Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Eze 27:36 'The merchants among the peoples hiss at you; You have become terrified And you will cease to be forever.'"'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic----
Eze 28:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:1 The word of the Lord came again to me, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:2----
Eze 28:2 -Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:2 "Son of man, say to the leader of Tyre, 'Thus says the Lord God, "Because your heart is lifted up And you have said, 'I am a god, I sit in the seat of gods In the heart of the seas'; Yet you are a man and not God, Although you make your heart like the heart of God"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:3----
Eze 28:3 Ou met nan tèt ou ou gen plis konprann pase Danèl. Pa gen sekrè ki kache pou ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:3 Behold, you are wiser than Daniel; There is no secret that is a match for you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:4----
Eze 28:4 Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:4 "By your wisdom and understanding You have acquired riches for yourself And have acquired gold and silver for your treasuries.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:5----
Eze 28:5 Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:5 "By your great wisdom, by your trade You have increased your riches And your heart is lifted up because of your riches"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:6----
Eze 28:6 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:6 Therefore thus says the Lord God, 'Because you have made your heart Like the heart of God,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:7----
Eze 28:7 Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:7 Therefore, behold, I will bring strangers upon you, The most ruthless of the nations. And they will draw their swords Against the beauty of your wisdom And defile your splendor.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:8----
Eze 28:8 Yo pral touye ou. Ou pral mouri neye nan mitan lanmè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:8 'They will bring you down to the pit, And you will die the death of those who are slain In the heart of the seas.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:9----
Eze 28:9 Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:9 'Will you still say, "I am a god," In the presence of your slayer, Though you are a man and not God, In the hands of those who wound you?(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:10----
Eze 28:10 W'ap mouri tankou moun ki pa konn Bondye. Se moun lòt nasyon yo k'ap touye ou. Mwen fin pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:10 'You will die the death of the uncircumcised By the hand of strangers, For I have spoken!' declares the Lord God!"'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:11----
Eze 28:11 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:11 Again the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:12----
Eze 28:12 -Nonm o! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Te gen yon lè se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:12 "Son of man, take up a lamentation over the king of Tyre and say to him, 'Thus says the Lord God, "You had the seal of perfection, Full of wisdom and perfect in beauty.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:13----
Eze 28:13 Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:13 "You were in Eden, the garden of God; Every precious stone was your covering: The ruby, the topaz and the diamond; The beryl, the onyx and the jasper; The lapis lazuli, the turquoise and the emerald; And the gold, the workmanship of your settings and sockets, Was in you. On the day that you were created They were prepared.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:14----
Eze 28:14 Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:14 "You were the anointed cherub who covers, And I placed you there. You were on the holy mountain of God; You walked in the midst of the stones of fire.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:15----
Eze 28:15 Depi jou Bondye kreye ou la, ou pa t' fè anyen pou yo te fè ou repwòch, jouk jou ou konmanse fè sa ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:15 "You were blameless in your ways From the day you were created Until unrighteousness was found in you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:16----
Eze 28:16 Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:16 "By the abundance of your trade You were internally filled with violence, And you sinned; Therefore I have cast you as profane From the mountain of God. And I have destroyed you, O covering cherub, From the midst of the stones of fire.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:17----
Eze 28:17 Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:17 "Your heart was lifted up because of your beauty; You corrupted your wisdom by reason of your splendor. I cast you to the ground; I put you before kings, That they may see you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:18----
Eze 28:18 Ou sitèlman fè mechanste ak vis nan kòmès ou yo, ou pa respekte ata tanp ou yo. Mwen mete dife nan lavil ou yo. Yo boule nèt. Tout moun ki t'ap gade ou yo wè ou tounen sann.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:18 "By the multitude of your iniquities, In the unrighteousness of your trade You profaned your sanctuaries. Therefore I have brought fire from the midst of you; It has consumed you, And I have turned you to ashes on the earth In the eyes of all who see you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:19----
Eze 28:19 Tout moun ki te konnen ou nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Ou fini, ou fini nèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:19 "All who know you among the peoples Are appalled at you; You have become terrified And you will cease to be forever."'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:20----
Eze 28:20 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:20 And the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:21----
Eze 28:21 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:21 "Son of man, set your face toward Sidon, prophesy against her(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:22----
Eze 28:22 W'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou. Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la. Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:22 and say, 'Thus says the Lord God, "Behold, I am against you, O Sidon, And I will be glorified in your midst. Then they will know that I am the Lord when I execute judgments in her, And I will manifest My holiness in her.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:23----
Eze 28:23 Mwen pral voye maladi sou yo. San moun pral koule nan tout lari. Lènmi ap soti toupatou vin atake yo. Moun pral mouri nan lavil la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:23 "For I will send pestilence to her And blood to her streets, And the wounded will fall in her midst By the sword upon her on every side; Then they will know that I am the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:24----
Eze 28:24 Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:24 And there will be no more for the house of Israel a prickling brier or a painful thorn from any round about them who scorned them; then they will know that I am the Lord God."(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:25----
Eze 28:25 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m' te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:25 'Thus says the Lord God, "When I gather the house of Israel from the peoples among whom they are scattered, and will manifest My holiness in them in the sight of the nations, then they will live in their land which I gave to My servant Jacob.(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 28:26----
Eze 28:26 Yo pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Eze 28:26 They will live in it securely; and they will build houses, plant vineyards and live securely when I execute judgments upon all who scorn them round about them. Then they will know that I am the Lord their God."'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Ezekiel 29:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0830_26_Ezekiel_28_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0826_26_Ezekiel_24_ht-en.html
0827_26_Ezekiel_25_ht-en.html
0828_26_Ezekiel_26_ht-en.html
0829_26_Ezekiel_27_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0831_26_Ezekiel_29_ht-en.html
0832_26_Ezekiel_30_ht-en.html
0833_26_Ezekiel_31_ht-en.html
0834_26_Ezekiel_32_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."