Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Act 28:31 preaching the kingdom of God and teaching concerning the Lord Jesus Christ with all openness, unhindered.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:1 ---- written 58 A.D.----
Rom 1:1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:1 Paul, a bond-servant of Christ Jesus, called as an apostle, set apart for the gospel of God,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:2----
Rom 1:2 Depi lontan Bondye te pwomèt bon nouvèl sa a pa bouch pwofèt li yo, nan Liv Sentespri te fè yo ekri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:2 which He promised beforehand through His prophets in the holy Scriptures,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:3----
Rom 1:3 Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:3 concerning His Son, who was born of a descendant of David according to the flesh,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:4----
Rom 1:4 Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:4 who was declared the Son of God with power by the resurrection from the dead, according to the Spirit of holiness, Jesus Christ our Lord,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:5----
Rom 1:5 Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:5 through whom we have received grace and apostleship to bring about the obedience of faith among all the Gentiles for His name's sake,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:6----
Rom 1:6 Nou menm kretyen ki nan lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou n' antre nan fanmi Jezikri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:6 among whom you also are the called of Jesus Christ;(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:7----
Rom 1:7 Se sak fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:7 to all who are beloved of God in Rome, called as saints: Grace to you and peace from God our Father and the Lord Jesus Christ.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:8----
Rom 1:8 Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:8 First, I thank my God through Jesus Christ for you all, because your faith is being proclaimed throughout the whole world.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:9----
Rom 1:9 Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse bon nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou;(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:9 For God, whom I serve in my spirit in the preaching of the gospel of His Son, is my witness as to how unceasingly I make mention of you,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:10----
Rom 1:10 se san rete m'ap lapriyè pou nou; m'ap mande Bondye pou l' kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:10 always in my prayers making request, if perhaps now at last by the will of God I may succeed in coming to you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:11----
Rom 1:11 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:11 For I long to see you so that I may impart some spiritual gift to you, that you may be established;(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:12----
Rom 1:12 Mwen vle di pito, pou m' ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:12 that is, that I may be encouraged together with you while among you, each of us by the other's faith, both yours and mine.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:13----
Rom 1:13 Frè m' yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk koulye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:13 I do not want you to be unaware, brethren, that often I have planned to come to you (and have been prevented so far) so that I may obtain some fruit among you also, even as among the rest of the Gentiles.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:14----
Rom 1:14 Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:14 I am under obligation both to Greeks and to barbarians, both to the wise and to the foolish.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:15----
Rom 1:15 Se poutèt sa, m' anvi vin anonse bon nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:15 So, for my part, I am eager to preach the gospel to you also who are in Rome.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:16----
Rom 1:16 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:16 For I am not ashamed of the gospel, for it is the power of God for salvation to everyone who believes, to the Jew first and also to the Greek.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:17----
Rom 1:17 Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:17 For in it the righteousness of God is revealed from faith to faith; as it is written, "BUT THE RIGHTEOUS man SHALL LIVE BY FAITH."(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:18----
Rom 1:18 Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:18 For the wrath of God is revealed from heaven against all ungodliness and unrighteousness of men who suppress the truth in unrighteousness,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:19----
Rom 1:19 Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:19 because that which is known about God is evident within them; for God made it evident to them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:20----
Rom 1:20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:20 For since the creation of the world His invisible attributes, His eternal power and divine nature, have been clearly seen, being understood through what has been made, so that they are without excuse.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:21----
Rom 1:21 Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:21 For even though they knew God, they did not honor Him as God or give thanks, but they became futile in their speculations, and their foolish heart was darkened.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:22----
Rom 1:22 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:22 Professing to be wise, they became fools,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:23----
Rom 1:23 Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:23 and exchanged the glory of the incorruptible God for an image in the form of corruptible man and of birds and four-footed animals and crawling creatures.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:24----
Rom 1:24 Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:24 Therefore God gave them over in the lusts of their hearts to impurity, so that their bodies would be dishonored among them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:25----
Rom 1:25 Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:25 For they exchanged the truth of God for a lie, and worshiped and served the creature rather than the Creator, who is blessed forever. Amen.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:26----
Rom 1:26 Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:26 For this reason God gave them over to degrading passions; for their women exchanged the natural function for that which is unnatural,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:27----
Rom 1:27 Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:27 and in the same way also the men abandoned the natural function of the woman and burned in their desire toward one another, men with men committing indecent acts and receiving in their own persons the due penalty of their error.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:28----
Rom 1:28 Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:28 And just as they did not see fit to acknowledge God any longer, God gave them over to a depraved mind, to do those things which are not proper,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:29----
Rom 1:29 Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:29 being filled with all unrighteousness, wickedness, greed, evil; full of envy, murder, strife, deceit, malice; they are gossips,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:30----
Rom 1:30 Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:30 slanderers, haters of God, insolent, arrogant, boastful, inventors of evil, disobedient to parents,(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:31----
Rom 1:31 Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:31 without understanding, untrustworthy, unloving, unmerciful;(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 1:32----
Rom 1:32 Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rom 1:32 and although they know the ordinance of God, that those who practice such things are worthy of death, they not only do the same, but also give hearty approval to those who practice them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Romans 2:1 ---- written 58 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1047_45_Romans_01_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1043_44_Acts_25_ht-en.html
1044_44_Acts_26_ht-en.html
1045_44_Acts_27_ht-en.html
1046_44_Acts_28_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1048_45_Romans_02_ht-en.html
1049_45_Romans_03_ht-en.html
1050_45_Romans_04_ht-en.html
1051_45_Romans_05_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."