|
================================================================================ ---- Isaiah 28:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 28:1 Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:1 Woe to the proud crown of the drunkards of Ephraim, And to the fading flower of its glorious beauty, Which is at the head of the fertile valley Of those who are overcome with wine!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:2---- Isa 28:2 Seyè a gen yon moun ki gen fòs, yon moun ki gen pouvwa pou fè travay la pou li. L'ap vini tankou yon gwo lapli k'ap tonbe fòs avès, k'ap fè dlo moute anvayi toupatou. L'ap pran tout bagay nan men l', l'ap leve yo. l'ap fese yo atè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:2 Behold, the Lord has a strong and mighty agent; As a storm of hail, a tempest of destruction, Like a storm of mighty overflowing waters, He has cast it down to the earth with His hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:3---- Isa 28:3 Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògmann yo, chèf peyi Efrayim yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:3 The proud crown of the drunkards of Ephraim is trodden under foot.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:4---- Isa 28:4 Bèl kapital chèf sa yo pral fini kraze sou tèt mòn kote l'ap donminen sou bon venn tè ki nan fon an. Enben, yo pral disparèt tankou premye fig frans mi ki parèt nan sezon an. Wè yon moun wè l', l'ap pran l', l'ap manje l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:4 And the fading flower of its glorious beauty, Which is at the head of the fertile valley, Will be like the first-ripe fig prior to summer, Which one sees, And as soon as it is in his hand, He swallows it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:5---- Isa 28:5 Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pral tankou yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki pa mouri yo, yon bèl kouwòn dyaman pou sa ki chape yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:5 In that day the Lord of hosts will become a beautiful crown And a glorious diadem to the remnant of His people;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:6---- Isa 28:6 L'a fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:6 A spirit of justice for him who sits in judgment, A strength to those who repel the onslaught at the gate.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:7---- Isa 28:7 Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:7 And these also reel with wine and stagger from strong drink: The priest and the prophet reel with strong drink, They are confused by wine, they stagger from strong drink; They reel while having visions, They totter when rendering judgment.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:8---- Isa 28:8 Yo vonmi sal tout tab kote yo chita a. Pa gen yon ti kote ki pa sal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:8 For all the tables are full of filthy vomit, without a single clean place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:9---- Isa 28:9 Y'ap pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l' konnen an? Gen lè se pou timoun ki fèk sevre, timoun ki fèk kite tete?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:9 "To whom would He teach knowledge, And to whom would He interpret the message? Those just weaned from milk? Those just taken from the breast?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:10---- Isa 28:10 Tankou pwofesè lekòl, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:10 "For He says, 'Order on order, order on order, Line on line, line on line, A little here, a little there.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:11---- Isa 28:11 Si yo pa koute m', Bondye pral voye yon bann moun k'ap pale yon lòt lang yo p'ap konprann menm pou pale ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:11 Indeed, He will speak to this people Through stammering lips and a foreign tongue,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:12---- Isa 28:12 Se li menm ki te ban nou yon kote pou n' poze kò nou, yon peyi kote tout moun ki bouke ka jwenn kanpo, yon peyi kote moun ka viv ak kè poze, men nou derefize koute.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:12 He who said to them, "Here is rest, give rest to the weary," And, "Here is repose," but they would not listen.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:13---- Isa 28:13 Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:13 So the word of the Lord to them will be, "Order on order, order on order, Line on line, line on line, A little here, a little there," That they may go and stumble backward, be broken, snared and taken captive.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:14---- Isa 28:14 Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Seyè a di nou:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:14 Therefore, hear the word of the Lord, O scoffers, Who rule this people who are in Jerusalem,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:15---- Isa 28:15 -N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:15 Because you have said, "We have made a covenant with death, And with Sheol we have made a pact. The overwhelming scourge will not reach us when it passes by, For we have made falsehood our refuge and we have concealed ourselves with deception."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:16---- Isa 28:16 Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:16 Therefore thus says the Lord God, "Behold, I am laying in Zion a stone, a tested stone, A costly cornerstone for the foundation, firmly placed. He who believes in it will not be disturbed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:17---- Isa 28:17 Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seriozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l' nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:17 "I will make justice the measuring line And righteousness the level; Then hail will sweep away the refuge of lies And the waters will overflow the secret place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:18---- Isa 28:18 Li pral kraze kontra nou te pase avèk lanmò a. Li pral chire papye nou te siyen avèk chèf peyi kote mò yo ye a. Lè malè a vini, l'a kraze nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:18 "Your covenant with death will be canceled, And your pact with Sheol will not stand; When the overwhelming scourge passes through, Then you become its trampling place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:19---- Isa 28:19 Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n' sipòte l' lajounen kou lannwit. Chak mesaj Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:19 "As often as it passes through, it will seize you; For morning after morning it will pass through, anytime during the day or night, And it will be sheer terror to understand what it means."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:20---- Isa 28:20 Jan pawòl la di a, n'ap tankou moun k'ap chache kouche sou yon kabann twò kout pou yo, anba yon lenn ki manke lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:20 The bed is too short on which to stretch out, And the blanket is too small to wrap oneself in.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:21---- Isa 28:21 Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:21 For the Lord will rise up as at Mount Perazim, He will be stirred up as in the valley of Gibeon, To do His task, His unusual task, And to work His work, His extraordinary work.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:22---- Isa 28:22 Koulye a, piga nou pase pawòl mwen yo nan betiz pou yo pa mare nou nan kòd pi rèd toujou. Paske, Seyè ki gen tout pouvwa a fè m' konnen li fin pran desizyon l' pou l' detwi tout peyi a. Li p'ap chanje lide.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:22 And now do not carry on as scoffers, Or your fetters will be made stronger; For I have heard from the Lord God of hosts Of decisive destruction on all the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:23---- Isa 28:23 Pare zòrèy nou! Tande sa m'ap di nou! Koute byen pawòl k'ap soti nan bouch mwen!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:23 Give ear and hear my voice, Listen and hear my words.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:24---- Isa 28:24 Yon moun k'ap travay tè p'ap janm pase tout tan l' ap raboure, ap kraze bit, ap pare tè pou plante.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:24 Does the farmer plow continually to plant seed? Does he continually turn and harrow the ground?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:25---- Isa 28:25 Rive yon lè, lè li fin bat tè a, l'ap simen grenn tankou lanni ak kannèl. Apre sa, l'ap plante ble, pitimi ak lòj. Lèfini, sou lizyè jaden an li gen dwa simen lòt grenn tankou pwa chouk.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:25 Does he not level its surface And sow dill and scatter cummin And plant wheat in rows, Barley in its place and rye within its area?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:26---- Isa 28:26 Li konn sa pou l' fè, paske se Bondye menm ki moutre l' sa pou l' fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:26 For his God instructs and teaches him properly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:27---- Isa 28:27 Yo pa janm sèvi ak woulo pou degrennen lanni osinon kannèl. Men, se avèk yon bout bwa yo bat pitimi ak pwa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:27 For dill is not threshed with a threshing sledge, Nor is the cartwheel driven over cummin; But dill is beaten out with a rod, and cummin with a club.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:28---- Isa 28:28 Lè y'ap bat ble a pou degrennen l', yo pa bat li san rete. Yo konnen jan pou yo fè woulo a pase sou ble a san yo pa kraze grenn yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:28 Grain for bread is crushed, Indeed, he does not continue to thresh it forever. Because the wheel of his cart and his horses eventually damage it, He does not thresh it longer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 28:29---- Isa 28:29 Tout konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li soti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 28:29 This also comes from the Lord of hosts, Who has made His counsel wonderful and His wisdom great.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 29:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0707_23_Isaiah_28_ht-en.html 0703_23_Isaiah_24_ht-en.html 0704_23_Isaiah_25_ht-en.html 0705_23_Isaiah_26_ht-en.html 0706_23_Isaiah_27_ht-en.html 0708_23_Isaiah_29_ht-en.html 0709_23_Isaiah_30_ht-en.html 0710_23_Isaiah_31_ht-en.html 0711_23_Isaiah_32_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|