Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Isa 43:28 "So I will pollute the princes of the sanctuary, And I will consign Jacob to the ban and Israel to revilement.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----
Isa 44:1 Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:1 "But now listen, O Jacob, My servant, And Israel, whom I have chosen:(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:2----
Isa 44:2 Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:2 Thus says the Lord who made you And formed you from the womb, who will help you, 'Do not fear, O Jacob My servant; And you Jeshurun whom I have chosen.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:3----
Isa 44:3 M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:3 'For I will pour out water on the thirsty land And streams on the dry ground; I will pour out My Spirit on your offspring And My blessing on your descendants;(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:4----
Isa 44:4 Yo pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli, tankou banbou bò larivyè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:4 And they will spring up among the grass Like poplars by streams of water.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:5----
Isa 44:5 Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:5 "This one will say, 'I am the Lord's'; And that one will call on the name of Jacob; And another will write on his hand, 'Belonging to the Lord, 'And will name Israel's name with honor.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:6----
Isa 44:6 Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:6 "Thus says the Lord, the King of Israel and his Redeemer, the Lord of hosts: 'I am the first and I am the last, And there is no God besides Me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:7----
Isa 44:7 Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:7 'Who is like Me? Let him proclaim and declare it; Yes, let him recount it to Me in order, From the time that I established the ancient nation. And let them declare to them the things that are coming And the events that are going to take place.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:8----
Isa 44:8 Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:8 'Do not tremble and do not be afraid; Have I not long since announced it to you and declared it? And you are My witnesses. Is there any God besides Me, Or is there any other Rock? I know of none.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:9----
Isa 44:9 Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:9 Those who fashion a graven image are all of them futile, and their precious things are of no profit; even their own witnesses fail to see or know, so that they will be put to shame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:10----
Isa 44:10 Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:10 Who has fashioned a god or cast an idol to no profit?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:11----
Isa 44:11 Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:11 Behold, all his companions will be put to shame, for the craftsmen themselves are mere men. Let them all assemble themselves, let them stand up, let them tremble, let them together be put to shame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:12----
Isa 44:12 Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:12 The man shapes iron into a cutting tool and does his work over the coals, fashioning it with hammers and working it with his strong arm. He also gets hungry and his strength fails; he drinks no water and becomes weary.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:13----
Isa 44:13 Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:13 Another shapes wood, he extends a measuring line; he outlines it with red chalk. He works it with planes and outlines it with a compass, and makes it like the form of a man, like the beauty of man, so that it may sit in a house.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:14----
Isa 44:14 Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l' grandi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:14 Surely he cuts cedars for himself, and takes a cypress or an oak and raises it for himself among the trees of the forest. He plants a fir, and the rain makes it grow.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:15----
Isa 44:15 Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:15 Then it becomes something for a man to burn, so he takes one of them and warms himself; he also makes a fire to bake bread. He also makes a god and worships it; he makes it a graven image and falls down before it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:16----
Isa 44:16 Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:16 Half of it he burns in the fire; over this half he eats meat as he roasts a roast and is satisfied. He also warms himself and says, "Aha! I am warm, I have seen the fire."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:17----
Isa 44:17 Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:17 But the rest of it he makes into a god, his graven image. He falls down before it and worships; he also prays to it and says, "Deliver me, for you are my god."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:18----
Isa 44:18 Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:18 They do not know, nor do they understand, for He has smeared over their eyes so that they cannot see and their hearts so that they cannot comprehend.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:19----
Isa 44:19 Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:19 No one recalls, nor is there knowledge or understanding to say, "I have burned half of it in the fire and also have baked bread over its coals. I roast meat and eat it. Then I make the rest of it into an abomination, I fall down before a block of wood!"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:20----
Isa 44:20 Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:20 He feeds on ashes; a deceived heart has turned him aside. And he cannot deliver himself, nor say, "Is there not a lie in my right hand?"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:21----
Isa 44:21 Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:21 "Remember these things, O Jacob, And Israel, for you are My servant; I have formed you, you are My servant, O Israel, you will not be forgotten by Me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:22----
Isa 44:22 Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:22 "I have wiped out your transgressions like a thick cloud And your sins like a heavy mist. Return to Me, for I have redeemed you."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:23----
Isa 44:23 Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:23 Shout for joy, O heavens, for the Lord has done it! Shout joyfully, you lower parts of the earth; Break forth into a shout of joy, you mountains, O forest, and every tree in it; For the Lord has redeemed Jacob And in Israel He shows forth His glory.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:24----
Isa 44:24 Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:24 Thus says the Lord, your Redeemer, and the one who formed you from the womb, "I, the Lord, am the maker of all things, Stretching out the heavens by Myself And spreading out the earth all alone,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:25----
Isa 44:25 Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:25 Causing the omens of boasters to fail, Making fools out of diviners, Causing wise men to draw back And turning their knowledge into foolishness,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:26----
Isa 44:26 Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:26 Confirming the word of His servant And performing the purpose of His messengers. It is I who says of Jerusalem, 'She shall be inhabited!' And of the cities of Judah, 'They shall be built.' And I will raise up her ruins again.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:27----
Isa 44:27 Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:27 "It is I who says to the depth of the sea, 'Be dried up!' And I will make your rivers dry.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 44:28----
Isa 44:28 Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 44:28 "It is I who says of Cyrus, 'He is My shepherd! And he will perform all My desire.'And he declares of Jerusalem, 'She will be built, 'And of the temple, 'Your foundation will be laid.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0723_23_Isaiah_44_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0719_23_Isaiah_40_ht-en.html
0720_23_Isaiah_41_ht-en.html
0721_23_Isaiah_42_ht-en.html
0722_23_Isaiah_43_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0724_23_Isaiah_45_ht-en.html
0725_23_Isaiah_46_ht-en.html
0726_23_Isaiah_47_ht-en.html
0727_23_Isaiah_48_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."