Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Mal 1:14 "But cursed be the swindler who has a male in his flock and vows it, but sacrifices a blemished animal to the Lord, for I am a great King," says the Lord of hosts, "and My name is feared among the nations."(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:1 ---- written 450-400 B.C. Post-Exilic----
Mal 2:1 Koulye a, men lòd mwen bay prèt yo:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:1 "And now this commandment is for you, O priests.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:2----
Mal 2:2 Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:2 If you do not listen, and if you do not take it to heart to give honor to My name," says the Lord of hosts, "then I will send the curse upon you and I will curse your blessings; and indeed, I have cursed them already, because you are not taking it to heart.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:3----
Mal 2:3 Mwen pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye salte, tripay bèt nou ofri yo nan figi nou. Lèfini, m'ap voye nou jete ansanm ak yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:3 Behold, I am going to rebuke your offspring, and I will spread refuse on your faces, the refuse of your feasts; and you will be taken away with it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:4----
Mal 2:4 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:4 Then you will know that I have sent this commandment to you, that My covenant may continue with Levi," says the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:5----
Mal 2:5 Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. E mwen te ba yo l'. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:5 "My covenant with him was one of life and peace, and I gave them to him as an object of reverence; so he revered Me and stood in awe of My name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:6----
Mal 2:6 Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:6 True instruction was in his mouth and unrighteousness was not found on his lips; he walked with Me in peace and uprightness, and he turned many back from iniquity.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:7----
Mal 2:7 Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:7 For the lips of a priest should preserve knowledge, and men should seek instruction from his mouth; for he is the messenger of the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:8----
Mal 2:8 Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:8 But as for you, you have turned aside from the way; you have caused many to stumble by the instruction; you have corrupted the covenant of Levi," says the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:9----
Mal 2:9 Se poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n' di yo sa lalwa a mande.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:9 "So I also have made you despised and abased before all the people, just as you are not keeping My ways but are showing partiality in the instruction.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:10----
Mal 2:10 Eske se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:10 "Do we not all have one father? Has not one God created us? Why do we deal treacherously each against his brother so as to profane the covenant of our fathers?(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:11----
Mal 2:11 Moun Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:11 Judah has dealt treacherously, and an abomination has been committed in Israel and in Jerusalem; for Judah has profaned the sanctuary of the Lord which He loves and has married the daughter of a foreign god.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:12----
Mal 2:12 Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Seyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Seyè ki gen tout pouvwa a pou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:12 As for the man who does this, may the Lord cut off from the tents of Jacob everyone who awakes and answers, or who presents an offering to the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:13----
Mal 2:13 Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Seyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Seyè a pa menm gade ofrann nou fè l' yo, li derefize asepte anyen nan men nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:13 "This is another thing you do: you cover the altar of the Lord with tears, with weeping and with groaning, because He no longer regards the offering or accepts it with favor from your hand.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:14----
Mal 2:14 Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:14 Yet you say, 'For what reason?' Because the Lord has been a witness between you and the wife of your youth, against whom you have dealt treacherously, though she is your companion and your wife by covenant.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:15----
Mal 2:15 Eske Bondye pa t' fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Poukisa li te fè sa? Se pou nou te ka fè pitit ki pou sèvi l'. Konsa, fè respè tèt nou! Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:15 But not one has done so who has a remnant of the Spirit. And what did that one do while he was seeking a godly offspring? Take heed then to your spirit, and let no one deal treacherously against the wife of your youth.(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:16----
Mal 2:16 Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:16 For I hate divorce," says the Lord, the God of Israel, "and him who covers his garment with wrong," says the Lord of hosts. "So take heed to your spirit, that you do not deal treacherously."(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 2:17----
Mal 2:17 N'ap fatige tèt Seyè a ak yon bann pawòl. Epi n'ap di: Ki jan n'ap fatige l' la? Se lè n'ap plede di: Tout moun ki fè sa ki mal yo bon nan je Seyè a. Li kontan ak yo. Ou ankò lè n'ap mande: Kote Bondye k'ap rann jistis la?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Mal 2:17 You have wearied the Lord with your words. Yet you say, "How have we wearied Him?" In that you say, "Everyone who does evil is good in the sight of the Lord, and He delights in them," or, "Where is the God of justice?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Malachi 3:1 ---- written 450-400 B.C. Post-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0927_39_Malachi_2_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0923_38_Zechariah_12_ht-en.html
0924_38_Zechariah_13_ht-en.html
0925_38_Zechariah_14_ht-en.html
0926_39_Malachi_1_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0928_39_Malachi_3_ht-en.html
0929_39_Malachi_4_ht-en.html
0930_40_Matthew_01_ht-en.html
0931_40_Matthew_02_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."