|
================================================================================ ---- Amos 4:1 ---- written 755 B.C. Pre-Exilic---- Amo 4:1 Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:1 Hear this word, you cows of Bashan who are on the mountain of Samaria, Who oppress the poor, who crush the needy, Who say to your husbands, "Bring now, that we may drink!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:2---- Amo 4:2 Koute sa Seyè a di: Seyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:2 The Lord God has sworn by His holiness, "Behold, the days are coming upon you When they will take you away with meat hooks, And the last of you with fish hooks.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:3---- Amo 4:3 Y'a fè nou pase nan twou ki nan miray la, de pye devan, yonn apre lòt. Y'ap voye nou jete deyò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:3 "You will go out through breaches in the walls, Each one straight before her, And you will be cast to Harmon," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:4---- Amo 4:4 Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:4 "Enter Bethel and transgress; In Gilgal multiply transgression! Bring your sacrifices every morning, Your tithes every three days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:5---- Amo 4:5 Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:5 "Offer a thank offering also from that which is leavened, And proclaim freewill offerings, make them known. For so you love to do, you sons of Israel," Declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:6---- Amo 4:6 Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:6 "But I gave you also cleanness of teeth in all your cities And lack of bread in all your places, Yet you have not returned to Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:7---- Amo 4:7 Lè jaden nou tapral pote rekòt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:7 "Furthermore, I withheld the rain from you While there were still three months until harvest. Then I would send rain on one city And on another city I would not send rain; One part would be rained on, While the part not rained on would dry up.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:8---- Amo 4:8 Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:8 "So two or three cities would stagger to another city to drink water, But would not be satisfied; Yet you have not returned to Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:9---- Amo 4:9 Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:9 "I smote you with scorching wind and mildew; And the caterpillar was devouring Your many gardens and vineyards, fig trees and olive trees; Yet you have not returned to Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:10---- Amo 4:10 Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:10 "I sent a plague among you after the manner of Egypt; I slew your young men by the sword along with your captured horses, And I made the stench of your camp rise up in your nostrils; Yet you have not returned to Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:11---- Amo 4:11 Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:11 "I overthrew you, as God overthrew Sodom and Gomorrah, And you were like a firebrand snatched from a blaze; Yet you have not returned to Me," declares the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:12---- Amo 4:12 Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l' kontre ak Bondye nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:12 "Therefore thus I will do to you, O Israel; Because I will do this to you, Prepare to meet your God, O Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 4:13---- Amo 4:13 Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Amo 4:13 For behold, He who forms mountains and creates the wind And declares to man what are His thoughts, He who makes dawn into darkness And treads on the high places of the earth, The Lord God of hosts is His name.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Amos 5:1 ---- written 755 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0883_30_Amos_04_ht-en.html 0879_29_Joel_03_ht-en.html 0880_30_Amos_01_ht-en.html 0881_30_Amos_02_ht-en.html 0882_30_Amos_03_ht-en.html 0884_30_Amos_05_ht-en.html 0885_30_Amos_06_ht-en.html 0886_30_Amos_07_ht-en.html 0887_30_Amos_08_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|