Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


1Co 3:23 and you belong to Christ; and Christ belongs to God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:1 ---- written 56 A.D.----
1Co 4:1 Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:1 Let a man regard us in this manner, as servants of Christ and stewards of the mysteries of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:2----
1Co 4:2 Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:2 In this case, moreover, it is required of stewards that one be found trustworthy.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:3----
1Co 4:3 Pou mwen menm, nou te mèt jije m', lèzòm te mèt jije m' nan tribinal yo, sa pa di m' anyen. Mwen menm, poutèt pa m', mwen pa jije tèt mwen non plis.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:3 But to me it is a very small thing that I may be examined by you, or by any human court; in fact, I do not even examine myself.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:4----
1Co 4:4 Konsyans mwen pa repwoche m' anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Seyè a ki sèl jij mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:4 For I am conscious of nothing against myself, yet I am not by this acquitted; but the one who examines me is the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:5----
1Co 4:5 Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:5 Therefore do not go on passing judgment before the time, but wait until the Lord comes who will both bring to light the things hidden in the darkness and disclose the motives of men's hearts; and then each man's praise will come to him from God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:6----
1Co 4:6 Frè m' yo, nan tout bagay sa yo, si m' pran egzanp sou mwen ak Apolòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n' ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pesonn pran pati pou yon moun kont yon lòt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:6 Now these things, brethren, I have figuratively applied to myself and Apollos for your sakes, so that in us you may learn not to exceed what is written, so that no one of you will become arrogant in behalf of one against the other.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:7----
1Co 4:7 Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:7 For who regards you as superior? What do you have that you did not receive? And if you did receive it, why do you boast as if you had not received it?(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:8----
1Co 4:8 Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:8 You are already filled, you have already become rich, you have become kings without us; and indeed, I wish that you had become kings so that we also might reign with you.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:9----
1Co 4:9 Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:9 For, I think, God has exhibited us apostles last of all, as men condemned to death; because we have become a spectacle to the world, both to angels and to men.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:10----
1Co 4:10 Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:10 We are fools for Christ's sake, but you are prudent in Christ; we are weak, but you are strong; you are distinguished, but we are without honor.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:11----
1Co 4:11 Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:11 To this present hour we are both hungry and thirsty, and are poorly clothed, and are roughly treated, and are homeless;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:12----
1Co 4:12 N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:12 and we toil, working with our own hands; when we are reviled, we bless; when we are persecuted, we endure;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:13----
1Co 4:13 Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:13 when we are slandered, we try to conciliate; we have become as the scum of the world, the dregs of all things, even until now.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:14----
1Co 4:14 Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:14 I do not write these things to shame you, but to admonish you as my beloved children.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:15----
1Co 4:15 Menm si nou ta rive gen dimil moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:15 For if you were to have countless tutors in Christ, yet you would not have many fathers, for in Christ Jesus I became your father through the gospel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:16----
1Co 4:16 Tanpri, pran egzanp sou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:16 Therefore I exhort you, be imitators of me.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:17----
1Co 4:17 Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:17 For this reason I have sent to you Timothy, who is my beloved and faithful child in the Lord, and he will remind you of my ways which are in Christ, just as I teach everywhere in every church.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:18----
1Co 4:18 Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:18 Now some have become arrogant, as though I were not coming to you.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:19----
1Co 4:19 Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:19 But I will come to you soon, if the Lord wills, and I shall find out, not the words of those who are arrogant but their power.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:20----
1Co 4:20 Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:20 For the kingdom of God does not consist in words but in power.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 4:21----
1Co 4:21 Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz la(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Co 4:21 What do you desire? Shall I come to you with a rod, or with love and a spirit of gentleness?(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Corinthians 5:1 ---- written 56 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1066_46_1_Corinthians_04_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1062_45_Romans_16_ht-en.html
1063_46_1_Corinthians_01_ht-en.html
1064_46_1_Corinthians_02_ht-en.html
1065_46_1_Corinthians_03_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1067_46_1_Corinthians_05_ht-en.html
1068_46_1_Corinthians_06_ht-en.html
1069_46_1_Corinthians_07_ht-en.html
1070_46_1_Corinthians_08_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."