|
================================================================================ ---- Judges 7:1 ---- written 1050-1000 B.C.---- Jdg 7:1 Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:1 Then Jerubbaal (that is, Gideon) and all the people who were with him, rose early and camped beside the spring of Harod; and the camp of Midian was on the north side of them by the hill of Moreh in the valley.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:2---- Jdg 7:2 Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:2 The Lord said to Gideon, "The people who are with you are too many for Me to give Midian into their hands, for Israel would become boastful, saying, 'My own power has delivered me.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:3---- Jdg 7:3 Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil .(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:3 Now therefore come, proclaim in the hearing of the people, saying, 'Whoever is afraid and trembling, let him return and depart from Mount Gilead.'" So 22,000 people returned, but 10,000 remained.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:4---- Jdg 7:4 Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:4 Then the Lord said to Gideon, "The people are still too many; bring them down to the water and I will test them for you there. Therefore it shall be that he of whom I say to you, 'This one shall go with you,' he shall go with you; but everyone of whom I say to you, 'This one shall not go with you,' he shall not go."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:5---- Jdg 7:5 Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:5 So he brought the people down to the water. And the Lord said to Gideon, "You shall separate everyone who laps the water with his tongue as a dog laps, as well as everyone who kneels to drink."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:6---- Jdg 7:6 Te gen twasan gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:6 Now the number of those who lapped, putting their hand to their mouth, was 300 men; but all the rest of the people kneeled to drink water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:7---- Jdg 7:7 Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:7 The Lord said to Gideon, "I will deliver you with the 300 men who lapped and will give the Midianites into your hands; so let all the other people go, each man to his home."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:8---- Jdg 7:8 Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:8 So the 300 men took the people's provisions and their trumpets into their hands. And Gideon sent all the other men of Israel, each to his tent, but retained the 300 men; and the camp of Midian was below him in the valley.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:9---- Jdg 7:9 Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:9 Now the same night it came about that the Lord said to him, "Arise, go down against the camp, for I have given it into your hands.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:10---- Jdg 7:10 Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:10 But if you are afraid to go down, go with Purah your servant down to the camp,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:11---- Jdg 7:11 W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:11 and you will hear what they say; and afterward your hands will be strengthened that you may go down against the camp." So he went with Purah his servant down to the outposts of the army that was in the camp.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:12---- Jdg 7:12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:12 Now the Midianites and the Amalekites and all the sons of the east were lying in the valley as numerous as locusts; and their camels were without number, as numerous as the sand on the seashore.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:13---- Jdg 7:13 Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:13 When Gideon came, behold, a man was relating a dream to his friend. And he said, "Behold, I had a dream; a loaf of barley bread was tumbling into the camp of Midian, and it came to the tent and struck it so that it fell, and turned it upside down so that the tent lay flat."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:14---- Jdg 7:14 Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:14 His friend replied, "This is nothing less than the sword of Gideon the son of Joash, a man of Israel; God has given Midian and all the camp into his hand."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:15---- Jdg 7:15 Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:15 When Gideon heard the account of the dream and its interpretation, he bowed in worship. He returned to the camp of Israel and said, "Arise, for the Lord has given the camp of Midian into your hands."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:16---- Jdg 7:16 Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:16 He divided the 300 men into three companies, and he put trumpets and empty pitchers into the hands of all of them, with torches inside the pitchers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:17---- Jdg 7:17 Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:17 He said to them, "Look at me and do likewise. And behold, when I come to the outskirts of the camp, do as I do.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:18---- Jdg 7:18 N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:18 When I and all who are with me blow the trumpet, then you also blow the trumpets all around the camp and say, 'For the Lord and for Gideon.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:19---- Jdg 7:19 Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:19 So Gideon and the hundred men who were with him came to the outskirts of the camp at the beginning of the middle watch, when they had just posted the watch; and they blew the trumpets and smashed the pitchers that were in their hands.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:20---- Jdg 7:20 Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:20 When the three companies blew the trumpets and broke the pitchers, they held the torches in their left hands and the trumpets in their right hands for blowing, and cried, "A sword for the Lord and for Gideon!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:21---- Jdg 7:21 Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:21 Each stood in his place around the camp; and all the army ran, crying out as they fled.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:22---- Jdg 7:22 Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:22 When they blew 300 trumpets, the Lord set the sword of one against another even throughout the whole army; and the army fled as far as Beth-shittah toward Zererah, as far as the edge of Abel-meholah, by Tabbath.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:23---- Jdg 7:23 Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:23 The men of Israel were summoned from Naphtali and Asher and all Manasseh, and they pursued Midian.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:24---- Jdg 7:24 Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:24 Gideon sent messengers throughout all the hill country of Ephraim, saying, "Come down against Midian and take the waters before them, as far as Beth-barah and the Jordan." So all the men of Ephraim were summoned and they took the waters as far as Beth-barah and the Jordan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 7:25---- Jdg 7:25 Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Jdg 7:25 They captured the two leaders of Midian, Oreb and Zeeb, and they killed Oreb at the rock of Oreb, and they killed Zeeb at the wine press of Zeeb, while they pursued Midian; and they brought the heads of Oreb and Zeeb to Gideon from across the Jordan.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Judges 8:1 ---- written 1050-1000 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0218_07_Judges_07_ht-en.html 0214_07_Judges_03_ht-en.html 0215_07_Judges_04_ht-en.html 0216_07_Judges_05_ht-en.html 0217_07_Judges_06_ht-en.html 0219_07_Judges_08_ht-en.html 0220_07_Judges_09_ht-en.html 0221_07_Judges_10_ht-en.html 0222_07_Judges_11_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|