|
================================================================================ ---- Nehemiah 4:1 ---- written 445-425 B.C.---- Neh 4:1 Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t'ap rebati miray ranpa a, li fache, li move.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:1 Now it came about that when Sanballat heard that we were rebuilding the wall, he became furious and very angry and mocked the Jews.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:2---- Neh 4:2 Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:2 He spoke in the presence of his brothers and the wealthy men of Samaria and said, "What are these feeble Jews doing? Are they going to restore it for themselves? Can they offer sacrifices? Can they finish in a day? Can they revive the stones from the dusty rubble even the burned ones?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:3---- Neh 4:3 Tobija, moun peyi Amon an, te kanpe bò kote Sanbala. Li t'ap di: -Anhan! Y'ap rebati! Kite yon chat mawon vole sou miray wòch yo a, sa kont pou jete l' atè!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:3 Now Tobiah the Ammonite was near him and he said, "Even what they are building--if a fox should jump on it, he would break their stone wall down!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:4---- Neh 4:4 Lè sa a, mwen menm, Neemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l': -O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:4 Hear, O our God, how we are despised! Return their reproach on their own heads and give them up for plunder in a land of captivity.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:5---- Neh 4:5 Pa padonnen sa yo fè ki mal. Pa janm bliye peche yo fè a, paske yo t'ap pale moun ki t'ap rebati lavil ou a mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:5 Do not forgive their iniquity and let not their sin be blotted out before You, for they have demoralized the builders.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:6---- Neh 4:6 Se konsa, nou t'ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l' te fè travay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:6 So we built the wall and the whole wall was joined together to half its height, for the people had a mind to work.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:7---- Neh 4:7 Lè Sanbala ak Tobija ansanm ak moun Arabi yo, moun Amon yo ak moun Achdòd yo tande travay reparasyon miray ranpa lavil Jerizalèm yo t'ap mache, epi twou ki te nan miray yo te konmanse bouche, yo fè gwo kòlè, yo fache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:7 Now when Sanballat, Tobiah, the Arabs, the Ammonites and the Ashdodites heard that the repair of the walls of Jerusalem went on, and that the breaches began to be closed, they were very angry.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:8---- Neh 4:8 Yo mete tèt yo ansanm pou yo vin atake lavil Jerizalèm, pou yo bay pwoblèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:8 All of them conspired together to come and fight against Jerusalem and to cause a disturbance in it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:9---- Neh 4:9 Men, nou lapriyè Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:9 But we prayed to our God, and because of them we set up a guard against them day and night.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:10---- Neh 4:10 Men, moun peyi Jida yo t'ap plede di: -Nou fin fèb nan pote chay! Gen twòp vye ranblè pou n' netwaye! Nou p'ap janm fin rebati miray sa a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:10 Thus in Judah it was said, "The strength of the burden bearers is failing, Yet there is much rubbish; And we ourselves are unable To rebuild the wall."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:11---- Neh 4:11 Lènmi nou yo menm, bò pa yo, t'ap di: -San yo pa konnen, san yo pa wè anyen, n'ap gen tan nan mitan yo. N'ap masakre yo, n'ap fè travay la sispann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:11 Our enemies said, "They will not know or see until we come among them, kill them and put a stop to the work."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:12---- Neh 4:12 Men, chak fwa lènmi nou yo moute vin atake nou, jwif ki t'ap viv nan mitan yo te vin avèti nou. Konsa konsa, an dis fwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:12 When the Jews who lived near them came and told us ten times, "They will come up against us from every place where you may turn,"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:13---- Neh 4:13 Lè konsa, mwen ranje pèp la dèyè ranpa a, chak fanmi apa, avèk nepe yo, frenn yo ak banza yo. Mwen mete yo kote miray la pa t' ankò fini an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:13 then I stationed men in the lowest parts of the space behind the wall, the exposed places, and I stationed the people in families with their swords, spears and bows.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:14---- Neh 4:14 Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:14 When I saw their fear, I rose and spoke to the nobles, the officials and the rest of the people: "Do not be afraid of them; remember the Lord who is great and awesome, and fight for your brothers, your sons, your daughters, your wives and your houses."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:15---- Neh 4:15 Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te soti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:15 When our enemies heard that it was known to us, and that God had frustrated their plan, then all of us returned to the wall, each one to his work.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:16---- Neh 4:16 Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t'ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:16 From that day on, half of my servants carried on the work while half of them held the spears, the shields, the bows and the breastplates; and the captains were behind the whole house of Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:17---- Neh 4:17 ki t'ap rebati ranpa a. Tout moun ki t'ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t'ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:17 Those who were rebuilding the wall and those who carried burdens took their load with one hand doing the work and the other holding a weapon.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:18---- Neh 4:18 Moun ki t'ap travay yo menm te toujou gen yon nepe pase nan ren yo. Nèg ki te konn kònen klewon an te toujou bò kote m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:18 As for the builders, each wore his sword girded at his side as he built, while the trumpeter stood near me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:19---- Neh 4:19 Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: -Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:19 I said to the nobles, the officials and the rest of the people, "The work is great and extensive, and we are separated on the wall far from one another.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:20---- Neh 4:20 Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m'. Bondye nou an va goumen pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:20 At whatever place you hear the sound of the trumpet, rally to us there. Our God will fight for us."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:21---- Neh 4:21 Se konsa, chak jou, depi bajou kase jouk zetwal parèt nan syèl la, mwatye nan nou t'ap mennen travay la sou ranpa a, lòt mwatye a t'ap veye avèk zam yo nan men yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:21 So we carried on the work with half of them holding spears from dawn until the stars appeared.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:22---- Neh 4:22 Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: -Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n'a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n'a travay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:22 At that time I also said to the people, "Let each man with his servant spend the night within Jerusalem so that they may be a guard for us by night and a laborer by day."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 4:23---- Neh 4:23 Se konsa, lannwit, nou pa janm wete rad sou nou, ni mwen, ni frè parèy mwen yo, ni domestik nou yo, ni gad kò m' yo. Nou tout nou te gen zam nou bò kote nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 4:23 So neither I, my brothers, my servants, nor the men of the guard who followed me, none of us removed our clothes, each took his weapon even to the water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 5:1 ---- written 445-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0417_16_Nehemiah_04_ht-en.html 0413_15_Ezra_10_ht-en.html 0414_16_Nehemiah_01_ht-en.html 0415_16_Nehemiah_02_ht-en.html 0416_16_Nehemiah_03_ht-en.html 0418_16_Nehemiah_05_ht-en.html 0419_16_Nehemiah_06_ht-en.html 0420_16_Nehemiah_07_ht-en.html 0421_16_Nehemiah_08_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|