Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:21 When King Jehoiakim and all his mighty men and all the officials heard his words, then the king sought to put him to death; but Uriah heard it, and he was afraid and fled and went to Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:22---- Jer 26:22 Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:22 Then King Jehoiakim sent men to Egypt: Elnathan the son of Achbor and certain men with him went into Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:23---- Jer 26:23 Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:23 And they brought Uriah from Egypt and led him to King Jehoiakim, who slew him with a sword and cast his dead body into the burial place of the common people.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 26:24---- Jer 26:24 Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 26:24 But the hand of Ahikam the son of Shaphan was with Jeremiah, so that he was not given into the hands of the people to put him to death.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 27:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0771_24_Jeremiah_26_ht-en.html 0767_24_Jeremiah_22_ht-en.html 0768_24_Jeremiah_23_ht-en.html 0769_24_Jeremiah_24_ht-en.html 0770_24_Jeremiah_25_ht-en.html 0772_24_Jeremiah_27_ht-en.html 0773_24_Jeremiah_28_ht-en.html 0774_24_Jeremiah_29_ht-en.html 0775_24_Jeremiah_30_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|