Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Th 3:18 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:1 ---- written 63 A.D.----
1Ti 1:1 Mwen menm, Pòl, yon apòt Jezikri dapre volonte Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikri ki tout espwa nou,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:1 Paul, an apostle of Christ Jesus according to the commandment of God our Savior, and of Christ Jesus, who is our hope,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:2----
1Ti 1:2 m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:2 To Timothy, my true child in the faith: Grace, mercy and peace from God the Father and Christ Jesus our Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:3----
1Ti 1:3 Se pou ou rete nan lavil Efèz, jan m' te mande ou la lè mwen t'ap pati pou peyi Masedwan. Paske, gen kèk moun nan lavil Efèz la k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:3 As I urged you upon my departure for Macedonia, remain on at Ephesus so that you may instruct certain men not to teach strange doctrines,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:4----
1Ti 1:4 Di yo wete lide yo sou vye istwa san fondman sa yo, sou lis non gran granparan moun ki byen long. Bagay sa yo lakòz moun fè yon bann diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a, jan nou konnen l', gremesi lafwa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:4 nor to pay attention to myths and endless genealogies, which give rise to mere speculation rather than furthering the administration of God which is by faith.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:5----
1Ti 1:5 W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:5 But the goal of our instruction is love from a pure heart and a good conscience and a sincere faith.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:6----
1Ti 1:6 Gen ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:6 For some men, straying from these things, have turned aside to fruitless discussion,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:7----
1Ti 1:7 Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan keksyon y'ap defann lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:7 wanting to be teachers of the Law, even though they do not understand either what they are saying or the matters about which they make confident assertions.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:8----
1Ti 1:8 Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l' jan ou dwe sèvi avè l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:8 But we know that the Law is good, if one uses it lawfully,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:9----
1Ti 1:9 Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:9 realizing the fact that law is not made for a righteous person, but for those who are lawless and rebellious, for the ungodly and sinners, for the unholy and profane, for those who kill their fathers or mothers, for murderers(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:10----
1Ti 1:10 pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:10 and immoral men and homosexuals and kidnappers and liars and perjurers, and whatever else is contrary to sound teaching,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:11----
1Ti 1:11 Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:11 according to the glorious gospel of the blessed God, with which I have been entrusted.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:12----
1Ti 1:12 M'ap di Jezikri, Seyè nou an, mèsi dèske li ban m' fòs kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di l' mèsi dèske li te konsidere m' anpil pou l' te fè m' tout konfyans sa a, pou l' te chwazi m' pou sèvis li,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:12 I thank Christ Jesus our Lord, who has strengthened me, because He considered me faithful, putting me into service,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:13----
1Ti 1:13 atout nan tan lontan mwen te konn pale l' mal, mwen te pèsekite l', mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pa t' gen konfyans nan li. Konsa, mwen pa t' konnen sa m' t'ap fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:13 even though I was formerly a blasphemer and a persecutor and a violent aggressor. Yet I was shown mercy because I acted ignorantly in unbelief;(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:14----
1Ti 1:14 Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:14 and the grace of our Lord was more than abundant, with the faith and love which are found in Christ Jesus.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:15----
1Ti 1:15 Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:15 It is a trustworthy statement, deserving full acceptance, that Christ Jesus came into the world to save sinners, among whom I am foremost of all.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:16----
1Ti 1:16 Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:16 Yet for this reason I found mercy, so that in me as the foremost, Jesus Christ might demonstrate His perfect patience as an example for those who would believe in Him for eternal life.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:17----
1Ti 1:17 Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:17 Now to the King eternal, immortal, invisible, the only God, be honor and glory forever and ever. Amen.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:18----
1Ti 1:18 Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:18 This command I entrust to you, Timothy, my son, in accordance with the prophecies previously made concerning you, that by them you fight the good fight,(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:19----
1Ti 1:19 Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:19 keeping faith and a good conscience, which some have rejected and suffered shipwreck in regard to their faith.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 1:20----
1Ti 1:20 Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Ti 1:20 Among these are Hymenaeus and Alexander, whom I have handed over to Satan, so that they will be taught not to blaspheme.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Timothy 2:1 ---- written 63 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1120_54_1_Timothy_01_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1116_52_1_Thessalonians_05_ht-en.html
1117_53_2_Thessalonians_01_ht-en.html
1118_53_2_Thessalonians_02_ht-en.html
1119_53_2_Thessalonians_03_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1121_54_1_Timothy_02_ht-en.html
1122_54_1_Timothy_03_ht-en.html
1123_54_1_Timothy_04_ht-en.html
1124_54_1_Timothy_05_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."