|
================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:1 ---- written 450-425 B.C.---- 1Ch 11:1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:1 Then all Israel gathered to David at Hebron and said, "Behold, we are your bone and your flesh.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:2---- 1Ch 11:2 Depi lontan, menm sou rèy wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' ale. Lèfini ankò, Seyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:2 In times past, even when Saul was king, you were the one who led out and brought in Israel; and the Lord your God said to you, 'You shall shepherd My people Israel, and you shall be prince over My people Israel.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:3---- 1Ch 11:3 Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Seyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:3 So all the elders of Israel came to the king at Hebron, and David made a covenant with them in Hebron before the Lord; and they anointed David king over Israel, according to the word of the Lord through Samuel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:4---- 1Ch 11:4 David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:4 Then David and all Israel went to Jerusalem (that is, Jebus); and the Jebusites, the inhabitants of the land, were there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:5---- 1Ch 11:5 Moun Jebis yo te di David: Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Men David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:5 The inhabitants of Jebus said to David, "You shall not enter here." Nevertheless David captured the stronghold of Zion (that is, the city of David).(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:6---- 1Ch 11:6 David pou tèt pa l' te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l' chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l' lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:6 Now David had said, "Whoever strikes down a Jebusite first shall be chief and commander." Joab the son of Zeruiah went up first, so he became chief.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:7---- 1Ch 11:7 Apre sa, David al rete nan fò a. Se poutèt sa yo rele l' lavil David la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:7 Then David dwelt in the stronghold; therefore it was called the city of David.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:8---- 1Ch 11:8 Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Joab menm rebati rès lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:8 He built the city all around, from the Millo even to the surrounding area; and Joab repaired the rest of the city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:9---- 1Ch 11:9 Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:9 David became greater and greater, for the Lord of hosts was with him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:10---- 1Ch 11:10 Men non chèf vanyan sòlda David yo. Se yo ki te soutni gouvènman David la ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou l' te ka wa, jan Seyè a te pwomèt moun Izrayèl yo sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:10 Now these are the heads of the mighty men whom David had, who gave him strong support in his kingdom, together with all Israel, to make him king, according to the word of the Lord concerning Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:11---- 1Ch 11:11 Pou konmanse, te gen Jakobeyam ki soti nan branch fanmi Akmoni an. Se li menm ki te chèf twa pi vanyan yo. Pou kont li, li batay ak twasan moun ak frenn li ase. Li touye yo tout yon sèl kou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:11 These constitute the list of the mighty men whom David had: Jashobeam, the son of a Hachmonite, the chief of the thirty; he lifted up his spear against three hundred whom he killed at one time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:12---- 1Ch 11:12 Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit gason Dodo, pitit yon moun lavil Akwo. Se te yonn nan twa pi vanyan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:12 After him was Eleazar the son of Dodo, the Ahohite, who was one of the three mighty men.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:13---- 1Ch 11:13 Li te avèk David lè David t'ap goumen ak moun Filisti yo nan batay bò Pasdamen an. Li te nan yon jaden lòj lè sòlda pèp Izrayèl yo konmanse kouri devan moun Filisti yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:13 He was with David at Pasdammim when the Philistines were gathered together there to battle, and there was a plot of ground full of barley; and the people fled before the Philistines.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:14---- 1Ch 11:14 Se konsa, li menm ak sòlda li yo, yo tout rete kanpe nan mitan jaden lòj la, yo kenbe tèt ak moun Filisti yo, yo bat yo byen bat, yo kraze yo. Se konsa Seyè a te fè yo genyen batay la sou lènmi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:14 They took their stand in the midst of the plot and defended it, and struck down the Philistines; and the Lord saved them by a great victory.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:15---- 1Ch 11:15 Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup Trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn moun Refayim yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:15 Now three of the thirty chief men went down to the rock to David, into the cave of Adullam, while the army of the Philistines was camping in the valley of Rephaim.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:16---- 1Ch 11:16 Lè sa a, David te nan fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:16 David was then in the stronghold, while the garrison of the Philistines was then in Bethlehem.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:17---- 1Ch 11:17 Yon sèl anvi pran David, li di konsa: -Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:17 David had a craving and said, "Oh that someone would give me water to drink from the well of Bethlehem, which is by the gate!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:18---- 1Ch 11:18 Lamenm twa mesye yo desann, yo fofile kò yo nan mitan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:18 So the three broke through the camp of the Philistines and drew water from the well of Bethlehem which was by the gate, and took it and brought it to David; nevertheless David would not drink it, but poured it out to the Lord;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:19---- 1Ch 11:19 Li di konsa: -Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y' al chache l'. Se konsa, li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan gason sa yo te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:19 and he said, "Be it far from me before my God that I should do this. Shall I drink the blood of these men who went at the risk of their lives? For at the risk of their lives they brought it." Therefore he would not drink it. These things the three mighty men did.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:20---- 1Ch 11:20 Abichayi, frè Joab, te chèf trant vanyan yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant vanyan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:20 As for Abshai the brother of Joab, he was chief of the thirty, and he swung his spear against three hundred and killed them; and he had a name as well as the thirty.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:21---- 1Ch 11:21 Se li menm ki te resevwa plis lwanj nan Trant vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:21 Of the three in the second rank he was the most honored and became their commander; however, he did not attain to the first three.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:22---- 1Ch 11:22 Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo al touye yon lyon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:22 Benaiah the son of Jehoiada, the son of a valiant man of Kabzeel, mighty in deeds, struck down the two sons of Ariel of Moab. He also went down and killed a lion inside a pit on a snowy day.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:23---- 1Ch 11:23 Li touye tou yon moun peyi Lejip, yon gwo potorik gason sèt pye sis pous wotè, ki te gen yon gwo frenn nan men li. Frenn lan te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo mach pilon. Benaja menm al atake li ak yon baton ase. Li wete lans lan nan men moun peyi Lejip la, epi li touye l' avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:23 He killed an Egyptian, a man of great stature five cubits tall. Now in the Egyptian's hand was a spear like a weaver's beam, but he went down to him with a club and snatched the spear from the Egyptian's hand and killed him with his own spear.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:24---- 1Ch 11:24 Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant Vanyan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:24 These things Benaiah the son of Jehoiada did, and had a name as well as the three mighty men.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:25---- 1Ch 11:25 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant Vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' nan gad kò li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:25 Behold, he was honored among the thirty, but he did not attain to the three; and David appointed him over his guard.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:26---- 1Ch 11:26 Men non lòt vanyan sòlda yo: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:26 Now the mighty men of the armies were Asahel the brother of Joab, Elhanan the son of Dodo of Bethlehem,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:27---- 1Ch 11:27 Chamòt, moun lavil Awòd, Elèz, moun lavil Palon,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:27 Shammoth the Harorite, Helez the Pelonite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:28---- 1Ch 11:28 Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, Abyezè, moun lavil Anatòt,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:28 Ira the son of Ikkesh the Tekoite, Abiezer the Anathothite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:29---- 1Ch 11:29 Sibekayi, moun lavil Oucha, Ilayi, moun lavil Awoya,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:29 Sibbecai the Hushathite, Ilai the Ahohite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:30---- 1Ch 11:30 Marayi, moun lavil Netofa, Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Netofa,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:30 Maharai the Netophathite, Heled the son of Baanah the Netophathite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:31---- 1Ch 11:31 Itayi, pitit gason Ribayi, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo, Benaja, moun lavil Piraton,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:31 Ithai the son of Ribai of Gibeah of the sons of Benjamin, Benaiah the Pirathonite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:32---- 1Ch 11:32 Ourayi, moun ravin Gach yo, Abiyèl, moun lavil Araba,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:32 Hurai of the brooks of Gaash, Abiel the Arbathite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:33---- 1Ch 11:33 Azmavèt, moun lavil Baawoum, Elyaba, moun lavil Chalbon,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:33 Azmaveth the Baharumite, Eliahba the Shaalbonite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:34---- 1Ch 11:34 Pitit gason Achèm yo, moun lavil Gizon, Jonatan, pitit gason Chage, moun lavil Ara,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:34 the sons of Hashem the Gizonite, Jonathan the son of Shagee the Hararite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:35---- 1Ch 11:35 Akiyam, pitit gason Saka, moun lavil Ara, Elifal, pitit gason Our,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:35 Ahiam the son of Sacar the Hararite, Eliphal the son of Ur,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:36---- 1Ch 11:36 Efè, moun lavil Mekera, Akija, moun lavil Palon,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:36 Hepher the Mecherathite, Ahijah the Pelonite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:37---- 1Ch 11:37 Ezwo, moun lavil Kamèl, Narayi, pitit gason Esbayi,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:37 Hezro the Carmelite, Naarai the son of Ezbai,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:38---- 1Ch 11:38 Joèl, frè Natan an, Mibka, pitit gason Agri,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:38 Joel the brother of Nathan, Mibhar the son of Hagri,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:39---- 1Ch 11:39 Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt. Se li menm ki te pote zam Joab, pitit gason Sewouya a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:39 Zelek the Ammonite, Naharai the Berothite, the armor bearer of Joab the son of Zeruiah,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:40---- 1Ch 11:40 Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:40 Ira the Ithrite, Gareb the Ithrite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:41---- 1Ch 11:41 Ouri, moun lavil Et la, Zabad, pitit Aklayi,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:41 Uriah the Hittite, Zabad the son of Ahlai,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:42---- 1Ch 11:42 Adina, pitit Siza, yon chèf nan branch fanmi Woubenn lan, ak yon gwoup trant moun avè l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:42 Adina the son of Shiza the Reubenite, a chief of the Reubenites, and thirty with him,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:43---- 1Ch 11:43 Anan, pitit gason Maka, Jozafa, moun lavil Mitni,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:43 Hanan the son of Maacah and Joshaphat the Mithnite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:44---- 1Ch 11:44 Ouzya, moun lavil Astawòt, Sama ak Jeyèl, pitit gason Otam, moun lavil Awoyè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:44 Uzzia the Ashterathite, Shama and Jeiel the sons of Hotham the Aroerite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:45---- 1Ch 11:45 Jedyayèl ak Joa, frè li, tou de pitit gason Chimri, moun lavil Tiz.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:45 Jediael the son of Shimri and Joha his brother, the Tizite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:46---- 1Ch 11:46 Eliyèl, moun lavil Manayim, Jeribayi ak Josavya, pitit gason Elnam, Jitma, moun lavil Moab,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:46 Eliel the Mahavite and Jeribai and Joshaviah, the sons of Elnaam, and Ithmah the Moabite,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 11:47---- 1Ch 11:47 Eliyèl, Obèd ak Jasiyèl, moun lavil Soba.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Ch 11:47 Eliel and Obed and Jaasiel the Mezobaite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Chronicles 12:1 ---- written 450-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0349_13_1_Chronicles_11_ht-en.html 0345_13_1_Chronicles_07_ht-en.html 0346_13_1_Chronicles_08_ht-en.html 0347_13_1_Chronicles_09_ht-en.html 0348_13_1_Chronicles_10_ht-en.html 0350_13_1_Chronicles_12_ht-en.html 0351_13_1_Chronicles_13_ht-en.html 0352_13_1_Chronicles_14_ht-en.html 0353_13_1_Chronicles_15_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|