Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Isa 9:21 Manasseh devours Ephraim, and Ephraim Manasseh, And together they are against Judah. In spite of all this, His anger does not turn away And His hand is still stretched out.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----
Isa 10:1 Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:1 Woe to those who enact evil statutes And to those who constantly record unjust decisions,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:2----
Isa 10:2 Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:2 So as to deprive the needy of justice And rob the poor of My people of their rights, So that widows may be their spoil And that they may plunder the orphans.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:3----
Isa 10:3 Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:3 Now what will you do in the day of punishment, And in the devastation which will come from afar? To whom will you flee for help? And where will you leave your wealth?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:4----
Isa 10:4 Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:4 Nothing remains but to crouch among the captives Or fall among the slain. In spite of all this, His anger does not turn away And His hand is still stretched out.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:5----
Isa 10:5 Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:5 Woe to Assyria, the rod of My anger And the staff in whose hands is My indignation,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:6----
Isa 10:6 Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:6 I send it against a godless nation And commission it against the people of My fury To capture booty and to seize plunder, And to trample them down like mud in the streets.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:7----
Isa 10:7 Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:7 Yet it does not so intend, Nor does it plan so in its heart, But rather it is its purpose to destroy And to cut off many nations.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:8----
Isa 10:8 Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:8 For it says, "Are not my princes all kings?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:9----
Isa 10:9 Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:9 "Is not Calno like Carchemish, Or Hamath like Arpad, Or Samaria like Damascus?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:10----
Isa 10:10 Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:10 "As my hand has reached to the kingdoms of the idols, Whose graven images were greater than those of Jerusalem and Samaria,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:11----
Isa 10:11 menm jan nou wè mwen te aji ak Samari ak zidòl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalèm ak pòtre l'ap adore yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:11 Shall I not do to Jerusalem and her images Just as I have done to Samaria and her idols?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:12----
Isa 10:12 Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:12 So it will be that when the Lord has completed all His work on Mount Zion and on Jerusalem, He will say, "I will punish the fruit of the arrogant heart of the king of Assyria and the pomp of his haughtiness."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:13----
Isa 10:13 Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:13 For he has said, "By the power of my hand and by my wisdom I did this, For I have understanding; And I removed the boundaries of the peoples And plundered their treasures, And like a mighty man I brought down their inhabitants,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:14----
Isa 10:14 Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:14 And my hand reached to the riches of the peoples like a nest, And as one gathers abandoned eggs, I gathered all the earth; And there was not one that flapped its wing or opened its beak or chirped."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:15----
Isa 10:15 Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:15 Is the axe to boast itself over the one who chops with it? Is the saw to exalt itself over the one who wields it? That would be like a club wielding those who lift it, Or like a rod lifting him who is not wood.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:16----
Isa 10:16 Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:16 Therefore the Lord, the God of hosts, will send a wasting disease among his stout warriors; And under his glory a fire will be kindled like a burning flame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:17----
Isa 10:17 Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:17 And the light of Israel will become a fire and his Holy One a flame, And it will burn and devour his thorns and his briars in a single day.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:18----
Isa 10:18 Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:18 And He will destroy the glory of his forest and of his fruitful garden, both soul and body, And it will be as when a sick man wastes away.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:19----
Isa 10:19 P'ap rete anpil pyebwa nan rak li yo ankò. Nenpòt timoun piti ka konte ti rès la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:19 And the rest of the trees of his forest will be so small in number That a child could write them down.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:20----
Isa 10:20 Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:20 Now in that day the remnant of Israel, and those of the house of Jacob who have escaped, will never again rely on the one who struck them, but will truly rely on the Lord, the Holy One of Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:21----
Isa 10:21 Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:21 A remnant will return, the remnant of Jacob, to the mighty God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:22----
Isa 10:22 Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:22 For though your people, O Israel, may be like the sand of the sea, Only a remnant within them will return; A destruction is determined, overflowing with righteousness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:23----
Isa 10:23 Wi, Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fè l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:23 For a complete destruction, one that is decreed, the Lord God of hosts will execute in the midst of the whole land.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:24----
Isa 10:24 Se poutèt sa, Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:24 Therefore thus says the Lord God of hosts, "O My people who dwell in Zion, do not fear the Assyrian who strikes you with the rod and lifts up his staff against you, the way Egypt did.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:25----
Isa 10:25 Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:25 For in a very little while My indignation against you will be spent and My anger will be directed to their destruction."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:26----
Isa 10:26 Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:26 The Lord of hosts will arouse a scourge against him like the slaughter of Midian at the rock of Oreb; and His staff will be over the sea and He will lift it up the way He did in Egypt.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:27----
Isa 10:27 Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:27 So it will be in that day, that his burden will be removed from your shoulders and his yoke from your neck, and the yoke will be broken because of fatness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:28----
Isa 10:28 Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:28 He has come against Aiath, He has passed through Migron; At Michmash he deposited his baggage.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:29----
Isa 10:29 Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:29 They have gone through the pass, saying, "Geba will be our lodging place." Ramah is terrified, and Gibeah of Saul has fled away.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:30----
Isa 10:30 Nou menm moun lavil Gatim, pete rele! Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou! Nou menm moun lavil Anatòt, nou nan ka!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:30 Cry aloud with your voice, O daughter of Gallim! Pay attention, Laishah and wretched Anathoth!(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:31----
Isa 10:31 Moun lavil Madmena yo chape kò yo. Moun lavil Gebim yo al kache.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:31 Madmenah has fled. The inhabitants of Gebim have sought refuge.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:32----
Isa 10:32 Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:32 Yet today he will halt at Nob; He shakes his fist at the mountain of the daughter of Zion, the hill of Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:33----
Isa 10:33 Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:33 Behold, the Lord, the God of hosts, will lop off the boughs with a terrible crash; Those also who are tall in stature will be cut down And those who are lofty will be abased.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 10:34----
Isa 10:34 L'ap koupe yo tankou lè y'ap mete rach nan gwo pyebwa nan rak. Bèl pyebwa ki sou mòn Liban yo pral kouche plat atè!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 10:34 He will cut down the thickets of the forest with an iron axe, And Lebanon will fall by the Mighty One.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 11:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0689_23_Isaiah_10_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0685_23_Isaiah_06_ht-en.html
0686_23_Isaiah_07_ht-en.html
0687_23_Isaiah_08_ht-en.html
0688_23_Isaiah_09_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0690_23_Isaiah_11_ht-en.html
0691_23_Isaiah_12_ht-en.html
0692_23_Isaiah_13_ht-en.html
0693_23_Isaiah_14_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."