|
================================================================================ ---- Deuteronomy 29:1---- Deu 29:1 Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:1 These are the words of the covenant which the Lord commanded Moses to make with the sons of Israel in the land of Moab, besides the covenant which He had made with them at Horeb.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:2---- Deu 29:2 Moyiz fè rele tout pèp Izrayèl la, li di yo konsa: -Nou wè ak je nou tou sa Seyè a te fè wa peyi Lejip la, moun ki t'ap travay ak li yo ak tout peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:2 And Moses summoned all Israel and said to them, "You have seen all that the Lord did before your eyes in the land of Egypt to Pharaoh and all his servants and all his land;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:3---- Deu 29:3 Nou wè ak je nou tout gwo malè li te voye sou yo, tout mirak ak tout mèvèy li te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:3 the great trials which your eyes have seen, those great signs and wonders.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:4---- Deu 29:4 Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:4 Yet to this day the Lord has not given you a heart to know, nor eyes to see, nor ears to hear.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:5---- Deu 29:5 Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:5 I have led you forty years in the wilderness; your clothes have not worn out on you, and your sandal has not worn out on your foot.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:6---- Deu 29:6 Nou pa t' gen pen pou nou manje, ni diven, ni ankenn bwason pou nou bwè, men Seyè a te ban nou tou sa nou bezwen pou n' te ka konnen se li menm, Seyè a, ki Bondye nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:6 You have not eaten bread, nor have you drunk wine or strong drink, in order that you might know that I am the Lord your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:7---- Deu 29:7 Rive nou rive isit la, Siyon, wa Esbon an ak Og, wa Bazan an, soti vin atake nou. Nou bat yo byen bat.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:7 When you reached this place, Sihon the king of Heshbon and Og the king of Bashan came out to meet us for battle, but we defeated them;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:8---- Deu 29:8 Nou pran peyi yo a bay moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye nan moun branch fanmi Manase yo pou yo rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:8 and we took their land and gave it as an inheritance to the Reubenites, the Gadites, and the half-tribe of the Manassites.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:9---- Deu 29:9 N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:9 So keep the words of this covenant to do them, that you may prosper in all that you do.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:10---- Deu 29:10 Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:10 "You stand today, all of you, before the Lord your God: your chiefs, your tribes, your elders and your officers, even all the men of Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:11---- Deu 29:11 tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:11 your little ones, your wives, and the alien who is within your camps, from the one who chops your wood to the one who draws your water,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:12---- Deu 29:12 nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:12 that you may enter into the covenant with the Lord your God, and into His oath which the Lord your God is making with you today,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:13---- Deu 29:13 Konsa depi jòdi a, se pèp li nou ye, se Bondye pa nou li ye, jan l' te di l' la, jan l' te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:13 in order that He may establish you today as His people and that He may be your God, just as He spoke to you and as He swore to your fathers, to Abraham, Isaac, and Jacob.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:14---- Deu 29:14 Men, se pa avèk nou menm sèlman l'ap pase kontra li te fè nou sèmante pou n' kenbe a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:14 "Now not with you alone am I making this covenant and this oath,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:15---- Deu 29:15 Men se pa sèlman ak nou tout ki la jòdi a devan mwen, men tou se avèk tout pitit nou yo ki poko fèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:15 but both with those who stand here with us today in the presence of the Lord our God and with those who are not with us here today(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:16---- Deu 29:16 Nou konnen byen pwòp ki kalite lavi nou t'ap mennen nan pèyi Lejip la ak ki jan nou te pase nan mitan moun lòt nasyon nou te kontre sou wout nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:16 (for you know how we lived in the land of Egypt, and how we came through the midst of the nations through which you passed;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:17---- Deu 29:17 Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè, ak tout zidòl fèt an bwa, osinon ak wòch, osinon an ajan oswa an lò yo te gen lakay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:17 moreover, you have seen their abominations and their idols of wood, stone, silver, and gold, which they had with them);(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:18---- Deu 29:18 Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:18 so that there will not be among you a man or woman, or family or tribe, whose heart turns away today from the Lord our God, to go and serve the gods of those nations; that there will not be among you a root bearing poisonous fruit and wormwood.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:19---- Deu 29:19 Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:19 It shall be when he hears the words of this curse, that he will boast, saying, 'I have peace though I walk in the stubbornness of my heart in order to destroy the watered land with the dry.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:20---- Deu 29:20 Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:20 The Lord shall never be willing to forgive him, but rather the anger of the Lord and His jealousy will burn against that man, and every curse which is written in this book will rest on him, and the Lord will blot out his name from under heaven.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:21---- Deu 29:21 Seyè a va wete l' nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l' dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:21 Then the Lord will single him out for adversity from all the tribes of Israel, according to all the curses of the covenant which are written in this book of the law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:22---- Deu 29:22 Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap soti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Seyè a voye nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:22 "Now the generation to come, your sons who rise up after you and the foreigner who comes from a distant land, when they see the plagues of the land and the diseases with which the Lord has afflicted it, will say,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:23---- Deu 29:23 Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:23 'All its land is brimstone and salt, a burning waste, unsown and unproductive, and no grass grows in it, like the overthrow of Sodom and Gomorrah, Admah and Zeboiim, which the Lord overthrew in His anger and in His wrath.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:24---- Deu 29:24 Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:24 All the nations will say, 'Why has the Lord done thus to this land? Why this great outburst of anger?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:25---- Deu 29:25 Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:25 Then men will say, 'Because they forsook the covenant of the Lord, the God of their fathers, which He made with them when He brought them out of the land of Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:26---- Deu 29:26 Yo leve al sèvi lòt bondye yo pa t' janm konnen anvan. Y' al mete ajenou devan bondye Seyè a pa t' ba yo pou yo sèvi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:26 They went and served other gods and worshiped them, gods whom they have not known and whom He had not allotted to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:27---- Deu 29:27 Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:27 Therefore, the anger of the Lord burned against that land, to bring upon it every curse which is written in this book;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:28---- Deu 29:28 Seyè a fè kòlè, li move, li fache, li rache yo met deyò nan peyi yo a, l' al jete yo nan yon lòt peyi etranje kote yo ye koulye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:28 and the Lord uprooted them from their land in anger and in fury and in great wrath, and cast them into another land, as it is this day.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 29:29---- Deu 29:29 Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 29:29 "The secret things belong to the Lord our God, but the things revealed belong to us and to our sons forever, that we may observe all the words of this law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 30:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0182_05_Deuteronomy_29_ht-en.html 0178_05_Deuteronomy_25_ht-en.html 0179_05_Deuteronomy_26_ht-en.html 0180_05_Deuteronomy_27_ht-en.html 0181_05_Deuteronomy_28_ht-en.html 0183_05_Deuteronomy_30_ht-en.html 0184_05_Deuteronomy_31_ht-en.html 0185_05_Deuteronomy_32_ht-en.html 0186_05_Deuteronomy_33_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|