|
================================================================================ ---- Jeremiah 44:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- Jer 44:1 Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:1 The word that came to Jeremiah for all the Jews living in the land of Egypt, those who were living in Migdol, Tahpanhes, Memphis, and the land of Pathros, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:2---- Jer 44:2 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:2 "Thus says the Lord of hosts, the God of Israel, 'You yourselves have seen all the calamity that I have brought on Jerusalem and all the cities of Judah; and behold, this day they are in ruins and no one lives in them,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:3---- Jer 44:3 Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:3 because of their wickedness which they committed so as to provoke Me to anger by continuing to burn sacrifices and to serve other gods whom they had not known, neither they, you, nor your fathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:4---- Jer 44:4 Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:4 Yet I sent you all My servants the prophets, again and again, saying, "Oh, do not do this abominable thing which I hate."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:5---- Jer 44:5 Men yo pa t' koute m'. Pawòl la antre nan yon zòrèy li soti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:5 But they did not listen or incline their ears to turn from their wickedness, so as not to burn sacrifices to other gods.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:6---- Jer 44:6 Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:6 Therefore My wrath and My anger were poured out and burned in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem, so they have become a ruin and a desolation as it is this day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:7---- Jer 44:7 Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:7 Now then thus says the Lord God of hosts, the God of Israel, "Why are you doing great harm to yourselves, so as to cut off from you man and woman, child and infant, from among Judah, leaving yourselves without remnant,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:8---- Jer 44:8 Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:8 provoking Me to anger with the works of your hands, burning sacrifices to other gods in the land of Egypt, where you are entering to reside, so that you might be cut off and become a curse and a reproach among all the nations of the earth?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:9---- Jer 44:9 Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:9 Have you forgotten the wickedness of your fathers, the wickedness of the kings of Judah, and the wickedness of their wives, your own wickedness, and the wickedness of your wives, which they committed in the land of Judah and in the streets of Jerusalem?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:10---- Jer 44:10 Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:10 But they have not become contrite even to this day, nor have they feared nor walked in My law or My statutes, which I have set before you and before your fathers."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:11---- Jer 44:11 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:11 "Therefore thus says the Lord of hosts, the God of Israel, 'Behold, I am going to set My face against you for woe, even to cut off all Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:12---- Jer 44:12 M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Gen en k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:12 And I will take away the remnant of Judah who have set their mind on entering the land of Egypt to reside there, and they will all meet their end in the land of Egypt; they will fall by the sword and meet their end by famine. Both small and great will die by the sword and famine; and they will become a curse, an object of horror, an imprecation and a reproach.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:13---- Jer 44:13 M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:13 And I will punish those who live in the land of Egypt, as I have punished Jerusalem, with the sword, with famine and with pestilence.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:14---- Jer 44:14 Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:14 So there will be no refugees or survivors for the remnant of Judah who have entered the land of Egypt to reside there and then to return to the land of Judah, to which they are longing to return and live; for none will return except a few refugees.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:15---- Jer 44:15 Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:15 Then all the men who were aware that their wives were burning sacrifices to other gods, along with all the women who were standing by, as a large assembly, including all the people who were living in Pathros in the land of Egypt, responded to Jeremiah, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:16---- Jer 44:16 -Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:16 "As for the message that you have spoken to us in the name of the Lord, we are not going to listen to you!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:17---- Jer 44:17 N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:17 But rather we will certainly carry out every word that has proceeded from our mouths, by burning sacrifices to the queen of heaven and pouring out drink offerings to her, just as we ourselves, our forefathers, our kings and our princes did in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem; for then we had plenty of food and were well off and saw no misfortune.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:18---- Jer 44:18 Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:18 But since we stopped burning sacrifices to the queen of heaven and pouring out drink offerings to her, we have lacked everything and have met our end by the sword and by famine."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:19---- Jer 44:19 Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:19 "And," said the women, "when we were burning sacrifices to the queen of heaven and were pouring out drink offerings to her, was it without our husbands that we made for her sacrificial cakes in her image and poured out drink offerings to her?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:20---- Jer 44:20 Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l' repons sa yo, li di yo konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:20 Then Jeremiah said to all the people, to the men and women--even to all the people who were giving him such an answer--saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:21---- Jer 44:21 -Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Seyè a pa t' konn sa, osinon li bliye sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:21 "As for the smoking sacrifices that you burned in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem, you and your forefathers, your kings and your princes, and the people of the land, did not the Lord remember them and did not all this come into His mind?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:22---- Jer 44:22 Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:22 So the Lord was no longer able to endure it, because of the evil of your deeds, because of the abominations which you have committed; thus your land has become a ruin, an object of horror and a curse, without an inhabitant, as it is this day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:23---- Jer 44:23 Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:23 Because you have burned sacrifices and have sinned against the Lord and not obeyed the voice of the Lord or walked in His law, His statutes or His testimonies, therefore this calamity has befallen you, as it has this day."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:24---- Jer 44:24 Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:24 Then Jeremiah said to all the people, including all the women, "Hear the word of the Lord, all Judah who are in the land of Egypt,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:25---- Jer 44:25 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:25 thus says the Lord of hosts, the God of Israel, as follows: 'As for you and your wives, you have spoken with your mouths and fulfilled it with your hands, saying, "We will certainly perform our vows that we have vowed, to burn sacrifices to the queen of heaven and pour out drink offerings to her." Go ahead and confirm your vows, and certainly perform your vows!'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:26---- Jer 44:26 Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:26 Nevertheless hear the word of the Lord, all Judah who are living in the land of Egypt, 'Behold, I have sworn by My great name, 'says the Lord, 'never shall My name be invoked again by the mouth of any man of Judah in all the land of Egypt, saying, "As the Lord God lives."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:27---- Jer 44:27 M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:27 Behold, I am watching over them for harm and not for good, and all the men of Judah who are in the land of Egypt will meet their end by the sword and by famine until they are completely gone.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:28---- Jer 44:28 Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:28 Those who escape the sword will return out of the land of Egypt to the land of Judah few in number. Then all the remnant of Judah who have gone to the land of Egypt to reside there will know whose word will stand, Mine or theirs.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:29---- Jer 44:29 Se mwen menm Seyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:29 This will be the sign to you,' declares the Lord, 'that I am going to punish you in this place, so that you may know that My words will surely stand against you for harm.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 44:30---- Jer 44:30 Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jer 44:30 Thus says the Lord, 'Behold, I am going to give over Pharaoh Hophra king of Egypt to the hand of his enemies, to the hand of those who seek his life, just as I gave over Zedekiah king of Judah to the hand of Nebuchadnezzar king of Babylon, who was his enemy and was seeking his life.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Jeremiah 45:1 ---- written 627-585 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0789_24_Jeremiah_44_ht-en.html 0785_24_Jeremiah_40_ht-en.html 0786_24_Jeremiah_41_ht-en.html 0787_24_Jeremiah_42_ht-en.html 0788_24_Jeremiah_43_ht-en.html 0790_24_Jeremiah_45_ht-en.html 0791_24_Jeremiah_46_ht-en.html 0792_24_Jeremiah_47_ht-en.html 0793_24_Jeremiah_48_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|