Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Phi 4:23 The grace of the Lord Jesus Christ be with your spirit.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:1 ---- written 61 A.D.----
Col 1:1 Se mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak Timote, frè nou, k'ap ekri lèt sa a(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the will of God, and Timothy our brother,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:2----
Col 1:2 voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:2 To the saints and faithful brethren in Christ who are at Colossae: Grace to you and peace from God our Father.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:3----
Col 1:3 Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:3 We give thanks to God, the Father of our Lord Jesus Christ, praying always for you,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:4----
Col 1:4 Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:4 since we heard of your faith in Christ Jesus and the love which you have for all the saints;(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:5----
Col 1:5 Depi premye jou yo te fè nou konnen bon nouvèl la ki yon mesaj ki vre, nou te gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen tout konfyans sa a ak tout renmen sa a nan kè nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:5 because of the hope laid up for you in heaven, of which you previously heard in the word of truth, the gospel(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:6----
Col 1:6 Bon nouvel la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bon nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l' toupatou sou latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:6 which has come to you, just as in all the world also it is constantly bearing fruit and increasing, even as it has been doing in you also since the day you heard of it and understood the grace of God in truth;(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:7----
Col 1:7 Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m', ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m' nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:7 just as you learned it from Epaphras, our beloved fellow bond-servant, who is a faithful servant of Christ on our behalf,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:8----
Col 1:8 Se li menm ki fè m' konnen renmen Lespri Bondye a ban nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:8 and he also informed us of your love in the Spirit.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:9----
Col 1:9 Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:9 For this reason also, since the day we heard of it, we have not ceased to pray for you and to ask that you may be filled with the knowledge of His will in all spiritual wisdom and understanding,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:10----
Col 1:10 Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:10 so that you will walk in a manner worthy of the Lord, to please Him in all respects, bearing fruit in every good work and increasing in the knowledge of God;(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:11----
Col 1:11 Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:11 strengthened with all power, according to His glorious might, for the attaining of all steadfastness and patience; joyously(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:12----
Col 1:12 Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:12 giving thanks to the Father, who has qualified us to share in the inheritance of the saints in Light.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:13----
Col 1:13 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:13 For He rescued us from the domain of darkness, and transferred us to the kingdom of His beloved Son,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:14----
Col 1:14 Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:14 in whom we have redemption, the forgiveness of sins.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:15----
Col 1:15 Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:15 He is the image of the invisible God, the firstborn of all creation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:16----
Col 1:16 Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:16 For by Him all things were created, both in the heavens and on earth, visible and invisible, whether thrones or dominions or rulers or authorities--all things have been created through Him and for Him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:17----
Col 1:17 Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:17 He is before all things, and in Him all things hold together.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:18----
Col 1:18 Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:18 He is also head of the body, the church; and He is the beginning, the firstborn from the dead, so that He Himself will come to have first place in everything.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:19----
Col 1:19 Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:19 For it was the Father's good pleasure for all the fullness to dwell in Him,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:20----
Col 1:20 Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:20 and through Him to reconcile all things to Himself, having made peace through the blood of His cross; through Him, I say, whether things on earth or things in heaven.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:21----
Col 1:21 Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:21 And although you were formerly alienated and hostile in mind, engaged in evil deeds,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:22----
Col 1:22 Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:22 yet He has now reconciled you in His fleshly body through death, in order to present you before Him holy and blameless and beyond reproach--(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:23----
Col 1:23 Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:23 if indeed you continue in the faith firmly established and steadfast, and not moved away from the hope of the gospel that you have heard, which was proclaimed in all creation under heaven, and of which I, Paul, was made a minister.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:24----
Col 1:24 Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:24 Now I rejoice in my sufferings for your sake, and in my flesh I do my share on behalf of His body, which is the church, in filling up what is lacking in Christ's afflictions.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:25----
Col 1:25 Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:25 Of this church I was made a minister according to the stewardship from God bestowed on me for your benefit, so that I might fully carry out the preaching of the word of God,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:26----
Col 1:26 pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:26 that is, the mystery which has been hidden from the past ages and generations, but has now been manifested to His saints,(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:27----
Col 1:27 Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:27 to whom God willed to make known what is the riches of the glory of this mystery among the Gentiles, which is Christ in you, the hope of glory.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:28----
Col 1:28 Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:28 We proclaim Him, admonishing every man and teaching every man with all wisdom, so that we may present every man complete in Christ.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 1:29----
Col 1:29 Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Col 1:29 For this purpose also I labor, striving according to His power, which mightily works within me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Colossians 2:1 ---- written 61 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1108_51_Colossians_01_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1104_50_Philippians_01_ht-en.html
1105_50_Philippians_02_ht-en.html
1106_50_Philippians_03_ht-en.html
1107_50_Philippians_04_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1109_51_Colossians_02_ht-en.html
1110_51_Colossians_03_ht-en.html
1111_51_Colossians_04_ht-en.html
1112_52_1_Thessalonians_01_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."