Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


3Jn 1:15 Peace be to you. The friends greet you. Greet the friends by name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:1 ---- written 70-80 A.D.----
Jud 1:1 Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:1 Jude, a bond-servant of Jesus Christ, and brother of James, To those who are the called, beloved in God the Father, and kept for Jesus Christ:(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:2----
Jud 1:2 Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:2 May mercy and peace and love be multiplied to you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:3----
Jud 1:3 Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:3 Beloved, while I was making every effort to write you about our common salvation, I felt the necessity to write to you appealing that you contend earnestly for the faith which was once for all handed down to the saints.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:4----
Jud 1:4 Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:4 For certain persons have crept in unnoticed, those who were long beforehand marked out for this condemnation, ungodly persons who turn the grace of our God into licentiousness and deny our only Master and Lord, Jesus Christ.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:5----
Jud 1:5 Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:5 Now I desire to remind you, though you know all things once for all, that the Lord, after saving a people out of the land of Egypt, subsequently destroyed those who did not believe.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:6----
Jud 1:6 Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:6 And angels who did not keep their own domain, but abandoned their proper abode, He has kept in eternal bonds under darkness for the judgment of the great day,(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:7----
Jud 1:7 Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:7 just as Sodom and Gomorrah and the cities around them, since they in the same way as these indulged in gross immorality and went after strange flesh, are exhibited as an example in undergoing the punishment of eternal fire.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:8----
Jud 1:8 Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:8 Yet in the same way these men, also by dreaming, defile the flesh, and reject authority, and revile angelic majesties.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:9----
Jud 1:9 Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:9 But Michael the archangel, when he disputed with the devil and argued about the body of Moses, did not dare pronounce against him a railing judgment, but said, "The Lord rebuke you!"(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:10----
Jud 1:10 Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:10 But these men revile the things which they do not understand; and the things which they know by instinct, like unreasoning animals, by these things they are destroyed.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:11----
Jud 1:11 Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:11 Woe to them! For they have gone the way of Cain, and for pay they have rushed headlong into the error of Balaam, and perished in the rebellion of Korah.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:12----
Jud 1:12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:12 These are the men who are hidden reefs in your love feasts when they feast with you without fear, caring for themselves; clouds without water, carried along by winds; autumn trees without fruit, doubly dead, uprooted;(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:13----
Jud 1:13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:13 wild waves of the sea, casting up their own shame like foam; wandering stars, for whom the black darkness has been reserved forever.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:14----
Jud 1:14 Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:14 It was also about these men that Enoch, in the seventh generation from Adam, prophesied, saying, "Behold, the Lord came with many thousands of His holy ones,(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:15----
Jud 1:15 L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:15 to execute judgment upon all, and to convict all the ungodly of all their ungodly deeds which they have done in an ungodly way, and of all the harsh things which ungodly sinners have spoken against Him."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:16----
Jud 1:16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:16 These are grumblers, finding fault, following after their own lusts; they speak arrogantly, flattering people for the sake of gaining an advantage.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:17----
Jud 1:17 Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:17 But you, beloved, ought to remember the words that were spoken beforehand by the apostles of our Lord Jesus Christ,(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:18----
Jud 1:18 Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:18 that they were saying to you, "In the last time there will be mockers, following after their own ungodly lusts."(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:19----
Jud 1:19 Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:19 These are the ones who cause divisions, worldly-minded, devoid of the Spirit.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:20----
Jud 1:20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:20 But you, beloved, building yourselves up on your most holy faith, praying in the Holy Spirit,(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:21----
Jud 1:21 Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:21 keep yourselves in the love of God, waiting anxiously for the mercy of our Lord Jesus Christ to eternal life.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:22----
Jud 1:22 Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:22 And have mercy on some, who are doubting;(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:23----
Jud 1:23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:23 save others, snatching them out of the fire; and on some have mercy with fear, hating even the garment polluted by the flesh.(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:24----
Jud 1:24 Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:24 Now to Him who is able to keep you from stumbling, and to make you stand in the presence of His glory blameless with great joy,(NASB-1995)

================================================================================
---- Jude 1:25----
Jud 1:25 Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Jud 1:25 to the only God our Savior, through Jesus Christ our Lord, be glory, majesty, dominion and authority, before all time and now and forever. Amen.(NASB-1995)

================================================================================


top of the page
THIS CHAPTER:    1167_65_Jude_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1163_62_1_John_04_ht-en.html
1164_62_1_John_05_ht-en.html
1165_63_2_John_01_ht-en.html
1166_64_3_John_01_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1168_66_Revelation_01_ht-en.html
1169_66_Revelation_02_ht-en.html
1170_66_Revelation_03_ht-en.html
1171_66_Revelation_04_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."