Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Ezr 8:36 Then they delivered the king's edicts to the king's satraps and to the governors in the provinces beyond the River, and they supported the people and the house of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:1 ---- written 465-444 B.C.----
Ezr 9:1 Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:1 Now when these things had been completed, the princes approached me, saying, "The people of Israel and the priests and the Levites have not separated themselves from the peoples of the lands, according to their abominations, those of the Canaanites, the Hittites, the Perizzites, the Jebusites, the Ammonites, the Moabites, the Egyptians and the Amorites.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:2----
Ezr 9:2 Yo marye ak fanm pèp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pèp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kò yo nan move zak sa yo se chèf yo ak konseye yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:2 For they have taken some of their daughters as wives for themselves and for their sons, so that the holy race has intermingled with the peoples of the lands; indeed, the hands of the princes and the rulers have been foremost in this unfaithfulness."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:3----
Ezr 9:3 Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:3 When I heard about this matter, I tore my garment and my robe, and pulled some of the hair from my head and my beard, and sat down appalled.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:4----
Ezr 9:4 M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:4 Then everyone who trembled at the words of the God of Israel on account of the unfaithfulness of the exiles gathered to me, and I sat appalled until the evening offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:5----
Ezr 9:5 Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:5 But at the evening offering I arose from my humiliation, even with my garment and my robe torn, and I fell on my knees and stretched out my hands to the Lord my God;(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:6----
Ezr 9:6 Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:6 and I said, "O my God, I am ashamed and embarrassed to lift up my face to You, my God, for our iniquities have risen above our heads and our guilt has grown even to the heavens.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:7----
Ezr 9:7 Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:7 Since the days of our fathers to this day we have been in great guilt, and on account of our iniquities we, our kings and our priests have been given into the hand of the kings of the lands, to the sword, to captivity and to plunder and to open shame, as it is this day.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:8----
Ezr 9:8 Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:8 But now for a brief moment grace has been shown from the Lord our God, to leave us an escaped remnant and to give us a peg in His holy place, that our God may enlighten our eyes and grant us a little reviving in our bondage.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:9----
Ezr 9:9 Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:9 For we are slaves; yet in our bondage our God has not forsaken us, but has extended lovingkindness to us in the sight of the kings of Persia, to give us reviving to raise up the house of our God, to restore its ruins and to give us a wall in Judah and Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:10----
Ezr 9:10 Koulye a menm, Bondye, kisa pou nou di ou? Menm apre tou sa ou deja fè pou nou, nou dezobeyi tout kòmandman(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:10 "Now, our God, what shall we say after this? For we have forsaken Your commandments,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:11----
Ezr 9:11 ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:11 which You have commanded by Your servants the prophets, saying, 'The land which you are entering to possess is an unclean land with the uncleanness of the peoples of the lands, with their abominations which have filled it from end to end and with their impurity.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:12----
Ezr 9:12 Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:12 So now do not give your daughters to their sons nor take their daughters to your sons, and never seek their peace or their prosperity, that you may be strong and eat the good things of the land and leave it as an inheritance to your sons forever.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:13----
Ezr 9:13 Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:13 After all that has come upon us for our evil deeds and our great guilt, since You our God have requited us less than our iniquities deserve, and have given us an escaped remnant as this,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:14----
Ezr 9:14 Epi pou koulye a ankò pou nou pa swiv kòmandman ou yo, pou n' al marye avèk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nèt, san ou pa kite pesonn chape!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:14 shall we again break Your commandments and intermarry with the peoples who commit these abominations? Would You not be angry with us to the point of destruction, until there is no remnant nor any who escape?(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 9:15----
Ezr 9:15 Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Ezr 9:15 O Lord God of Israel, You are righteous, for we have been left an escaped remnant, as it is this day; behold, we are before You in our guilt, for no one can stand before You because of this."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezra 10:1 ---- written 465-444 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0412_15_Ezra_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0408_15_Ezra_05_ht-en.html
0409_15_Ezra_06_ht-en.html
0410_15_Ezra_07_ht-en.html
0411_15_Ezra_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0413_15_Ezra_10_ht-en.html
0414_16_Nehemiah_01_ht-en.html
0415_16_Nehemiah_02_ht-en.html
0416_16_Nehemiah_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."