Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Est 1:22 So he sent letters to all the king's provinces, to each province according to its script and to every people according to their language, that every man should be the master in his own house and the one who speaks in the language of his own people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:1 ---- written 465 B.C.----
Est 2:1 Apre sa, lè kolè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:1 After these things when the anger of King Ahasuerus had subsided, he remembered Vashti and what she had done and what had been decreed against her.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:2----
Est 2:2 Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l': -Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:2 Then the king's attendants, who served him, said, "Let beautiful young virgins be sought for the king.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:3----
Est 2:3 Nan tout pwovens peyi ou la, wa chwazi kèk enspekte ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. Wa mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:3 Let the king appoint overseers in all the provinces of his kingdom that they may gather every beautiful young virgin to the citadel of Susa, to the harem, into the custody of Hegai, the king's eunuch, who is in charge of the women; and let their cosmetics be given them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:4----
Est 2:4 Lèfini, jenn fi ki va fè ou plezi plis la wa mete l' larenn nan plas Vachti a. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:4 Then let the young lady who pleases the king be queen in place of Vashti." And the matter pleased the king, and he did accordingly.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:5----
Est 2:5 Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te soti nan fanmi Kich ak Chimeyi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:5 Now there was at the citadel in Susa a Jew whose name was Mordecai, the son of Jair, the son of Shimei, the son of Kish, a Benjamite,(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:6----
Est 2:6 Lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l' te depòte yo, Madoche te ladan l' tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:6 who had been taken into exile from Jerusalem with the captives who had been exiled with Jeconiah king of Judah, whom Nebuchadnezzar the king of Babylon had exiled.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:7----
Est 2:7 Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l' ak manman l' mouri, Madoche te pran l' lakay li, li leve l' tankou pwòp pitit fi li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:7 He was bringing up Hadassah, that is Esther, his uncle's daughter, for she had no father or mother. Now the young lady was beautiful of form and face, and when her father and her mother died, Mordecai took her as his own daughter.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:8----
Est 2:8 Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:8 So it came about when the command and decree of the king were heard and many young ladies were gathered to the citadel of Susa into the custody of Hegai, that Esther was taken to the king's palace into the custody of Hegai, who was in charge of the women.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:9----
Est 2:9 Estè te fè Egayi plezi anpil. San l' te ale avè l'. Li pa pèdi tan li, li ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l' bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt bòn lakay wa a, li bay Estè pou sèvis pa l', epi li mete l' nan pi bon apatman ki te genyen nan kay madanm wa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:9 Now the young lady pleased him and found favor with him. So he quickly provided her with her cosmetics and food, gave her seven choice maids from the king's palace and transferred her and her maids to the best place in the harem.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:10----
Est 2:10 Estè pa t' kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l' pa t' di anyen sou sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:10 Esther did not make known her people or her kindred, for Mordecai had instructed her that she should not make them known.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:11----
Est 2:11 Chak jou, Madoche bò pa l' menm t'ap pwonmennen devan lakou kay medam yo pou l' te konnen jan Estè t'ap degaje l', ki jan sa tapral pase pou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:11 Every day Mordecai walked back and forth in front of the court of the harem to learn how Esther was and how she fared.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:12----
Est 2:12 Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madan marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:12 Now when the turn of each young lady came to go in to King Ahasuerus, after the end of her twelve months under the regulations for the women--for the days of their beautification were completed as follows: six months with oil of myrrh and six months with spices and the cosmetics for women--(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:13----
Est 2:13 Men ki jan sa te fèt: lè yon jenn fi ap kite kay medam yo pou ale kay wa a, yo ba li tou sa li te vle mete sou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:13 the young lady would go in to the king in this way: anything that she desired was given her to take with her from the harem to the king's palace.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:14----
Est 2:14 Se yon jou swa yo toujou mennen l'. Nan maten, yo fè l' ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou fanm kay li yo. Yo renmèt li nan men Chagaz ki te reskonsab kay sa a. Jenn fi a pa t' gen pou l' te tounen kay wa a ankò, esepte si wa a te vle. Lè konsa, se wa a ki pou bay non fi li vle a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:14 In the evening she would go in and in the morning she would return to the second harem, to the custody of Shaashgaz, the king's eunuch who was in charge of the concubines. She would not again go in to the king unless the king delighted in her and she was summoned by name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:15----
Est 2:15 Jou pou Estè ale kay wa a rive. Estè, pitit fi Abikayil la, kouzin Madoche te pran pou pitit fi li a, leve, li pa mande anyen pase sa Egayi, domestik konfyans wa a ki te reskonsab jenn fi yo, te ba li konsèy mande pou mete sou li. Tout moun tonbe pou Estè lè yo wè l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:15 Now when the turn of Esther, the daughter of Abihail the uncle of Mordecai who had taken her as his daughter, came to go in to the king, she did not request anything except what Hegai, the king's eunuch who was in charge of the women, advised. And Esther found favor in the eyes of all who saw her.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:16----
Est 2:16 Se konsa, Asyeris t'ap mache sou sètan depi li te wa, nan dizyèm mwa, mwa yo rele Tebèt la, lè yo mennen Estè devan wa a lakay li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:16 So Esther was taken to King Ahasuerus to his royal palace in the tenth month which is the month Tebeth, in the seventh year of his reign.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:17----
Est 2:17 Wa a tonbe pou Estè plis pase pou tout lòt fanm li te janm konnen. Estè te rive fè wa a plezi plis pase tout lòt jenn fi yo. Wa a renmen l' plis pase lòt yo. Li mete kouwòn li a sou tèt Estè, li nonmen l' larenn nan plas Vachti a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:17 The king loved Esther more than all the women, and she found favor and kindness with him more than all the virgins, so that he set the royal crown on her head and made her queen instead of Vashti.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:18----
Est 2:18 Lèfini, li voye envite tout chèf li yo ak moun pa l' yo, li fè yon gwo resepsyon pou Estè. Li bay yon jou vakans nan tout peyi a nèt. Apre sa, li bay kado adwat agoch jan wa yo konn fè l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:18 Then the king gave a great banquet, Esther's banquet, for all his princes and his servants; he also made a holiday for the provinces and gave gifts according to the king's bounty.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:19----
Est 2:19 Pandan tout tan yo t'ap mennen jenn fi yo bay wa a, Madoche te chita bò pòtay palè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:19 When the virgins were gathered together the second time, then Mordecai was sitting at the king's gate.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:20----
Est 2:20 Estè menm pa t' kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye. Madoche te ba li lòd pa di anyen sou sa. Estè te obeyi l' jan li te toujou obeyi l' lè li te timoun lakay li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:20 Esther had not yet made known her kindred or her people, even as Mordecai had commanded her; for Esther did what Mordecai told her as she had done when under his care.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:21----
Est 2:21 Antan Madoche te chita bò pòtay la, de domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, fache sou wa a, yo fè konplo pou yo touye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:21 In those days, while Mordecai was sitting at the king's gate, Bigthan and Teresh, two of the king's officials from those who guarded the door, became angry and sought to lay hands on King Ahasuerus.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:22----
Est 2:22 Madoche vin konn sa. Li di larenn Estè sa. Larenn Estè menm al di wa a men sa Madoche voye di l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:22 But the plot became known to Mordecai and he told Queen Esther, and Esther informed the king in Mordecai's name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 2:23----
Est 2:23 Yo mennen ankèt, yo jwenn sa Madoche te di a se te vre. Yo pann de mesye yo. Lèfini, wa a bay lòd pou yo ekri koze a nan gwo liv achiv gouvènman yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Est 2:23 Now when the plot was investigated and found to be so, they were both hanged on a gallows; and it was written in the Book of the Chronicles in the king's presence.(NASB-1995)

================================================================================
---- Esther 3:1 ---- written 465 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0428_17_Esther_02_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0424_16_Nehemiah_11_ht-en.html
0425_16_Nehemiah_12_ht-en.html
0426_16_Nehemiah_13_ht-en.html
0427_17_Esther_01_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0429_17_Esther_03_ht-en.html
0430_17_Esther_04_ht-en.html
0431_17_Esther_05_ht-en.html
0432_17_Esther_06_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."