Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Joe 1:20 Even the beasts of the field pant for You; For the water brooks are dried up And fire has devoured the pastures of the wilderness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:1 ---- written 835 B.C. Pre-Exilic----
Joe 2:1 Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:1 Blow a trumpet in Zion, And sound an alarm on My holy mountain! Let all the inhabitants of the land tremble, For the day of the Lord is coming; Surely it is near,(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:2----
Joe 2:2 Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:2 A day of darkness and gloom, A day of clouds and thick darkness. As the dawn is spread over the mountains, So there is a great and mighty people; There has never been anything like it, Nor will there be again after it To the years of many generations.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:3----
Joe 2:3 Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:3 A fire consumes before them And behind them a flame burns. The land is like the garden of Eden before them But a desolate wilderness behind them, And nothing at all escapes them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:4----
Joe 2:4 Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:4 Their appearance is like the appearance of horses; And like war horses, so they run.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:5----
Joe 2:5 Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:5 With a noise as of chariots They leap on the tops of the mountains, Like the crackling of a flame of fire consuming the stubble, Like a mighty people arranged for battle.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:6----
Joe 2:6 Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:6 Before them the people are in anguish; All faces turn pale.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:7----
Joe 2:7 Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:7 They run like mighty men, They climb the wall like soldiers; And they each march in line, Nor do they deviate from their paths.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:8----
Joe 2:8 Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:8 They do not crowd each other, They march everyone in his path; When they burst through the defenses, They do not break ranks.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:9----
Joe 2:9 Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:9 They rush on the city, They run on the wall; They climb into the houses, They enter through the windows like a thief.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:10----
Joe 2:10 Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:10 Before them the earth quakes, The heavens tremble, The sun and the moon grow dark And the stars lose their brightness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:11----
Joe 2:11 Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:11 The Lord utters His voice before His army; Surely His camp is very great, For strong is he who carries out His word. The day of the Lord is indeed great and very awesome, And who can endure it?(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:12----
Joe 2:12 Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:12 "Yet even now," declares the Lord, "Return to Me with all your heart, And with fasting, weeping and mourning;(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:13----
Joe 2:13 Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:13 And rend your heart and not your garments." Now return to the Lord your God, For He is gracious and compassionate, Slow to anger, abounding in lovingkindness And relenting of evil.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:14----
Joe 2:14 Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen grenn jaden ak diven ankò pou nou fè ofrann bay Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:14 Who knows whether He will not turn and relent And leave a blessing behind Him, Even a grain offering and a drink offering For the Lord your God?(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:15----
Joe 2:15 Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:15 Blow a trumpet in Zion, Consecrate a fast, proclaim a solemn assembly,(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:16----
Joe 2:16 Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:16 Gather the people, sanctify the congregation, Assemble the elders, Gather the children and the nursing infants. Let the bridegroom come out of his room And the bride out of her bridal chamber.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:17----
Joe 2:17 Nan lakou ki separe gwo pòtay tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Seyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Seyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:17 Let the priests, the Lord's ministers, Weep between the porch and the altar, And let them say, "Spare Your people, O Lord, And do not make Your inheritance a reproach, A byword among the nations. Why should they among the peoples say, 'Where is their God?'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:18----
Joe 2:18 Lè sa a, Seyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:18 Then the Lord will be zealous for His land And will have pity on His people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:19----
Joe 2:19 Li reponn, li di pèp la konsa: -Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:19 The Lord will answer and say to His people, "Behold, I am going to send you grain, new wine and oil, And you will be satisfied in full with them; And I will never again make you a reproach among the nations.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:20----
Joe 2:20 Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:20 "But I will remove the northern army far from you, And I will drive it into a parched and desolate land, And its vanguard into the eastern sea, And its rear guard into the western sea. And its stench will arise and its foul smell will come up, For it has done great things."(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:21----
Joe 2:21 Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Seyè a fè anpil pou nou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:21 Do not fear, O land, rejoice and be glad, For the Lord has done great things.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:22----
Joe 2:22 Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:22 Do not fear, beasts of the field, For the pastures of the wilderness have turned green, For the tree has borne its fruit, The fig tree and the vine have yielded in full.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:23----
Joe 2:23 Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l' te konn fè l' anvan an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:23 So rejoice, O sons of Zion, And be glad in the Lord your God; For He has given you the early rain for your vindication. And He has poured down for you the rain, The early and latter rain as before.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:24----
Joe 2:24 Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:24 The threshing floors will be full of grain, And the vats will overflow with the new wine and oil.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:25----
Joe 2:25 M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:25 "Then I will make up to you for the years That the swarming locust has eaten, The creeping locust, the stripping locust and the gnawing locust, My great army which I sent among you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:26----
Joe 2:26 Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:26 "You will have plenty to eat and be satisfied And praise the name of the Lord your God, Who has dealt wondrously with you; Then My people will never be put to shame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:27----
Joe 2:27 Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m'. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:27 "Thus you will know that I am in the midst of Israel, And that I am the Lord your God, And there is no other; And My people will never be put to shame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:28----
Joe 2:28 Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:28 "It will come about after this That I will pour out My Spirit on all mankind; And your sons and daughters will prophesy, Your old men will dream dreams, Your young men will see visions.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:29----
Joe 2:29 Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:29 "Even on the male and female servants I will pour out My Spirit in those days.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:30----
Joe 2:30 M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:30 "I will display wonders in the sky and on the earth, Blood, fire and columns of smoke.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:31----
Joe 2:31 Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:31 "The sun will be turned into darkness And the moon into blood Before the great and awesome day of the Lord comes.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 2:32----
Joe 2:32 Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Seyè a va sove. Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape, jan Seyè a te di l' la. Wi, tout moun Seyè a va chwazi, se yo ki va chape.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Joe 2:32 "And it will come about that whoever calls on the name of the Lord Will be delivered; For on Mount Zion and in Jerusalem There will be those who escape, As the Lord has said, Even among the survivors whom the Lord calls.(NASB-1995)

================================================================================
---- Joel 3:1 ---- written 835 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0878_29_Joel_02_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0874_28_Hosea_12_ht-en.html
0875_28_Hosea_13_ht-en.html
0876_28_Hosea_14_ht-en.html
0877_29_Joel_01_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0879_29_Joel_03_ht-en.html
0880_30_Amos_01_ht-en.html
0881_30_Amos_02_ht-en.html
0882_30_Amos_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."