|
================================================================================ ---- Daniel 5:1 ---- written 537 B.C. Exilic---- Dan 5:1 Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:1 Belshazzar the king held a great feast for a thousand of his nobles, and he was drinking wine in the presence of the thousand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:2---- Dan 5:2 Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:2 When Belshazzar tasted the wine, he gave orders to bring the gold and silver vessels which Nebuchadnezzar his father had taken out of the temple which was in Jerusalem, so that the king and his nobles, his wives and his concubines might drink from them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:3---- Dan 5:3 Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:3 Then they brought the gold vessels that had been taken out of the temple, the house of God which was in Jerusalem; and the king and his nobles, his wives and his concubines drank from them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:4---- Dan 5:4 Yo t'ap bwè diven, yo t'ap fè lwanj bondye pa yo ki fèt an lò, an ajan, an kwiv, an bwa, an fè ak an wòch.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:4 They drank the wine and praised the gods of gold and silver, of bronze, iron, wood and stone.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:5---- Dan 5:5 Yo rete konsa, yo wè yon men moun parèt. Li pran ekri sou miray palè a, kote limyè lanp lan te pi klere a. Wa a wè bout men ki t'ap ekri a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:5 Suddenly the fingers of a man's hand emerged and began writing opposite the lampstand on the plaster of the wall of the king's palace, and the king saw the back of the hand that did the writing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:6---- Dan 5:6 Li chanje koulè, li vin pè. Li santi tout kò l' aprale, jenou l' yo pran tranble.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:6 Then the king's face grew pale and his thoughts alarmed him, and his hip joints went slack and his knees began knocking together.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:7---- Dan 5:7 Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:7 The king called aloud to bring in the conjurers, the Chaldeans and the diviners. The king spoke and said to the wise men of Babylon, "Any man who can read this inscription and explain its interpretation to me shall be clothed with purple and have a necklace of gold around his neck, and have authority as third ruler in the kingdom."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:8---- Dan 5:8 Tout nèg save wa yo vanse. Men, pa t' gen yonn ladan yo ki te ka li sa ki ekri a, ale wè pou yo ta fè l' konnen sa li vle di.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:8 Then all the king's wise men came in, but they could not read the inscription or make known its interpretation to the king.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:9---- Dan 5:9 Wa a vin pi pè toujou, figi l' pèdi koulè. Tout chèf yo menm pa t' konn sa pou yo fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:9 Then King Belshazzar was greatly alarmed, his face grew even paler, and his nobles were perplexed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:10---- Dan 5:10 Larenn lan, manman wa a, tande tout pale fò wa a t'ap fè ansanm ak chèf li yo. Li antre nan sal resepsyon an. Li di konsa: -Monwa, mwen mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Ou pa bezwen pèdi tèt ou, ou pa bezwen pè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:10 The queen entered the banquet hall because of the words of the king and his nobles; the queen spoke and said, "O king, live forever! Do not let your thoughts alarm you or your face be pale.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:11---- Dan 5:11 Gen yon moun nan peyi ou la ki gen lespri bondye nan syèl yo nan li. Lè papa ou te la, nèg sa a te moutre jan li gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann sou li tankou bondye yo. Lè sa a, papa ou, wa Nèbikadneza, te nonmen l' chèf sou tout divinò, tout majisyen, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:11 There is a man in your kingdom in whom is a spirit of the holy gods; and in the days of your father, illumination, insight and wisdom like the wisdom of the gods were found in him. And King Nebuchadnezzar, your father, your father the king, appointed him chief of the magicians, conjurers, Chaldeans and diviners.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:12---- Dan 5:12 Danyèl sa a, papa ou te rele l' Beltechaza. Li te gen yon gwo lespri nan li, anpil konesans ak anpil konprann kifè li te konn esplike rèv ak tout bagay moun pa konprann. Li te jwenn solisyon pou tout pwoblèm. Fè chache Danyèl sa a, l'a fè ou konnen sa tout bagay sa yo vle di.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:12 This was because an extraordinary spirit, knowledge and insight, interpretation of dreams, explanation of enigmas and solving of difficult problems were found in this Daniel, whom the king named Belteshazzar. Let Daniel now be summoned and he will declare the interpretation."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:13---- Dan 5:13 Yo mennen Danyèl devan wa a. Wa a di li: -Se ou menm Danyèl, yonn nan jwif wa Nèbikadneza, papa m', te depòte soti nan peyi Jida mennen isit la?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:13 Then Daniel was brought in before the king. The king spoke and said to Daniel, "Are you that Daniel who is one of the exiles from Judah, whom my father the king brought from Judah?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:14---- Dan 5:14 Mwen tande ou gen bondye yo avè ou. Ou se yon nonm ki gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:14 Now I have heard about you that a spirit of the gods is in you, and that illumination, insight and extraordinary wisdom have been found in you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:15---- Dan 5:15 Yo mennen nèg save ak moun ki li zetwal pou yo li sa ki ekri la a, lèfini pou yo fè m' konnen sa li vle di. Men yo pa t' kapab.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:15 Just now the wise men and the conjurers were brought in before me that they might read this inscription and make its interpretation known to me, but they could not declare the interpretation of the message.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:16---- Dan 5:16 Koulye a, mwen tande ou ka bay esplikasyon pou tout bagay moun pa konprann, ou jwenn solisyon pou tout pwoblèm. Si ou ka li sa ki ekri la a, si ou fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou ou, m'ap pase yon chenn an lò nan kou ou. Lèfini, m'ap ba ou twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:16 But I personally have heard about you, that you are able to give interpretations and solve difficult problems. Now if you are able to read the inscription and make its interpretation known to me, you will be clothed with purple and wear a necklace of gold around your neck, and you will have authority as the third ruler in the kingdom."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:17---- Dan 5:17 Danyèl reponn wa a: -Ou mèt kenbe kado ou yo pou ou, osinon bay lòt moun yo. Men tout jan, monwa, m'ap li sa ki ekri a pou ou, lèfini m'ap fè ou konnen sa li vle di.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:17 Then Daniel answered and said before the king, "Keep your gifts for yourself or give your rewards to someone else; however, I will read the inscription to the king and make the interpretation known to him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:18---- Dan 5:18 Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:18 O king, the Most High God granted sovereignty, grandeur, glory and majesty to Nebuchadnezzar your father.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:19---- Dan 5:19 Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:19 Because of the grandeur which He bestowed on him, all the peoples, nations and men of every language feared and trembled before him; whomever he wished he killed and whomever he wished he spared alive; and whomever he wished he elevated and whomever he wished he humbled.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:20---- Dan 5:20 Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:20 But when his heart was lifted up and his spirit became so proud that he behaved arrogantly, he was deposed from his royal throne and his glory was taken away from him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:21---- Dan 5:21 Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:21 He was also driven away from mankind, and his heart was made like that of beasts, and his dwelling place was with the wild donkeys. He was given grass to eat like cattle, and his body was drenched with the dew of heaven until he recognized that the Most High God is ruler over the realm of mankind and that He sets over it whomever He wishes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:22---- Dan 5:22 Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:22 Yet you, his son, Belshazzar, have not humbled your heart, even though you knew all this,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:23---- Dan 5:23 Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:23 but you have exalted yourself against the Lord of heaven; and they have brought the vessels of His house before you, and you and your nobles, your wives and your concubines have been drinking wine from them; and you have praised the gods of silver and gold, of bronze, iron, wood and stone, which do not see, hear or understand. But the God in whose hand are your life-breath and all your ways, you have not glorified.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:24---- Dan 5:24 Se poutèt sa Bondye voye bout men sa a ekri pawòl sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:24 Then the hand was sent from Him and this inscription was written out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:25---- Dan 5:25 Men sa ki ekri: Konte. Konte. Peze. Separe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:25 "Now this is the inscription that was written out: 'MENĒ, MENĒ, TEKĒL, UPHARSIN.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:26---- Dan 5:26 Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:26 This is the interpretation of the message: 'MENĒ'- God has numbered your kingdom and put an end to it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:27---- Dan 5:27 Peze: Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:27 'TEKĒL'-you have been weighed on the scales and found deficient.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:28---- Dan 5:28 Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:28 'PERĒS'-your kingdom has been divided and given over to the Medes and Persians."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:29---- Dan 5:29 Lamenm, wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l' wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:29 Then Belshazzar gave orders, and they clothed Daniel with purple and put a necklace of gold around his neck, and issued a proclamation concerning him that he now had authority as the third ruler in the kingdom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:30---- Dan 5:30 Menm jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:30 That same night Belshazzar the Chaldean king was slain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 5:31---- Dan 5:31 Epi, Dariyis, moun peyi Medi a, pran pouvwa a. Dariyis te gen swasanndezan sou tèt li lè sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 5:31 So Darius the Mede received the kingdom at about the age of sixty-two.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 6:1 ---- written 537 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0855_27_Daniel_05_ht-en.html 0851_27_Daniel_01_ht-en.html 0852_27_Daniel_02_ht-en.html 0853_27_Daniel_03_ht-en.html 0854_27_Daniel_04_ht-en.html 0856_27_Daniel_06_ht-en.html 0857_27_Daniel_07_ht-en.html 0858_27_Daniel_08_ht-en.html 0859_27_Daniel_09_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|