|
================================================================================ ---- Hosea 9:1 ---- written 710 B.C. Pre-Exilic---- Hos 9:1 Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:1 Do not rejoice, O Israel, with exultation like the nations! For you have played the harlot, forsaking your God. You have loved harlots' earnings on every threshing floor.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:2---- Hos 9:2 Men, talè konsa, nou p'ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p'ap jwenn sa menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:2 Threshing floor and wine press will not feed them, And the new wine will fail them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:3---- Hos 9:3 Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:3 They will not remain in the Lord's land, But Ephraim will return to Egypt, And in Assyria they will eat unclean food.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:4---- Hos 9:4 Lè sa a, yo p'ap ka ofri diven bay Seyè a, ni yo p'ap ka fè okenn ofrann bèt ki pou ta fè l' plezi. Tout manje yo ap tankou manje yo bay nan veye. Tout moun ki manje manje sa yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Manje a va sèvi pou plen vant yo ase. Yo p'ap ka pran ladan l' pou ofri bay Seyè a nan tanp li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:4 They will not pour out drink offerings of wine to the Lord, Their sacrifices will not please Him. Their bread will be like mourners' bread; All who eat of it will be defiled, For their bread will be for themselves alone; It will not enter the house of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:5---- Hos 9:5 Kisa y'a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Seyè a va rive?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:5 What will you do on the day of the appointed festival And on the day of the feast of the Lord?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:6---- Hos 9:6 Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:6 For behold, they will go because of destruction; Egypt will gather them up, Memphis will bury them. Weeds will take over their treasures of silver; Thorns will be in their tents.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:7---- Hos 9:7 Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l' la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:7 The days of punishment have come, The days of retribution have come; Let Israel know this! The prophet is a fool, The inspired man is demented, Because of the grossness of your iniquity, And because your hostility is so great.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:8---- Hos 9:8 Bondye voye m' tankou yon pwofèt pou m' avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m' pase, yo pare pèlen pou yo pran m' tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:8 Ephraim was a watchman with my God, a prophet; Yet the snare of a bird catcher is in all his ways, And there is only hostility in the house of his God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:9---- Hos 9:9 Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l' lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, l'a pini yo pou tout peche yo fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:9 They have gone deep in depravity As in the days of Gibeah; He will remember their iniquity, He will punish their sins.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:10---- Hos 9:10 Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:10 I found Israel like grapes in the wilderness; I saw your forefathers as the earliest fruit on the fig tree in its first season. But they came to Baal-peor and devoted themselves to shame, And they became as detestable as that which they loved.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:11---- Hos 9:11 Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p'ap fè pitit, madanm yo p'ap gwovant, madanm yo p'ap menm ansent.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:11 As for Ephraim, their glory will fly away like a bird-- No birth, no pregnancy and no conception!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:12---- Hos 9:12 Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m' vire do ba yo, malè ap rive yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:12 Though they bring up their children, Yet I will bereave them until not a man is left. Yes, woe to them indeed when I depart from them!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:13---- Hos 9:13 Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:13 Ephraim, as I have seen, Is planted in a pleasant meadow like Tyre; But Ephraim will bring out his children for slaughter.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:14---- Hos 9:14 Seyè! Kisa m' ta mande ou fè pou yo? Fè madanm yo toujou an pèdisyon? Fè yo pa gen lèt pou bay pitit yo tete?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:14 Give them, O Lord--what will You give? Give them a miscarrying womb and dry breasts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:15---- Hos 9:15 Seyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:15 All their evil is at Gilgal; Indeed, I came to hate them there! Because of the wickedness of their deeds I will drive them out of My house! I will love them no more; All their princes are rebels.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:16---- Hos 9:16 Peyi Efrayim lan tankou yon pyebwa ki pa ka donnen ankò. Rasin li yo fin cheche. Yo p'ap fè pitit. Menm si yo rive fè pitit, m'ap touye pitit yo pi renmen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:16 Ephraim is stricken, their root is dried up, They will bear no fruit. Even though they bear children, I will slay the precious ones of their womb.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 9:17---- Hos 9:17 Bondye m'ap sèvi a ap voye yo jete, paske yo pa t' koute li. Yo pral mache pwomennen san rete nan mitan nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 9:17 My God will cast them away Because they have not listened to Him; And they will be wanderers among the nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 10:1 ---- written 710 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0871_28_Hosea_09_ht-en.html 0867_28_Hosea_05_ht-en.html 0868_28_Hosea_06_ht-en.html 0869_28_Hosea_07_ht-en.html 0870_28_Hosea_08_ht-en.html 0872_28_Hosea_10_ht-en.html 0873_28_Hosea_11_ht-en.html 0874_28_Hosea_12_ht-en.html 0875_28_Hosea_13_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|