|
================================================================================ ---- Hosea 5:1 ---- written 710 B.C. Pre-Exilic---- Hos 5:1 Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:1 Hear this, O priests! Give heed, O house of Israel! Listen, O house of the king! For the judgment applies to you, For you have been a snare at Mizpah And a net spread out on Tabor.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:2---- Hos 5:2 Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:2 The revolters have gone deep in depravity, But I will chastise all of them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:3---- Hos 5:3 Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:3 I know Ephraim, and Israel is not hidden from Me; For now, O Ephraim, you have played the harlot, Israel has defiled itself.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:4---- Hos 5:4 Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:4 Their deeds will not allow them To return to their God. For a spirit of harlotry is within them, And they do not know the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:5---- Hos 5:5 Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:5 Moreover, the pride of Israel testifies against him, And Israel and Ephraim stumble in their iniquity; Judah also has stumbled with them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:6---- Hos 5:6 Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:6 They will go with their flocks and herds To seek the Lord, but they will not find Him; He has withdrawn from them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:7---- Hos 5:7 Yo pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l'. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:7 They have dealt treacherously against the Lord, For they have borne illegitimate children. Now the new moon will devour them with their land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:8---- Hos 5:8 Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:8 Blow the horn in Gibeah, The trumpet in Ramah. Sound an alarm at Beth-aven: "Behind you, Benjamin!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:9---- Hos 5:9 Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:9 Ephraim will become a desolation in the day of rebuke; Among the tribes of Israel I declare what is sure.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:10---- Hos 5:10 Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:10 The princes of Judah have become like those who move a boundary; On them I will pour out My wrath like water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:11---- Hos 5:11 Moun Efrayim yo ap soufri anba moun k'ap peze yo a. Yo pèdi tè ki pou yo dapre lalwa, paske yo te soti pou yo te swiv moun ki pa gen anyen pou bay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:11 Ephraim is oppressed, crushed in judgment, Because he was determined to follow man's command.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:12---- Hos 5:12 M'ap fini ak moun Efrayim yo, m'ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M'ap disparèt moun peyi Jida yo, m'ap fè yo tounen pouriti.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:12 Therefore I am like a moth to Ephraim And like rottenness to the house of Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:13---- Hos 5:13 Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:13 When Ephraim saw his sickness, And Judah his wound, Then Ephraim went to Assyria And sent to King Jareb. But he is unable to heal you, Or to cure you of your wound.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:14---- Hos 5:14 M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:14 For I will be like a lion to Ephraim And like a young lion to the house of Judah. I, even I, will tear to pieces and go away, I will carry away, and there will be none to deliver.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 5:15---- Hos 5:15 M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Hos 5:15 I will go away and return to My place Until they acknowledge their guilt and seek My face; In their affliction they will earnestly seek Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Hosea 6:1 ---- written 710 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0867_28_Hosea_05_ht-en.html 0863_28_Hosea_01_ht-en.html 0864_28_Hosea_02_ht-en.html 0865_28_Hosea_03_ht-en.html 0866_28_Hosea_04_ht-en.html 0868_28_Hosea_06_ht-en.html 0869_28_Hosea_07_ht-en.html 0870_28_Hosea_08_ht-en.html 0871_28_Hosea_09_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|