|
================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:1 ---- written 56 A.D.---- 1Co 9:1 Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:1 Am I not free? Am I not an apostle? Have I not seen Jesus our Lord? Are you not my work in the Lord?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:2---- 1Co 9:2 Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:2 If to others I am not an apostle, at least I am to you; for you are the seal of my apostleship in the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:3---- 1Co 9:3 Lè moun ap kritike m', men ki jan mwen defann tèt mwen:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:3 My defense to those who examine me is this:(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:4---- 1Co 9:4 Mwen mande yo: Eske m' pa gen dwa pou yo ban m' manje, pou yo ban m' bwè pou travay mwen?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:4 Do we not have a right to eat and drink?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:5---- 1Co 9:5 Eske m' pa gen dwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Seyè yo ansanm ak Sefas, pou m' mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m' prale?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:5 Do we not have a right to take along a believing wife, even as the rest of the apostles and the brothers of the Lord and Cephas?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:6---- 1Co 9:6 Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:6 Or do only Barnabas and I not have a right to refrain from working?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:7---- 1Co 9:7 Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:7 Who at any time serves as a soldier at his own expense? Who plants a vineyard and does not eat the fruit of it? Or who tends a flock and does not use the milk of the flock?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:8---- 1Co 9:8 Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:8 I am not speaking these things according to human judgment, am I? Or does not the Law also say these things?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:9---- 1Co 9:9 Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:9 For it is written in the Law of Moses, "YOU SHALL NOT MUZZLE THE OX WHILE HE IS THRESHING." God is not concerned about oxen, is He?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:10---- 1Co 9:10 Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:10 Or is He speaking altogether for our sake? Yes, for our sake it was written, because the plowman ought to plow in hope, and the thresher to thresh in hope of sharing the crops.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:11---- 1Co 9:11 Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:11 If we sowed spiritual things in you, is it too much if we reap material things from you?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:12---- 1Co 9:12 Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:12 If others share the right over you, do we not more? Nevertheless, we did not use this right, but we endure all things so that we will cause no hindrance to the gospel of Christ.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:13---- 1Co 9:13 Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:13 Do you not know that those who perform sacred services eat the food of the temple, and those who attend regularly to the altar have their share from the altar?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:14---- 1Co 9:14 Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:14 So also the Lord directed those who proclaim the gospel to get their living from the gospel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:15---- 1Co 9:15 Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:15 But I have used none of these things. And I am not writing these things so that it will be done so in my case; for it would be better for me to die than have any man make my boast an empty one.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:16---- 1Co 9:16 Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:16 For if I preach the gospel, I have nothing to boast of, for I am under compulsion; for woe is me if I do not preach the gospel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:17---- 1Co 9:17 Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:17 For if I do this voluntarily, I have a reward; but if against my will, I have a stewardship entrusted to me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:18---- 1Co 9:18 Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:18 What then is my reward? That, when I preach the gospel, I may offer the gospel without charge, so as not to make full use of my right in the gospel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:19---- 1Co 9:19 Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:19 For though I am free from all men, I have made myself a slave to all, so that I may win more.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:20---- 1Co 9:20 Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:20 To the Jews I became as a Jew, so that I might win Jews; to those who are under the Law, as under the Law though not being myself under the Law, so that I might win those who are under the Law;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:21---- 1Co 9:21 Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:21 to those who are without law, as without law, though not being without the law of God but under the law of Christ, so that I might win those who are without law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:22---- 1Co 9:22 Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:22 To the weak I became weak, that I might win the weak; I have become all things to all men, so that I may by all means save some.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:23---- 1Co 9:23 Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:23 I do all things for the sake of the gospel, so that I may become a fellow partaker of it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:24---- 1Co 9:24 Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:24 Do you not know that those who run in a race all run, but only one receives the prize? Run in such a way that you may win.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:25---- 1Co 9:25 Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:25 Everyone who competes in the games exercises self-control in all things. They then do it to receive a perishable wreath, but we an imperishable.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:26---- 1Co 9:26 Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:26 Therefore I run in such a way, as not without aim; I box in such a way, as not beating the air;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 9:27---- 1Co 9:27 Mwen aji di ak kò m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Co 9:27 but I discipline my body and make it my slave, so that, after I have preached to others, I myself will not be disqualified.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Corinthians 10:1 ---- written 56 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1071_46_1_Corinthians_09_ht-en.html 1067_46_1_Corinthians_05_ht-en.html 1068_46_1_Corinthians_06_ht-en.html 1069_46_1_Corinthians_07_ht-en.html 1070_46_1_Corinthians_08_ht-en.html 1072_46_1_Corinthians_10_ht-en.html 1073_46_1_Corinthians_11_ht-en.html 1074_46_1_Corinthians_12_ht-en.html 1075_46_1_Corinthians_13_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|