|
================================================================================ ---- 1 Peter 3:1 ---- written 63 A.D.---- 1Pe 3:1 Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:1 In the same way, you wives, be submissive to your own husbands so that even if any of them are disobedient to the word, they may be won without a word by the behavior of their wives,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:2---- 1Pe 3:2 paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:2 as they observe your chaste and respectful behavior.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:3---- 1Pe 3:3 Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:3 Your adornment must not be merely external--braiding the hair, and wearing gold jewelry, or putting on dresses;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:4---- 1Pe 3:4 Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:4 but let it be the hidden person of the heart, with the imperishable quality of a gentle and quiet spirit, which is precious in the sight of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:5---- 1Pe 3:5 Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:5 For in this way in former times the holy women also, who hoped in God, used to adorn themselves, being submissive to their own husbands;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:6---- 1Pe 3:6 Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l' mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:6 just as Sarah obeyed Abraham, calling him lord, and you have become her children if you do what is right without being frightened by any fear.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:7---- 1Pe 3:7 Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:7 You husbands in the same way, live with your wives in an understanding way, as with someone weaker, since she is a woman; and show her honor as a fellow heir of the grace of life, so that your prayers will not be hindered.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:8---- 1Pe 3:8 Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:8 To sum up, all of you be harmonious, sympathetic, brotherly, kindhearted, and humble in spirit;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:9---- 1Pe 3:9 Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:9 not returning evil for evil or insult for insult, but giving a blessing instead; for you were called for the very purpose that you might inherit a blessing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:10---- 1Pe 3:10 Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l' anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l' kenbe lang li pou l' pa pale moun mal. Se pou l' veye bouch li pou l' pa bay manti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:10 For, "THE ONE WHO DESIRES LIFE, TO LOVE AND SEE GOOD DAYS, MUST KEEP HIS TONGUE FROM EVIL AND HIS LIPS FROM SPEAKING DECEIT.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:11---- 1Pe 3:11 Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:11 "HE MUST TURN AWAY FROM EVIL AND DO GOOD; HE MUST SEEK PEACE AND PURSUE IT.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:12---- 1Pe 3:12 Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:12 "FOR THE EYES OF THE LORD ARE TOWARD THE RIGHTEOUS, AND HIS EARS ATTEND TO THEIR PRAYER, BUT THE FACE OF THE LORD IS AGAINST THOSE WHO DO EVIL."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:13---- 1Pe 3:13 Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:13 Who is there to harm you if you prove zealous for what is good?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:14---- 1Pe 3:14 Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:14 But even if you should suffer for the sake of righteousness, you are blessed. AND DO NOT FEAR THEIR INTIMIDATION, AND DO NOT BE TROUBLED,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:15---- 1Pe 3:15 Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:15 but sanctify Christ as Lord in your hearts, always being ready to make a defense to everyone who asks you to give an account for the hope that is in you, yet with gentleness and reverence;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:16---- 1Pe 3:16 Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:16 and keep a good conscience so that in the thing in which you are slandered, those who revile your good behavior in Christ will be put to shame.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:17---- 1Pe 3:17 Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:17 For it is better, if God should will it so, that you suffer for doing what is right rather than for doing what is wrong.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:18---- 1Pe 3:18 Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:18 For Christ also died for sins once for all, the just for the unjust, so that He might bring us to God, having been put to death in the flesh, but made alive in the spirit;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:19---- 1Pe 3:19 Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:19 in which also He went and made proclamation to the spirits now in prison,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:20---- 1Pe 3:20 Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t'ap tann ak pasyans pandan Noe t'ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:20 who once were disobedient, when the patience of God kept waiting in the days of Noah, during the construction of the ark, in which a few, that is, eight persons, were brought safely through the water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:21---- 1Pe 3:21 Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:21 Corresponding to that, baptism now saves you--not the removal of dirt from the flesh, but an appeal to God for a good conscience--through the resurrection of Jesus Christ,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 3:22---- 1Pe 3:22 ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Pe 3:22 who is at the right hand of God, having gone into heaven, after angels and authorities and powers had been subjected to Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Peter 4:1 ---- written 63 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1154_60_1_Peter_03_ht-en.html 1150_59_James_04_ht-en.html 1151_59_James_05_ht-en.html 1152_60_1_Peter_01_ht-en.html 1153_60_1_Peter_02_ht-en.html 1155_60_1_Peter_04_ht-en.html 1156_60_1_Peter_05_ht-en.html 1157_61_2_Peter_01_ht-en.html 1158_61_2_Peter_02_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|