|
================================================================================ ---- 2 Samuel 14:1 ---- written 930 B.C. and later---- 2Sa 14:1 Joab, pitit Sewouya a, te konnen wa David te anvi wè Absalon anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:1 Now Joab the son of Zeruiah perceived that the king's heart was inclined toward Absalom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:2---- 2Sa 14:2 Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:2 So Joab sent to Tekoa and brought a wise woman from there and said to her, "Please pretend to be a mourner, and put on mourning garments now, and do not anoint yourself with oil, but be like a woman who has been mourning for the dead many days;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:3---- 2Sa 14:3 Lèfini, ou pral bò kote wa a, w'a di l' tou sa m'a di ou di li. Apre sa, Joab fè bouch li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:3 then go to the king and speak to him in this manner." So Joab put the words in her mouth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:4---- 2Sa 14:4 Fanm lan ale vre bò kot wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: -Tanpri, monwa, fe kichòy pou mwen!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:4 Now when the woman of Tekoa spoke to the king, she fell on her face to the ground and prostrated herself and said, "Help, O king."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:5---- 2Sa 14:5 Wa a mande l': -Kisa ou genyen? Fanm lan reponn li: -Adje, monwa! Se yon pòv vèv mwen ye. Mari m' mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:5 The king said to her, "What is your trouble?" And she answered, "Truly I am a widow, for my husband is dead.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:6---- 2Sa 14:6 Li kite m' ak de pitit gason. Yon jou, yo te nan jaden, yonn gen kont ak lòt, yo goumen. Pa t' gen pesonn la pou separe yo. Yonn ladan yo touye lòt la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:6 Your maidservant had two sons, but the two of them struggled together in the field, and there was no one to separate them, so one struck the other and killed him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:7---- 2Sa 14:7 Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:7 Now behold, the whole family has risen against your maidservant, and they say, 'Hand over the one who struck his brother, that we may put him to death for the life of his brother whom he killed, and destroy the heir also.' Thus they will extinguish my coal which is left, so as to leave my husband neither name nor remnant on the face of the earth."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:8---- 2Sa 14:8 Wa a di madanm lan: -Ou mèt al lakay ou. M'ap okipe sa pou ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:8 Then the king said to the woman, "Go to your house, and I will give orders concerning you."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:9---- 2Sa 14:9 Fanm lavil Tekoa a di wa a konsa: -Monwa, nenpòt kisa w'a deside fè, si pou gen repwòch, y'a repwoche mwen menm ansanm ak fanmi pa m'. Men, ou menm ak gouvènman ou, nou pa reskonsab anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:9 The woman of Tekoa said to the king, "O my lord, the king, the iniquity is on me and my father's house, but the king and his throne are guiltless."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:10---- 2Sa 14:10 Wa a reponn li: -Si yon moun konprann pou li kraponnen ou, mennen l' ban mwen. Li p'ap janm chache ou kont ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:10 So the king said, "Whoever speaks to you, bring him to me, and he will not touch you anymore."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:11---- 2Sa 14:11 Fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou moun nan fanmi an ki reskonsab pou tire revanj lanmò pitit gason m' lan pa fè plis dega toujou, pou l' pa touye lòt pitit gason ki rete m' lan. David reponn li: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, mwen p'ap kite yo manyen yon grenn cheve nan tèt pitit gason ou lan!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:11 Then she said, "Please let the king remember the Lord your God, so that the avenger of blood will not continue to destroy, otherwise they will destroy my son." And he said, "As the Lord lives, not one hair of your son shall fall to the ground."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:12---- 2Sa 14:12 Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:12 Then the woman said, "Please let your maidservant speak a word to my lord the king." And he said, "Speak."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:13---- 2Sa 14:13 Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:13 The woman said, "Why then have you planned such a thing against the people of God? For in speaking this word the king is as one who is guilty, in that the king does not bring back his banished one.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:14---- 2Sa 14:14 Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:14 For we will surely die and are like water spilled on the ground which cannot be gathered up again. Yet God does not take away life, but plans ways so that the banished one will not be cast out from him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:15---- 2Sa 14:15 Monwa, rezon ki fè mwen te vin pale avè ou la, se paske moun yo t'ap fè m' pè. Mwen di nan kè m' mwen pral pale ak wa a. Wa a ka fè sa m'ap mande l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:15 Now the reason I have come to speak this word to my lord the king is that the people have made me afraid; so your maidservant said, 'Let me now speak to the king, perhaps the king will perform the request of his maidservant.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:16---- 2Sa 14:16 Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:16 For the king will hear and deliver his maidservant from the hand of the man who would destroy both me and my son from the inheritance of God.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:17---- 2Sa 14:17 Mwen di ankò pawòl monwa va ban m' kouraj paske wa a se tankou yon zanj Bondye li ye. Li konn rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mwen mande pou Seyè a, Bondye ou la, toujou kanpe la avè ou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:17 Then your maidservant said, 'Please let the word of my lord the king be comforting, for as the angel of God, so is my lord the king to discern good and evil. And may the Lord your God be with you.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:18---- 2Sa 14:18 Wa a di l' konsa: -Mwen pral mande ou kichòy, pa kache m' anyen. Fanm lan reponn: -Monwa, mande m' sa ou vle?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:18 Then the king answered and said to the woman, "Please do not hide anything from me that I am about to ask you." And the woman said, "Let my lord the king please speak."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:19---- 2Sa 14:19 Wa a mande l': -Eske Joab pa nan plan sa a avè ou? Fanm lan reponn li: -Menm jan ou vivan an, monwa, pa gen anyen ki pi sèten pase sa ou di la a. Wi, monwa. Se Joab, chèf lame ou la, ki di m' tou sa pou m' fè ak tou sa pou m' di.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:19 So the king said, "Is the hand of Joab with you in all this?" And the woman replied, "As your soul lives, my lord the king, no one can turn to the right or to the left from anything that my lord the king has spoken. Indeed, it was your servant Joab who commanded me, and it was he who put all these words in the mouth of your maidservant;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:20---- 2Sa 14:20 Men, si li fè l' se paske li vle pou tout bagay sa a regle. Monwa, ou gen bon konprann tankou yon zanj Bondye, ou konnen tou sa ki ap pase nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:20 in order to change the appearance of things your servant Joab has done this thing. But my lord is wise, like the wisdom of the angel of God, to know all that is in the earth."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:21---- 2Sa 14:21 Pita, wa a di Joab konsa: -Mwen pral fè sa ou vle m' fè a. Ale chache jennonm yo rele Absalon an, mennen l' tounen isit la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:21 Then the king said to Joab, "Behold now, I will surely do this thing; go therefore, bring back the young man Absalom."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:22---- 2Sa 14:22 Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: -Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m' vre, paske ou ban mwen sa m' mande ou la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:22 Joab fell on his face to the ground, prostrated himself and blessed the king; then Joab said, "Today your servant knows that I have found favor in your sight, O my lord, the king, in that the king has performed the request of his servant."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:23---- 2Sa 14:23 Joab leve, li ale lavil Gechou, li mennen Absalon tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:23 So Joab arose and went to Geshur and brought Absalom to Jerusalem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:24---- 2Sa 14:24 Men, wa a bay lòd pou Absalon pa vin rete nan palè a, paske li pa vle pou l' parèt devan li. Se konsa Absalon al rete lakay li, li pa janm parèt devan wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:24 However the king said, "Let him turn to his own house, and let him not see my face." So Absalom turned to his own house and did not see the king's face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:25---- 2Sa 14:25 Pa t' gen pi bèl gason nan tout peyi Izrayèl la pase Absalon. Tout moun t'ap di sa. Pran depi nan cheve l' rive nan pwent zòtèy li, li pa t' gen ankenn defo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:25 Now in all Israel was no one as handsome as Absalom, so highly praised; from the sole of his foot to the crown of his head there was no defect in him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:26---- 2Sa 14:26 Li te gen anpil cheve. Li te blije koupe yo chak lanne paske, lè yo te lonje yo te vin twò lou pou li. Lè yo peze cheve yo, yo ka rive peze senk liv dapre sistèm pèz yo sèvi kay wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:26 When he cut the hair of his head (and it was at the end of every year that he cut it, for it was heavy on him so he cut it), he weighed the hair of his head at 200 shekels by the king's weight.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:27---- 2Sa 14:27 Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:27 To Absalom there were born three sons, and one daughter whose name was Tamar; she was a woman of beautiful appearance.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:28---- 2Sa 14:28 Absalon pase dezan lavil Jerizalèm san li pa janm parèt devan wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:28 Now Absalom lived two full years in Jerusalem, and did not see the king's face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:29---- 2Sa 14:29 Apre sa, li voye chache Joab pou mande l' al kote wa a pou li. Men, Joab pa vini. Yon lòt fwa ankò, Absalon voye chache l'. Fwa sa a tou Joab refize vini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:29 Then Absalom sent for Joab, to send him to the king, but he would not come to him. So he sent again a second time, but he would not come.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:30---- 2Sa 14:30 Lè sa a, Absalon di domestik li yo: -Gade! Nou wè jaden Joab ki toupre jaden pa m' lan. Li plante lòj. Enben, al met dife ladan l'. Y' ale, yo mete dife nan jaden Joab la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:30 Therefore he said to his servants, "See, Joab's field is next to mine, and he has barley there; go and set it on fire." So Absalom's servants set the field on fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:31---- 2Sa 14:31 Joab al lakay Absalon, li mande l': -Poukisa moun pa ou yo mete dife nan jaden m' lan?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:31 Then Joab arose, came to Absalom at his house and said to him, "Why have your servants set my field on fire?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:32---- 2Sa 14:32 Absalon reponn li: -Paske ou pa t' vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l' sa m' te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m' te rete laba a. Koulye a, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m' parèt devan wa a. Si m' antò, li mèt touye m'!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:32 Absalom answered Joab, "Behold, I sent for you, saying, 'Come here, that I may send you to the king, to say, "Why have I come from Geshur? It would be better for me still to be there."' Now therefore, let me see the king's face, and if there is iniquity in me, let him put me to death."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 14:33---- 2Sa 14:33 Se konsa Joab al bò kote wa David, li rapòte l' sa Absalon te di l' la. Wa a voye chache Absalon. Absalon vini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa resevwa l', li bo l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 2Sa 14:33 So when Joab came to the king and told him, he called for Absalom. Thus he came to the king and prostrated himself on his face to the ground before the king, and the king kissed Absalom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 2 Samuel 15:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0281_10_2_Samuel_14_ht-en.html 0277_10_2_Samuel_10_ht-en.html 0278_10_2_Samuel_11_ht-en.html 0279_10_2_Samuel_12_ht-en.html 0280_10_2_Samuel_13_ht-en.html 0282_10_2_Samuel_15_ht-en.html 0283_10_2_Samuel_16_ht-en.html 0284_10_2_Samuel_17_ht-en.html 0285_10_2_Samuel_18_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|