|
================================================================================ ---- Daniel 7:1 ---- written 537 B.C. Exilic---- Dan 7:1 Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:1 In the first year of Belshazzar king of Babylon Daniel saw a dream and visions in his mind as he lay on his bed; then he wrote the dream down and related the following summary of it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:2---- Dan 7:2 -Jou lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:2 Daniel said, "I was looking in my vision by night, and behold, the four winds of heaven were stirring up the great sea.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:3---- Dan 7:3 Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:3 And four great beasts were coming up from the sea, different from one another.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:4---- Dan 7:4 Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l' konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l', yo fè l' kanpe tankou yon moun sou pa t' dèyè l' yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:4 The first was like a lion and had the wings of an eagle. I kept looking until its wings were plucked, and it was lifted up from the ground and made to stand on two feet like a man; a human mind also was given to it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:5---- Dan 7:5 Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:5 And behold, another beast, a second one, resembling a bear. And it was raised up on one side, and three ribs were in its mouth between its teeth; and thus they said to it, 'Arise, devour much meat!'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:6---- Dan 7:6 Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:6 After this I kept looking, and behold, another one, like a leopard, which had on its back four wings of a bird; the beast also had four heads, and dominion was given to it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:7---- Dan 7:7 Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:7 After this I kept looking in the night visions, and behold, a fourth beast, dreadful and terrifying and extremely strong; and it had large iron teeth. It devoured and crushed and trampled down the remainder with its feet; and it was different from all the beasts that were before it, and it had ten horns.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:8---- Dan 7:8 Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:8 While I was contemplating the horns, behold, another horn, a little one, came up among them, and three of the first horns were pulled out by the roots before it; and behold, this horn possessed eyes like the eyes of a man and a mouth uttering great boasts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:9---- Dan 7:9 Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:9 "I kept looking Until thrones were set up, And the Ancient of Days took His seat; His vesture was like white snow And the hair of His head like pure wool. His throne was ablaze with flames, Its wheels were a burning fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:10---- Dan 7:10 Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:10 "A river of fire was flowing And coming out from before Him; Thousands upon thousands were attending Him, And myriads upon myriads were standing before Him; The court sat, And the books were opened.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:11---- Dan 7:11 Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:11 Then I kept looking because of the sound of the boastful words which the horn was speaking; I kept looking until the beast was slain, and its body was destroyed and given to the burning fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:12---- Dan 7:12 Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:12 As for the rest of the beasts, their dominion was taken away, but an extension of life was granted to them for an appointed period of time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:13---- Dan 7:13 Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:13 "I kept looking in the night visions, And behold, with the clouds of heaven One like a Son of Man was coming, And He came up to the Ancient of Days And was presented before Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:14---- Dan 7:14 Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:14 "And to Him was given dominion, Glory and a kingdom, That all the peoples, nations and men of every language Might serve Him. His dominion is an everlasting dominion Which will not pass away; And His kingdom is one Which will not be destroyed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:15---- Dan 7:15 Mwen menm Danyèl, lè m' wè tout bagay sa yo, tèt mwen te boulvèse. Vizyon yo te fè m' pè anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:15 "As for me, Daniel, my spirit was distressed within me, and the visions in my mind kept alarming me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:16---- Dan 7:16 Mwen pwoche bò yonn nan moun ki te kanpe la yo, mwen mande l' pou l' fè m' konprann tout bagay sa yo. Se konsa li esplike m' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:16 I approached one of those who were standing by and began asking him the exact meaning of all this. So he told me and made known to me the interpretation of these things:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:17---- Dan 7:17 Li di m' konsa: -Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:17 'These great beasts, which are four in number, are four kings who will arise from the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:18---- Dan 7:18 Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:18 But the saints of the Highest One will receive the kingdom and possess the kingdom forever, for all ages to come.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:19---- Dan 7:19 Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:19 "Then I desired to know the exact meaning of the fourth beast, which was different from all the others, exceedingly dreadful, with its teeth of iron and its claws of bronze, and which devoured, crushed and trampled down the remainder with its feet,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:20---- Dan 7:20 Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:20 and the meaning of the ten horns that were on its head and the other horn which came up, and before which three of them fell, namely, that horn which had eyes and a mouth uttering great boasts and which was larger in appearance than its associates.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:21---- Dan 7:21 Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:21 I kept looking, and that horn was waging war with the saints and overpowering them(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:22---- Dan 7:22 Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:22 until the Ancient of Days came and judgment was passed in favor of the saints of the Highest One, and the time arrived when the saints took possession of the kingdom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:23---- Dan 7:23 Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:23 "Thus he said: 'The fourth beast will be a fourth kingdom on the earth, which will be different from all the other kingdoms and will devour the whole earth and tread it down and crush it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:24---- Dan 7:24 Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:24 As for the ten horns, out of this kingdom ten kings will arise; and another will arise after them, and he will be different from the previous ones and will subdue three kings.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:25---- Dan 7:25 L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:25 He will speak out against the Most High and wear down the saints of the Highest One, and he will intend to make alterations in times and in law; and they will be given into his hand for a time, times, and half a time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:26---- Dan 7:26 Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:26 But the court will sit for judgment, and his dominion will be taken away, annihilated and destroyed forever.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:27---- Dan 7:27 Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:27 Then the sovereignty, the dominion and the greatness of all the kingdoms under the whole heaven will be given to the people of the saints of the Highest One; His kingdom will be an everlasting kingdom, and all the dominions will serve and obey Him.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 7:28---- Dan 7:28 Se tou sa li te rakonte m'. Mwen menm Danyèl, mwen te boulvèse anpil, mwen chanje koulè. Mwen kenbe tout bagay sa yo nan kè m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Dan 7:28 "At this point the revelation ended. As for me, Daniel, my thoughts were greatly alarming me and my face grew pale, but I kept the matter to myself."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Daniel 8:1 ---- written 537 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0857_27_Daniel_07_ht-en.html 0853_27_Daniel_03_ht-en.html 0854_27_Daniel_04_ht-en.html 0855_27_Daniel_05_ht-en.html 0856_27_Daniel_06_ht-en.html 0858_27_Daniel_08_ht-en.html 0859_27_Daniel_09_ht-en.html 0860_27_Daniel_10_ht-en.html 0861_27_Daniel_11_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|